Koulè Vyolèt
MADI PREMYE SEMÈN
KARÈM
PREMYE LEKTI
«Pawòl mwen fè tout sa m’ vle ».
LEKTI LIV PWOFÈT
IZAYI 55, 10-11
Men pawòl
Granmèt la:
«Menm jan
lapli ak lanèj desann sot nan syèl, epi li pa tounen la, san l’ pa wouze tè a,
san l’ pa enbibe l’, pou l’ jèmen, pou l’ bay semans pou moun k’ap simen an ak
pen pou moun ki bezwen manje a, se konsa tou pawòl ki sòti nan bouch mwen an,
li pa tounen vin jwenn mwen vid, men l’ap fè tout sa m’ vle, l’ap reyisi misyon
l’ nan, sa m’ voye l’ fè a».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 4-5. 6-7. 16-17. 18-19
R/ Nan tout tray
yo Bondié sové moun kòrèk yo.
Fè lwanj
Granmèt la ansanm avèk mwen, an nou fè wè jan non l’ gran nou tout ansanm,
Mwen chèche
Granmèt la, li koute m’, anba tout sa k’ fè m’ pè li delivre m’.R.
Gade kote l’,
pou nou klere, fas nou p’ap wont.
Pòv la rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li yo li
sove l’.R.
Je Granmèt la sou moun kòrèk yo, zòrèy li nan rèl yo.
Figi Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi
souvni yo sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la koute, anba tout tray yo li delivre yo.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze, sa k’ gen lespri
yo kraze yo, l’ap sove yo.R.
LEVANJIL
“Se konsa pou nou lapriyè”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 7-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè n’ap lapriyè, pa pale tankou payen yo; yo konprann reyèlman
vre se nan pale anpil yo a y’ap koute yo. Pa sanble ak yo; sèke Papa nou konnen
sa nou bezwen, anvan menm nou mande l’. Se konsa pou nou lapriyè:
«Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou
yo rekonèt se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen
nou bezwen pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou
padonnen moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak
tou sa ki mal. Amèn».
Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki
nan syèl la ap padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa
nou p’ap padonnen nou peche nou yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lapriyè Papa nou ki nan syèl la se
lapriye Jezi te montre disip li yo lè yo te mande l’ pou l’ montre yo lapriyè
(Lk 11, 2ss). Jodi a nou jwenn lapriyè sa a nan levanjil Matye a (Mt 6, 9ss)
men nan yon kontèks ki diferan. Se kontèks tan Karèm nan, kote Legliz la ap
envite nou viv konvèsyon nou pou nou kapab rive yon moun nouvo nan Dimanch Pak
la. Nou kapab medite sou kouman levanjil Matye a ap ede nou nan fason n’ap
lapriyè, nan fason n’ap ede moun pòv yo epi nan fason nou fè jèn. Se twa pratik
relijyez legliz la mande nou pou nou viv nan senserite pandan tan Karèm nan.
Nan sans sa a, Jezi di nou pa dwe viv tankou ipokrit yo k’ap viv nan laparans
pou fè wè pandan ke yo chaje manti ak lòt move bagay. Lapriyè se moman ki enpòtan
nan lavi yon kretyen. Se toujou yon okazyon pou nou fè laverite sou lavi nou
devan Bondye, sèl jij ki konnen sa ki nan kè nou. Kidonk lapriyè Papa nou ki
nan syèl la ta dwe eksperyans lavi nou. An nou medite pawòl lapriyè Papa nou ki
nan syèl la: Papa nou ki nan syèl la, se pou yo respekte non ou, se pou yo rekonèt
se ou ki wa, se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la. Pen nou bezwen
pou nou viv la, ba nou li jodi a, padonnen sa nou fè ou, tankou nou padonnen
moun ki fè nou kichòy, pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak tout sa ki
mal.Reyèlman vre si nou padonnen lèzòm pou peche yo, Papa nou ki nan syèl la ap
padonnen nou fot nou yo tou; men si nou pa padonnen lèzòm, Papa nou p’ap padonnen
nou peche nou yo».
LAPRIYÈ: Tanpri Granmèt ede m’ viv moman lapriyè
mwen nan laverite.
PWOPOZISYON: Padonnen yon moun ki te ofanse mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario