Koulè Vyolèt
MÈKREDI SANN
PREMYE LEKTI
“Chire kè nou, pa chire rad nou”.
LIV PWOFÈT JOWÈL
2, 12-18
Koulye a, deklarasyon
Granmèt la, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou, nan jèn, ak dlo nan je, nan
rèl; chire kè nou, pa chire rad nou, tounen vin jwenn Bondye nou an, paske li
bon, li gen mizerikòd, li gen pasyans, ak anpil mizerikòd, li siperyè anlè mechanste.Ki
moun ki konnen, si l’ ta tounen, pou l’ padonnen, pou l’ kite yon benediksyon
apre l’, sakrifis ak ofrann likè pou Granmèt la, Bondye nou an?
Sonnen tronpèt
nan Siyon, deklare yon jèn sakre, rele foul, rasanble pèp, konsakre kominote,
rasanble vye granmoun yo, rasanble timoun yo ak sa k’ nan tete ; se pou mesye
ki marye a kite kabann li, se pou madanm ki marye a kite chanm li.
Ant kote yo mete
rad yo ak lotèl la, se pou prèt yo kriye, yo menm sèvitè Granmèt la, se pou yo di :
« Pitye, Granmèt, pitye pou pèp ou a, pa renmèt eritaj ou a nan mank dega,
pou nasyon yo pa kòmande sou yo. Pouki pou yo ta di nan pèp yo : Kote Bondye
yo a » ?
Granmèt la vin
jalou pou peyi l’ la, li menaje pèp li a.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 12-13. 14 e 17
R/ Pitye, Granmèt,
paske nou fè peche.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè mizerikòd ou a ; daprè kantite mizerikòd ou, efase fot mwen an.
Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an
mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan. Se kont ou, kont ou sèl mwen
fè peche, Sa k’ mal devan ou nan mwen fè l’.R.
Kreye yon kè pwòp
nan mwen, Bondye, refè yon espri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen
fas ou, Espri Sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè
kontan sove ou sove a, asire m’ak espri ki pi vif la.
Granmèt, louvri
po bouch mwen, bouch mwen anonse lwanj ou.R.
DEZYÈM LEKTI
“Rekonsilye ak Bondye : men tan gras la koulye a.”
DEZYÈM LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 5, 20- 6, 2
Frè m’ yo :
Pou Jezikri, n’ap
fè sèvis komisyonè, tankou se Bondye k’ap ankouraje pa entèmedyè nou. Nou ensiste
pou Jezikri : rekonsilye ak Bondye ; li menm ki pa t’ konnen peche,
Bondye fè l’ vin tounen peche pou nou, pou jistis Bondye te kapab reyalize nan
li.
Kòm n’ap plede,
nou ankouraje nou, pou nou pa resevwa gras Bondye a pou granmesi. Sèke li di :
« Nan tan gras la mwen reponn ou, jou sove a, mwen pote ou sekou ». Men
li koulye a, tan gras la, men li koulye a, jou sove a.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
« Papa ou, ki wè nan kote ki kache, l’ap renmèt ou sa ».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
Fè atansyon,
pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta
gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl la.
Lè w’ap fè
charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak
sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans
yo. Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap
fè, pou charite ou la kapab ret kache; konsa Papa ou ki wè nan kote ki kache a,
l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap priye,
pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas
yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans
yo. Ou menm, lè w’ap priye, antre nan chanm ou, fèmen pòt la, priye Papa ou nan
kote ki kache a. Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn,
pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè
y’ap fè jèn. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap fè
jèn, mèt losyon sou tèt ou, lave figi ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, men
pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote
ki kache a, l’a renmèt ou sa ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Jodi a nou antre nan yon nouvo tan nan Ane
Litijik la : Tan Karèm. Se yon tan fò li ye. Sa vle di se yon moman kote
Legliz la envite nou viv yon moman trè espesyal nan lavi Granmèt nou an,
Jezikri. Men nan ki sans Karèm nan se yon tan espesyal pou nou ? Nou
konnen mwa fevriye-mas, se mwa banbòch, mwa kanaval, mwa plezi kote anpil moun
ap pyafe, chante, elatriye. Mèkredi lesann nan tonbe ekzakteman aprè sa yo rele
Madi gra a. Tan foli a fini, kounye a se dezè ki kòmanse. Ki dezè ? Dezè
n’ap pale a, se dezè Jezi a, kote li te pase karant jou ak karant nwit, san
manje ni bwè, kote dyab la te al tante li, kote li te mete kò li apa pou li pou
kominike ak Bondye Papa, pou li te jwenn fòs nesesè pou reyalize misyon li te
konfye li a, misyon pou sove limanite. Tan karèm nan, se tan kif è nou sonje
Bondye pa bliye nou, li renmen nou san limit. Kidonk Karèm nan ki vle di karant
(li dire 40 jou), li pèmèt nou kontanple 2 reyalite : mizè lèzòm epi
renmen ak mizerikòd Bondye ki manifeste pou limanite. Nan pratik jèn, lapriyè,
pataj (lacharite), n’ap kontanple lanmou Bondye ki manifeste nan sèl Pitit li
a. Kalite ekzijans tan karèm nan fè nou parèt byen klè pou nou. Jezi pase
karant jou ak karant nuit ap lapriyè Papa, e nan levanjil la jodi a, l’ap
envite nou priye epi l’ap di nou ki atitid nou dwe genyen lè n’ap fè charite: « Lè w’ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan
ou, tankou ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak sou plas yo, pou moun yo kapab fè
lwanj yo...»; lè n’ap fè jèn: « Lè n’ap fè jèn,
pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè
y’ap fè jèn…» ; lè n’ap priye :« Lè n’ap priye,
pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas
yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè yo...». Tan Karèm raple nou cheminman
pèp Izrayèl te fè avan li te rive nan peyi Bondye te pwomèt la. Anpil fwa nan
dezè a, li te swaf, li te grangou, li te fatige. Bondye Granmèt la te fè sa ki
te posib pou li, pa lentèmedyè Moyiz li te fè sous dlo eklate nan wòch la, li
te voye lamàn pou pèp la; men alafen se kò ak san Pitit li a ki pral tounen
manje pèp sa a. Tan Karèm nan pèmèt nou wè a distans solèy rezireksyon an ki
pral leve pou fè disparèt tout fènwa lanmò ki te anpare pitit Bondye yo. Se
poutèt asirans sa Pwofèt Jowèl ap envite nou chire kè nou, sa vle di kite move
abitid nou yo, divòse ak zidòl, pran chemen legliz ak chemen rekonsilyon ak
padon. Nan menm sans sa a tou, Apot Pòl ap envite nou rekonsilye ak Bondye,
paske se tan gras la ki rive, Bondye fè nou gras, li wete chay peche a sou tèt
nou. Si nou pran wout dezè a ak Jezi, si nou soufri, mouri avèk li, konsa tou
nou va leve byen vivan ak li nan Dimanch Pak la. Viktwa li a sou lanmò a ak
tout fòs fènwa yo, se va viktwa nou tou.
LAPRIYÈ : Granmèt,
tanpri, ba nou sekou fòs disip Jezikri yo, pou nou kapab kòmanse jèn ki sen yo,
konsa, lè n’ gen pou nou batay kont difikilte espri yo, n’a jwenn fòs sekou
antan n’ap metrize kò nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Rekonsilye ak Bondye
antan mwen rekonsilye ak tèt mwen epi ak lòt yo ; lapriyè, pataje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario