Páginas

VANDREDI 7

Koulè Vyolèt
VANDREDI APRÈ LÈSANN
PREMYE MOSO LABIB
« Èske se pa sa a pito : jèn nan mwen chwazi a » ?
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 58, l-9a
Men pawòl Granmèt Bondye :
« Rele, pa sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa ou ; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay Jakòb la peche yo fè. Chak jou y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo, tankou yon nasyon k’ap fè sa k’ kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap mande m’ jijman jistis, yo vle pwoche kot Bondye :
« Pouki sa n’ap fè jèn, epi ou pa gade ; nou rabese nam nou, ou pa konnen » ?
Men li : jou jèn nou an, se volonte nou n’ap fè, n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li : se nan batay ak diskisyon n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè jèn tankou nou fè jous jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la.
Èske se kalite mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap maltrete nam li tout lajounen ? Èske se balanse tèt li tankou yon boul, mare ren l’ak sak ak sann ? Èske se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt la plezi ?
Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a? Defèt chenn ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la, ranvwaye sa k’ kraze yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon moun ki ni-kò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè ou ap eklate tankou granmaten, sante-ou ap leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope ou. Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : « Men mwen ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 18-19
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou ; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an.
Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.
Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen tout tan.
Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan ou nan mwen fè l’.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
« Lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-15
Lè sa a : Kòm Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon Gerazenyen yo, disip Jan yo pwoche kote l’, yo di : « Pouki sa nou menm ak farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip pa ou yo menm, yo pa fè jèn » ?
Jezi di yo : « Èske pitit yo ki avèk mesye marye a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk yo? Men gen jou k’ap rive, lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa y’a fè jèn ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Patizan Jan yo vin bò kot Jezi, yo di : «Poukisa nou ansanm ak farizyen yo fè jèn, epi disip ou yo pa fè sa ? » Jodi a Jezi prezante tèt li kòm nonm k'ap marye a epi nou konprann ke, nan kontèks sa a, se pa tan pou fè jèn. Sansibilite Bondye a antoure nou, li bon pou nou kole sou moun ki fè nou gade nan pwofondè a. Bondye se mesye marye pèp la, li vle reveye tout kapasite renmen nou jwenn nan kè nou nan limanite, madanm li. Jezi manyen ak geri kote patikilyèman ki te blese nan limanite. Kè moun nan souvan pote soufrans, blokaj ak anpil kè enkyetid. Sa a tou se plas angajman nan fidelite. Vin goute pou nou wè jan Granmèt la bon. Moun yo envite nan nòs la pa kapab fè jèn lè Mari a ansanm avèk yo. Sou tè a, malgrè fènwa lafwa nou, Jezi toujou montre jan Bondye bon, jan li renmen nou. Menm jan Apot Jan di sa, nou bezwen pou nou pirifye nou pandan n’ap tann vizyon byenerez Granmèt la. Jezi di nou, gen yon tan k’ap vini kote Mari a ap leve. Anlèvman sa a, gen plizyè ekspresyon ladan l’ ; lè Laza te malad, sè li yo te avèti Jezi : « zanmi w’ lan malad ». Yo fè jèn epi Jezi rete kote yo pou li fòme vrè Apot li yo pou vrè lavi a ; li kondwi yo nan pèspektiv rezireksyon an, Mat avèk Mari menm soufri nan absans Jezi a : « mèt si w’ te la frè nou an pa t’ap mouri ». Ebyen rezireksyon Laza montre vrè rezon reta Jezi a. «Men gen yon jou k’ap rive mesye marye a ap monte avèk yo ; yap kontinye fè jèn ».  Pwofèt yo anonse tan jèn nan ki retwouve yo nan Levanjil la ! Nou menm ki sou tè a ak Mari a ki monte nan syèl la, fòk nou pwofite tan sa a ki pa an kontradiksyon ak ak tan limyè a. Mè Terasa te viv gran pati nan lavi li nan yon sechrès espirityèl. Se la li ta pral pote sa ki pi fèb yo sekou. Nan lanmou Bondye nou eksperimante nan fènwa lafwa nou mete nou nan sèvis lòt yo. Lanmou fratènèl se siy lanmou Bondye nan mitan nou. Pòv yo ap toujou avè nou ! Y’ap montre nou kouman nou kapab sèvi Jezi nan sa k’ pi piti yo : « tout sa nou fè pou youn nan pi piti yo, se pou mwen menm nou fè li.»
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, travay penitans la ki kòmanse a, fè nou favè kontinye l’avèk bon kè ou. Konsa, konduit n’ap obsève ak kò nou an, n’a kapab reyalize l’avèk yon kè ki sensè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Fè kè nou kontan ak lòt yo pou nou montre Jezi prezan, li vivan nan mitan nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario