Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yo te fè deklarasyon pwofèt osijè bagay k’ap
vini yo pou nou, se poutèt sa, se pou nou veye sou tandans nou, se pou nou espere
yon fason kòrèk nèt”.
PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 10-16
Nou menm mwen renmen anpil la:
Osijè delivrans nanm yo, pwofèt yo te fouye, yo te chèche fon, yo menm
ki te fè deklarasyon davans sou favè ki t’ap vini pou nou an, yo t’ap fouye fon
pou yo konnen ki tan ak ki kalite fason Lespri Jezikri ki nan yo a t’ap pale,
lè l’ t’ap anonse davans soufrans ak bèlte ki t’ap rive nan Jezikri a; yo te
anonse yo se pa t’ pou yo menm men se pou nou menm yo t’ap sèvi bagay sa yo yo
anonse nou koulye a, pa lentèmedyè sila yo k’ap preche nou levanjil la, pa pouvwa
Lespri Sen an yo voye sot nan syèl la, li menm mesaje yo panche devan l’ nan.
Se poutèt sa, se pou nou mare ren lespri nou, se pou nou veye sou move
tandans nou, se pou nou espere yon fason ki kòrèk nèt nan favè sa a yo ofri nou
an osijè revelasyon Jezikri a; tankou pitit ki obeyisan, ki pa pran modèl sou
sa nou te konn anvi lontan an lè nou pa t’ gen konesans la, men daprè sila a ki
rele nou an, Sila a ki Sen an, se pou nou menm tou nou vin sen nan tout konduit
nou, paske men sa k’ ekri: «Se pou nou sen, paske mwen menm mwen sen».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
97. 1. 2-3ab. 3c-4
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt
la, poutèt mèvèy li fè.
Bèlte delivrans la sòt nan men dwat
li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a devan
fas nasyon yo li devwale jistis li a.
Li sonje kè sansib li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“N’ap resevwa san fwa plis nan tan sa a avèk pèsekisyon,
epi lavi ki p’ap janm fini an nan syèk k’ap vini an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10. 28 31
Lè sa a:
Pyè kòmanse di Jezi: «Men nou kite tout bagay epi nou suiv ou».
Jezi pran lapawòl, li di: «An verite mwen di nou, p’ap gen pèsòn k’ap
kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit, oubyen
jaden, poutèt mwen ak poutèt levanjil la, ki p’ap jwenn san fwa plis depi koulye
a nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk pèsekisyon, epi nan
tan k’ap vini an lavi ki p’ap janm fini an.
Men anpil premye ap vin dènye, epi dènye yo ap vin premye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Granmèt la di: “Se pou nou sen, paske mwen menm mwen sen”.
Men nou ka poze tèt nou kesyon: Kijan nou ka vin sen tankou Granmèt la? Nan
kòmansman premye lekti a, otè a montre nou kijan pwofèt yo te travay pou anonse
bèlte ak soufrans Jezikri a, men otè a pran swen pou li ajoute: «pwofèt yo t’ap
anonse soufrans ak bèlte ki t’ap rive a nan Jezikri a, yo te anonse yo se pa t’
pou yo menm men se pou nou menm yo t’ap sèvi bagay sa yo ». Sa fè nou konprann,
travay pou wayòm Granmèt la rive a, sa vle di pou nou ka rive sen an, sa dwe
yon misyon pou nou tout kòm batize. Yon misyon ki kote n’ap travay pou ede lòt
yo jwenn chemen Granmèt la. Nou te kapab di sentete Granmèt la vle pou nou an,
envite nou panse ak lòt yo. Se kòm si pawòl la te di nou, pa gen moun ki pa dwe
sen, se pou nou tout vin sen. Se yon travay tèt ansanm. Men se pa toujou fasil.
Menm tèks la mete nou an gad. Li mande « pou nou mare ren lespri nou, se pou
nou veye sou move tandans nou, se pou nou espere… ». Se yon travay ki depann
de nou ; men an menm tan nou dwe konprann nou pa ka fè anyen san konkou
Lespri Sen an. Se sa ki fè fòk nou « obeyisan tankou Jezikri ».
Modèl la, se Jezi. Se pou nou swiv tras li. Men swiv Jezi mande pou nou kite
tout bagay menm Jan Levanjil la di nou an. Se pou nou kite « kay,
frè, sè, papa, manman, pitit, jaden ». Se yon fason ke Jezi di nou pou nou
divòse ak tout zidòl, sa ki ka anpeche nou vin sen menm jan ke li menm li sen
an. Li asire nou ke nou genyen pou nou resevwa plis. Li di nou, mwen asire nou,
nou menm ki pre pou kite tout bagay nan non mwen, nou genyen pou nou «
jwenn san fwa plis », depi kounyea nan tan sa yo, nan kay frè, sè, … Nou ka
remake ke nan yon premye tan Jezi mande nou pou nou kite sè, frè, papa, manman,
... pou nou ka jwenn sè, frè, papa, manman. Yon mesaj ki envite nou pou n’
konsidere nou kòm frè ak sè. Kidonk, se pou nou tout viv tankou frè ak sè.
LAPRIYÈ : Granmèt, mwen di ou mèsi pou
lanmou ou genyen pou nou. Tanpri, ba nou fòs ak kouraj pou nou kapab reponn ak
ekzijans pawòl ou a. Amèn !
PWOPOZISYON : Ki sa ki yon zidòl
nan lavi mwen ? Èske jodi a mwen kapab genyen kouraj divòse ak li pou mwen
swiv Jezi ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario