Koulè Vyolèt
JEDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
« Men m’ prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an ».
LIV DETEWONÒM
30, 15-20
Moyiz pale ak
pèp la, li di :
« Konsidere
sa m’ prezante devan ou jodi a: lavi a ak byen an, epi an fas: lanmò a ak malè a,
pou ou kapab renmen Granmèt Bondye w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou
kenbe kòmandman l’ yo ak seremoni yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv: konsa l’ap
fè ou vin anpil, l’ap beni ou nan peyi a, kote w’a pral antre pou ou posede l’
la.
Sèlman si kè ou
vire, ou pa vle koute, ou kite move lide twonpe ou, ou adore dye etranje, ou
sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap peri, nan yon ti moman w’ap mouri
nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre pou ou posede l’ la.
Jodi a mwen
pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon
an ak malediksyon an. Chwazi lavi a, pou ou viv ansanm ak ras ou; pou ou renmen
Granmèt la Bondye ou la, pou ou obeyi vwa l’, pou ou kole sou li (se li menm vrèman
vre ki lavi ou ak longè jou ou yo), pou ou abite nan peyi a, sa Granmèt la te
fè sèman bay papa ou yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a ».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Ala kontantman
pou moun ki met Granmèt la kòm esperans li.
Ala kontantman
pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè
yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa
Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon
pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li ; li p’ap
pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou
moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke
Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo : men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove li”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25
Lè sa a :
Jezi di disip
li yo : Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt
yo ak skrib yo kondane l’ pou l’ resisite sou twazyèm jou a.
Li t’ap di yo tout :
« Si yon moun vle vin apre m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran
kwa l’ chak jou, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ;
sèke moun ki pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon
moun si l’ posede tout tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazyone malè li»?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Moyiz, anba pouvwa Lesprisen
an, ap anseye pèp Izrayèl la vrè chemen delivrans lan. Chemen ki mennen nan
renmen tout bon vre a. Chemen ki kondwi kay Papa a. Men li pran swen tou pou li
anonse yo ke chemen fènwa a ekziste tou. Menm jan ke chemen limyè a se yon
reyalite, konsa tou chemen fènwa se yon reyalite tou. Se sa ki fè fòk nou kapab
chwazi avèk tout libète nou ki chemen n’ap pran. Moyiz di pèp la : si nou
chwazi chemen limyè a, sa vle di viv selon kòmandman Granmèt la, nou va genyen
pou nou viv pou toutan, men si nou chwazi chemen fènwa, sa vle di adore zidòl,
nou va genyen pou nou mouri pou toutan. Mesaj la klè epi li dirèk. E Jezi ale
pi lwen pou li di nou pi klè toujou ekzijans chemen lavi a. Li presize : «Si yon moun vle vin swiv mwen, se pou l’
renonse ak pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou». Jezi klè, chemen lavi a, genyen anpil
difikilte, anpil pwoblèm, se yon « kwa ». E li mete nou an gad « moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ». Men Jezi bay yon
asirans, yon garanti pou moun ki aksepte soufrans ak mati akòz non li :“ moun ki pèdi lavi l’ pou mwen, l’ap sove l’”.
Sa fè nou konprann sèl chemen pou nou genyen lavi ki p’ap janm fini an, se nan
Jezi. Yon envitasyon pou nou, remèt tout lavi nou nan men Granmèt la, kite l’
transfòme kè nou. Tankou sòm lan di nou an : «Ala kontantman pou moun ki mèt Granmèt la kòm esperans li ». Chemen
lavi a, se mete tout bagay nan men Granmèt la, paske se nan li ki genyen lavi.
Mwen envite n’ panse sou kesyon sa : « Sa sa sèvi yon moun si l’
posede tout tè a, epi li pèdi pwòp tèt li ?
LAPRIYÈ : Granmèt Bondye lavi a, Bondye
Izrayèl la, ede m’ pran chemen limyè a chak jou. Banm mwen fòs ak kouraj pou
mwen ka pote kwa m’ap rankontre sou wout sa a.Pa pouvwa Jezikri, Pitit ou.
PWOPOZISYON : Wè kisa ki ka anpeche
m’ genyen lavi ki p’ap janm fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario