Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen wè yon
dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo sa a sove yo».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9. 12
Jou sa yo,
Mesaje a fè m’ vire jous nan pòt kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt
la nan direksyon solèy leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve,
dlo yo menm t’ap desann bò kote dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’
sòti nan chemen ki t’ap gade nan direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule
anpil sot nan kote dwat la.
Lè mesye a sòti nan direksyon solèy
leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk-san mèt, li fè m’ travèse
nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san mèt, li fè m’ travèse nan
dlo a jous nan jenou; li konte senk-san epi li fè m’ travèse nan dlo a jous nan
ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’ kapab travèse, paske dlo
ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di m’:
«Sètènman ou wè, pitit moun».Li
kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’ vire, mwen wè anpil pye bwa
sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: «Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al nan rejyon
kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan, y’ap antre nan lanmè a; y’ap
sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap viv, tout kote
ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote sa a, tout bagay
kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv. Anlè ravin nan, sou bò l’ chak bò,
ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap tonbe, yo p’ap manke fwi;
chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan se nan kay sakre a y’ap sòti,
fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi remèd».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 45, 2-3. 5-6. 8-9
R/ Granmèt lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs,
sekou nou jwenn tout tan nan tray. Se pousa nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante,
pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R.
Bò larivyè a mete kontantman nan
vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap
bouke; Bondye prete l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt
pou nou Bondye Jakòb la.
Vini, gade aksyon Granmèt la, mèvèy
li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
«Menm lè a mesye sa a vin geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 5, 1-3a. 5-16
Se te yon jou fèt Juif yo, Jezi
monte Jerizalèm.
Jerizalèm gen yon basen pou mouton
yo, yo rele l’ nan langaj ebre «Betsayid», li gen senk galri. Nan yo te gen yon
pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun k’ap bwate, moun ki gen men
yo seche. Te gen yon mesye ki te la, li te gen trantuitan depi l’ te malad. Lè
Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil tan deja, li te gen maladi a, li
di l’: «Èske ou vle geri»?
Malad la reponn li: «Granmèt, mwen
pa gen pèsòn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap fè mouvman; lè m’ rive, yon
lòt gen tan desann anvan m’, Jezi di l’: «Leve, pran nat ou, al mache». Menm lè
a mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba,
Juif yo di moun nan ki te geri a: «Se saba; ou pa gen dwa pran nat ou». Li reponn
yo: «Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di m’: «Pran nat ou, mache».
Yo poze l’ kesyon: «Kilès moun sa a
ki di ou «Pran nat ou, mache a»? Sila a menm ki te geri a, li pa t’ konnen ki
moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a.
Aprè sa Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: «Men ou geri, pa fè peche
ankò, pou pi grav domaj pa rive ou». Mesye a ale, li bay Juif yo nouvèl, li di
se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Juif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li te fè
bagay sa yo jou Saba a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Jezi gade li ki kouche; li mande li: èske w’ vle geri?»
Frè ak sè m’ yo, zanmi Jezikri yo,
jodi a Sen Jan ap prezante nou sèn pisin Betesda a. Li plis sanble ak sal
datant nan yon lopital pou tèlman gen malad k’ap tann pou yo lage yo nan dlo a.
«Yon pakèt moun malad kouche, sa ki avèg, sa ki bwate, sa ki paralize» (Jn
5,3). Epi Jezi vin ap pase. Se konsa li fè yon entèvansyon, li pote gerizon, li
pote liberasyon pou mesye sa a ki te malad depi trantuit an. Ou menm tou, pwoblèm
ki nan lavi w’ la, remèt li nan men Jezi, paske li gen solisyon pou ou frè mwen,
li gen solisyon pou ou sè mwen. Jezi toujou prezan, sitou li prezan nan
difikilte nou yo, paske li vle libere
nou. Farizyen yo menm, se sèlman afè Saba y’ap regle. Movèz fwa yo pafwa yo fè yo pa kapab grandi, mechanste
bouche je yo, yo soud pase moun ki pa ka tande tèlman kè yo di ! Sa fè lontan ke nèg sa a te malad : trantwit
(38) an depi l’ap soufri ak maladi sa a, e Jezi mande l’, «èske w’ vle geri ?» (Jn 5,6). Frè ak sè m’ yo, Jezi toujou sou wout nou
pou l’ delivre nou ; men sèlman fòk nou dakò resevwa gerizon sa a. Depi
lontan moun sa a t’ap soufri e li pa jwenn pèsonn ede li men lè li vin
rankontre ak Granmèt la, lavi li te chanje, li tounen yon moun nouvo, li soti
nan gwo soufrans li te ye a pou li antre nan kè kontan. Li sòti nan lanmò pou
li antre nan lavi. Li fè yon pasaj. Se mesaj Pak la. Si nou soufri ak Jezi, nou
va resisite ak li tou. Nèg paralize a, sila ki di li : « leve
pran branka w’ epi mache » (Jn 5,8). Jodi a, Jezi vle geri w’ ;
èske w’ dispoze oubyen èske vle geri tou ? Vwa Kris la, se vwa Bondye. Menm
jan ak nèg sa ki te kokobe a, tout moun ki tande vwa Kris la, li va libere. Tout
bagay vin nouvo pou paralize a ki te fatige paske li te dekouraje. Aprè sa, Sen
Jan Krizostòm ta pral di nou ke nan pisin Betesda tout maladi po te geri epi
avèk batèm nan tout maladi nanm geri. Nan pisin nan se tanzantan epi se pou yon
sèl malad; nan batèm nan, se pou tout tan epi se pou tout moun. Nan tou 2 ka sa
yo, pouvwa Bondye manifeste a travè dlo, Bondye itilize dlo a ni pou lave kò
nou ni pou lave nanm nou. Paralize a te san fòs bò kote pisin nan, èske sa pa
fè nou sonje pwòp eskperyans nou ak pwòp enpwisans nou pou nou fè byen ? Frè ak sè m’ yo, èske nou toujou rann nou
kont chak jou, nan antouraj nou, nan vwazinaj nou, gen yon pakèt paralize k’ap
lite ki pa janm rive sove nan manke libète yo ? Fòk nou gade Jezi. Paske li enpòtan epi li
nesesè pou nou plonje nou nan dlo lagras la, dlo lapriyè a, dlo konfesyon an,
dlo konvèsyon an, pou nou ouvè lespri nou, pou nou tout ansanm kapab plonje epi
benyen nan pisin lagras Bondye a.
LAPRIYÈ :
Granmèt, nan tan
penitans sa a, fè kè fidèl ou yo louvri byen louvri pou yo sèvi ou. Se konsa ya
byen dispoze pou yo resevwa Mèvèy Sakre Pak la epi tou pou yo gaye bòn nouvèl
delivrans ou a bay tout moun. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn.
No hay comentarios:
Publicar un comentario