Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Yo p’ap tande vwa kriye ak vwa rèl
ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT
IZAYI 65, 17-21
Men pawòl
Granmèt la:
«Men m’ap kreye
syèl nouvo ak tè nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a.
Men n’ap
kontan, n’ap fete pou tout tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm
«Fèt» ak pèp li a «Kè kontan». M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen
an. Yo p’ap tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen
timoun k’ap mouri tou piti ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout
laj yo, paske timoun nan se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive
santan, se moun madichonnen. Y’ap
bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen, y’ap manje fwi yo».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 29, 2 é 4. 5-fi. 1 l-12a e
13b
R/ M’ap
fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’, ou pa kite
lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre nam mwen sot anba pouvwa
lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè lwanj pou souvni l’ ki sen.Sèke
se pou yon ti moman li te fache, men se pou tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete
ap kriye, nan maten se kè kontan.R.
Koute,
Granmèt, pran pitye pou mwen, Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin
tounen dans pou mwen. Granmèt Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Ale, pitit ou a ap viv»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile. Se Jezi li menm menm ki
te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’ rive nan Lagalile, moun
Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’ fè Jerizalèm nan jou fèt
la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la.
Konsa li tounen Kana Lagalile, kote li te fè dlo a vin tounen
diven an.Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi
te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote l’, li lapriyè l’ pou l’ desann
vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri. Li di Jezi: «Granmèt,
desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi
te di l’ la, 1’ale. Pandan l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’
nouvèl, yo di pitit li a ap viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’:
«Se yè, a i-nè-d-laprè-midi, lafyèv la kite l’». Papa a rekonèt se lè sa a menm
Jezi te di l’ «Pitit ou a ap viv»; li kwè ni li menm ni tout kay li a. Sa a se
dezyèm siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la,
1’ale.» Ofisye
wa pwofite pasaj Jezi nan Kana (kote li te fè dlo tounen diven an) nan peyi Lagalile
pou li mande li yon favè: «Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi
reponn li: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.»
Nou menm tou, nan lavi nou nou pa sispann dyaloge ak Granmèt la: Granmèt, chay
la lou pou mwen! Mwen pa kapab ankò non! Se twòp pou mwen wi Papa! Men
Jezi li menm, l’ap envite nou pou nou kontinye fè li konfyans, fè Bondye
konfyans. Lè ofisye
a te nan wout pou li ale lakay li, yo enfòme li pitit li a gaya. Se lafwa li nan
Jezi ki fè sa. Frè ak sè m’ yo, lè bagay yo difisil pou nou, se pou nou
kontinye fè Bondye konfyans, paske se nan li sèl sekou nou ye.Pa bliye se li
menm ki te fè syèl la ak tè a, kidonk pa gen anyen li pa kapab fè. Si nou gen
lafwa nan Granmèt la, menm si nou tris kè nou va kontan, si nou grangou vant
nou va plen, si nou twouble l’a ba nou lapè, si nou nan lari li va ba nou kay
pou nou rete,…Si nou kwè tout bon vre, chenn ki mare nou yo ki fè nou pa kapab
pwogrese yo, yo va kase. Apot Jan ap envite nou viv chak jou
nan kominyon ak Granmèt la. Jezi pote kè poze ak gerizon nan peyi li. An nou
mande li chanje kè nou, pou lavi nou kapab rejenere nan selebrasyon Pak la, pou
nou kapab resisite ansanm ak li.
LAPRIYÈ: Bondye, ou
menm ki fè tè a vin tou nèf, gras a sakreman yo nou pa kapab di sa yo ye a,
tanpri, fè legliz ou a pwofite òganizasyon tout tan yo, fè l’ pa manke sekou
nan tan k’ap pase yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Èske mwen pa gen doutans anpil fwa sou pawòl Bondye?
No hay comentarios:
Publicar un comentario