Koulè Vyolèt
LENDI PREMYE SEMÈN KARÈM
PREMYE LEKTI
«Se pou ou jije pwochen ou yon fason kòrèk».
LEKTI LIV LEVITIK
19, 1-2. 11-18
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
«Pale ak
tout foul pitit Izrayèl yo, w’a di yo:
«Se pou nou
sen, paske mwen menm mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa vòlè. Pa
bay manti, youn pa dwe twonpe pwochen l’. Pa fè sèman sou non m’, pa sal non
Bondye ou. Mwen se Granmèt la. Pa bay manti sou do pwochen ou, pa fè l’ pase
tray. Pri travay anplwaye ou la p’ap ret lakay ou jous nan maten. Pa madichonnen
moun soud, pa poze pyèj devan moun avèg; men se pou ou respekte Granmèt Bondye
w’ la, paske se mwen menm ki Granmèt la.
Pa fè sa k’
pa kòrèk, pa fè jijman ki pa kòrèk. Pa fè regadan pou moun ki pòv la, pa fè lwanj
figi sa k’ gen pouvwa a. Se yon fason kòrèk pou ou jije pwochen ou. Pa akize moun; pa pale moun mal nan
pèp la. Pa kanpe pou ou reklame lanmò pwochen ou. Se mwen menm Granmèt la. Pa
rayi frè ou nan kè ou, men se pou ou reprann li an piblik, pou ou pa gen peche
sou li. Pa chèche vanjans, pa sonje move pawòl moun menm peyi ak ou yo. Se pou ou
renmen zanmi ou tankou ou menm, se mwen menm Granmèt la».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 15
R/ Pawòl ou,
Granmèt, se lespri ak lavi.
Lalwa
Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo
sajès. R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan. Kòmandman Granmèt
la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la pwòp, li dire pou tout tan gen tan, jijman
Granmèt la vre, yo kòrèk, yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch mwen fè ou plezi, ni refleksyon kè m’ devan
fas ou. Granmèt, ou k’ap pote m’ sekou, k’ap delivre m’.R.
LEVANJIL
«Chak fwa nou fè pou youn nan pi
piti frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou fè».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 3146
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè Pitit moun nan ap rive nan bèlte l’, epi tout mesaje yo
avèk li, lè sa a l’ap chita sou fotèy bèlte l’. L’ap rasanble tout nasyon yo devan
l’, l’ap separe yo youn sot kot lòt, tankou yon gadyen separe mouton yo ak bouk
yo. L’ap mèt mouton yo kanpe adwat li, bouk yo agoch li.
Lè sa a wa a ap di sa k’ adwat li yo: «Vini, nou menm Papa m’
beni yo, pran posesyon rèy nan yo te pare pou nou depi tè a te kòmanse fèt la.
Sèke mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, nou te ban m’ bwè; mwen
te etranje, nou te resevwa m’; mwen te ni-kò, nou te abiye m’; mwen te malad,
nou te rann mwen vizit; mwen te nan prizon, nou te vin jwenn mwen». Lè sa a
moun kòrèk yo ap pran lapawòl, y’ap di: «Granmèt, kilè nou te wè ou grangou epi
nou te ba ou manje? oubyen nou te wè ou swaf epi nou te ba ou bwè? kilè nou te wè
ou etranje epi nou te resevwa ou? oubyen ni-kò epi nou te abiye ou? oubyen kilè
nou te wè ou malad oubyen nan prizon epi nou te vin jwenn ou»? Wa a ap reponn,
l’ap di yo: «An verite mwen di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti
nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè li». Lè sa a atò l’ap di sila yo
ki agoch li yo: «Rale kò nou sot sòti mwen, nou menm ki madichonnen, al nan dife
tout tan an, ki te pare pou dyab la ak mesaje l’ yo. Mwen te grangou, nou pa t’
ban m’ manje; mwen te swaf, nou pa t’ ban m’ bwè; mwen te etranje, nou pa t’ resevwa
m’; mwen te ni-kò, nou pa t’ abiye m’; mwen te malad epi mwen te nan prizon, men
nou pa t’ vizite m’». Lè sa a yo menm tou y’ap pran lapawòl, y’ap di l’: «Granmèt,
kilè nou te wè ou grangou, oubyen swaf, oubyen etranje, oubyen ni-kò, oubyen
malad, oubyen nan prizon, epi nou pa t’ rann ou sèvis»? Lè sa a l’ap reponn yo, l’ap di: «An verite mwen
di nou, chak fwa nou pa t’ fè sa pou youn nan pi piti sila yo, se pou mwen menm
tou nou pa t’ fè li».Sila yo a pral nan chatiman tout tan an, moun kòrèk yo menm
a pral nan lavi tout tan an».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil Matye nou proklame jodi a ap ede nou konprann pi byen kouman
lavi nou kòm kretyen chita sou renmen ak konpasyon pou sa ki pi pòv yo, sa ki
nan bezwen yo. Nan jizman final la Bondye ap jije nou chak
nan renmen. Nou kapab raple nou chante ki di: «Renmen, renmen, renmen se sa Jezi
mande. Renmen, renmen, renmen se lavi yon kretyen. Renmen, renmen, renmen se viv jan Bondye vle. An nou tout renmen tankou
Jezi». Se yon bèl chante ki kapab ede nou nan lavi a epi pèmèt nou bay temwayaj
nou se pitit Bondye tout bon. Nan levanjil la, nou kapab wè kijan Bondye
idantifye l’ak soufrans tout moun ki nan bezwen ak sa ki pòv yo. Nan sans sa a,
nou kapab raple nou istwa yon kretyen ki te konn lapriyè anpil, se konsa nan
lapriyè l’, li toujou mande Granmèt la pou l’ vin lakay li.Yon bon jou pandan l’ap
dòmi, li reve Granmèt la pwomèt l’ap vizite l’. Li te kontan anpil paske rèv li
t’ap vin yon reyalite.Konsa chak jou li leve li fè netwayaj, li prepare kay li
pou l’ resevwa envite espesyal la. Envite a pa t’ jan m’ rive men se moun pòv
yo ki t’ap frape nan pòt li pou mande ede yo. Kretyen an pa t’ jan m’ ede yo
men li te ret ap tann envite a ki, daprè li, pa t’ janm rive. Nan yon lòt rèv
Granmèt la te pale avè l’ pou l’ te raple l’ chak fwa li t’ rive lakay li kijan
li pa t’ resevwa l’. Istwa sa ap raple nou chak fwa nou fè charite ak
solidarite ak moun ki pòv yo, Bondye kontan. N’ap di Bondye mèsi pou chak fwa
nou te gen okasyon fè lacharite oubyen nou te gen konpasyon pou moun k’ap
soufri yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ban m’ yon kè sansib
pou m’ kapab gen plis konpasyon ak solidarite nan soufrans tout moun ki gen
bezwen yo.
PWOPOZISYON: Vizite, ede epi lapriyè ak yon moun ki gen bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario