Koulè Woz ou Vyolèt
KARÈM KATRIYÈM DIMANCH KARÈM (LAETARE)
PREMYE LEKTI
«Yo sakre David kòm wa sou Izrayèl».
LEKTI PREMYE
LIV SAMYÈL 16, Ib. 6-7. I0-13a
Jou sa yo:
Granmèt la
di Samyèl: «Plen kòn ou an ak luil, epi vini, pou m’ voye ou kot Jese moun Bètleyèm
nan: sèke mwen deja chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen».
Lè l’ antre, li wè Elyab, li di: «Èske Kris Granmèt la pa devan
l’»? Granmèt la di Samyèl: «Pa gade fas li, ni wotè tay li, paske mwen rejte l’;
se pa daprè konsiderasyon lèzòm mwen jije: moun wè sa k’ sou deyò, Granmèt la menm
konsidere kè a».
Konsa Jese mennen sèt pitit li yo devan Samyèl, Samyèl di Jese:
«Granmèt la pa chwazi okenn nan sila yo», Samyèl di Jese: «Èske se tout pitit
ou yo sa»? Li reponn: Gen yon ti pitit ki rete ankò, l’ap gadiyen mouton yo».
Samyèl di Jese: «Voye chèche l’; sèke nou p’ap atable anvan li vin isit la».
Konsa li voye chèche l’, li Mennen l’. Li te wouj, li te gen bèl aparans ak bèl
figi. Granmèt la di: «Leve, sakre l’: se li menm menm».
Konsa Samyèl pran kòn luil la, li sakre l’ nan mitan frè l’
yo; lespri Granmèt la rive tou dwat nan David depi jou sa a pou jous apre.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a, 3b4. 5. 6
R/ Granmèt la
ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la
ap swen m’, mwen p’ap manke anyen: Nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li
kondui m’, li refè nanm mwen. Li mennen m’
sou santye jistis poutèt non l’, Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen
p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’ an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo; ou
anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde. R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tou
lejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap
klere ou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 5, 8-14
Prè m’ yo:
Lontan nou te fè nwa, koulye a menm nou se limyè nan Granmèt
la: se pou nou mache kòm pitit limyè. Fwi limyè a li nan tout kalite sa ki bon,
jistis ak verite; se pou nou chèche fè sa k’ fè Bondye plezi. Pa patisipe nan
aksyon fènwa yo ki pa donnen fwi yo, okontrè se pou nou repwoche yo. Sèke sa y’ap
fè an kachèt yo, yo wont menm di yo. Men lè yo denonse tout bagay sa yo, se nan
limyè yo parèt klè, sèke tout sa k’ parèt klè se limyè li ye.
Se pousa li di: «Leve, ou menm k’ap dòmi, leve sot nan pami
mò yo, Jezikri ap klere ou».
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«L’ale, li lave kò l’, li vini, li wè».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 9. 1-41
Lè sa a:
Pandan Jezi ap pase, li wè yon moun ki avèg depi l’ te fèt.
Disip li yo poze l’ kesyon: «Rabi, kilès ki fè peche, sila a oubyen paran l’
yo, pou l’ fèt tou avèg la»?
Jezi reponn: «Ni li menm li pa fè peche, ni paran l’ yo; men
se pou travay Bondye kapab parèt klè nan li. Mwen gen pou m’ reyalize travay
sila a ki voye m’ nan, toutotan li jou; lannuit la ap rive, kote pèsòn pa kapab
travay, toutotan mwen sou tè a, mwen se limyè tè a». Kon l’ fin di sa, li krache
atè a, li fè labou ak saliv la, li pase labou a sou je l’, li di l’: «Ale, lave
kò ou, nan basen Siloe a», sa vle di «Sila a yo voye a». Konsa, 1’ale, li lave
kò l’, li tounen antan l’ wè. Se pousa vwazen yo ak moun ki te konn wè l’
anvan, paske se lacharite li te konn mande, yo t’ap di. «Èske sila a se pa li menm
ki te konn chita ap mande a»? Yon pati t’ap di. «Se li menm menm». Lòt yo menm.
«Pa ditou, men se youn ki sanble ak li». Li menm menm li t’ap di: «Se mwen menm
menm». Yo t’ap di l’: «Kijan je ou fè louvri»?
Li reponn: «Moun sa a yo rele Jezi a, li fè labou, li pasè sou je m’, li
di m’: «Al nan basen Siloe a, epi lave kò ou». M’ale, mwen lave kò m’, mwen wè».
Yo di l’: «Kote l’? Li di: «Mwen pa konnen». Yo mennen l’ kot farizyen yo, sila
a ki te avèg anvan an. Men se te jou saba, lè Jezi te fè labou epi li te louvri
je l’ la. Konsa farizyen yo mande l’ ankò kijan li te fè wè a. Li menm menm li
di yo: «Se labou li mete sou je m’, mwen lave kò m’ mwen wè». Gen kèkzen nan
farizyen yo ki t’ap di. «Moun sa a pa vin sot nan Bondye, paske li pa obsève saba
a»; dòt menm t’ap di: «Kòman yon moun ki peche kapab fè siy sa yo»? Te gen
divizyon nan pami yo. Yo di avèg la ankò: «Ou menm sa ou di osijè sila a ki
louvri je ou la»? Li menm li di: «Se yon pwofèt». Juif yo pa t’ kwè mesye a te
avèg epi li te vin wè, joustan yo rele paran mesye a ki te vin wè a. Yo poze yo
kesyon, yo di: «Sila a se pitit nou an, sa nou di ki fèt tou avèg la? Kijan l’
fè wè koulye a»? Paran l’ yo reponn, yo di: «Nou konnen sila a se pitit nou an,
epi li te fèt avèg. Kijan li fè wè koulye a, nou pa konnen, oubyen kilès ki
louvri je l’, nou pa konnen; mande l’: li gen laj, 1’a pale pou kont li». Paran
l’ yo te di sa, paske yo te pè Juif yo; sèke Juif yo te deja fè konplo pou si
yon moun rekonèt li se Kris la, y’ap mete l’ deyò kay reyinyon an. Se pousa
paran l’ yo di: «Li gen laj, poze l’ kesyon». Konsa yo rele moun nan ki te avèg
la, yo di l’: «Fè konpliman pou Bondye. Nou menm nou konnen mesye sa a se yon pechè».
Li menm li di yo: «Si se yon pechè, mwen pa konnen; yon sèl bagay mwen konnen: Sèke
mwen te avèg, koulye a mwen wè. Yo di l’: «Ki sa l’ fè ou? Li reponn yo: «Mwen
te deja di nou, epi nou pa t’ koute: kisa nou vle tande ankò? Èske nou menm tou
nou vle vin disip li»? Yo madichonnen l’,
yo di: «Ou menm ou mèt disip li, nou menm menm se disip Moyiz nou ye. Nou menm
nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, sila a menm, nou pa konn kote l’ sòti». Mesye
a reponn, li di yo: «Se sa a ki dwòl la, nou pa konn kote l’ sòti, epi li
louvri je m’. Nou konnen Bondye pa koute pechè yo; men, si yon moun respekte
Bondye, epi li fè volonte l’, Bondye koute l’. Depi tout tan yo pa janm tande
yon moun louvri je yon moun ki fèt tou avèg. Si mesye sa a pa t’ sot nan Bondye,
li pa t’ap kapab fè anyen». Yo reponn, yo di l: «Se nan peche ou fèt toutantye, epi w’ap
fè nou laleson»? Yo jete l’ deyò. Jezi tande yo te jete l’ deyò, lè l’ jwenn
li, li di l’: «Èske ou kwè nan Pitit Bondye a»? Li reponn, li di. «Kilès li ye,
Granmèt pou m’ kwè nan li»? Jezi di l’. «Ou wè l’, se li menm k’ap pale avèk ou
a». Li menm li di: «Mwen kwè, Granmèt». Li bese, li adore l’. Jezi di: «Se pou
yon jijman mwen vini sou tè sa a, pou moun ki pa wè yo vin wè, epi pou sa k’ wè
yo vin avèg. Kèkzen nan farizyen yo tande, sa k’ te bò kote l’ yo di l’: «Èske
nou menm tou nou avèg»? Jezi di yo: «Si nou te avèg, nou pa ta gen peche: men
koulye a nou di: «Nou wè». Peche nou an rete».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Katriyѐm
dimanch tan karѐm, n’ap avanse yon ti kras pi plis nan fen tan preparasyon gwo
evènman fѐt Pak la. Bѐl moso pasaj Levanjil gerizon nѐg ki te avѐg depi li fѐt
la, ofri nou yon sѐl tѐm pou lekti yo. Eksperyans Jezi vin klere lavi lezὸm.
Nѐg ki te avѐg depi l’ fѐt la, sòti nan fѐnwa antre nan limyѐ, ki se zѐv pouvwa
ak lanmou Jezi. Menm verite sa a, Pὸl
repete l’ nan lѐt li ekri moun Efѐz
yo: lontan se fѐnwa yo te ye, kounye a yo se limyѐ. Lѐ
Bondye fѐ
entѐvansyon
l’ nan lavi lѐzὸm,
lѐ li
manifeste l’ avѐk pouvwa, avѐk lanmou e lѐ lὸm
nan li menm li akeyi prezans Bondye nan fon kѐ l’, li vin genyen yon
nouvo reyalite epi yon nouvo esperyans avѐk Bondye. Konsa, tout moun
ki t’ap mache nan fѐnwa, vin abiye avѐk
yon fὸs
ak yon limyѐ
jiskaske yo pa rekonѐt li. Bondye chwazi David tankou Wa, se te
yon gadyen mouton epi se te pi piti nan pitit Jese yo, men Bondye chwazi l’ pou
l’ mache devan pѐp Izrayѐl la epi prezante figi sila
a ki te gen pou l’ vini an. David kite gadyen mouton pou l’vin tounen gadyen
Izrayѐ
l’, pou l’ kapab fѐ moun yo rive fѐ
yon sѐl
nan Granmèt la. An reyalite, David reprezante figi lòt wa a, ki se Mesi a ki
gen pou sove pèp la. Viktwa David te ranpὸte yo anonse viktwa Mesi a
genyen pou l’ ranpὸte. Mesi ki gen pou vini an, se vrѐ
gadyen an ke David te chante nan sὸm 22 an, gadyen ki p’ap
kite nou tonbe nan twou, ki mache bὸ kote lѐzὸm
pou l’ fѐ yo
wѐ
bonte ak mizerikὸd Bondye epi montre nou fidelite ak lanmou
Bondye.
Jezi,
pitit David, gadyen pѐp li a, li se limyѐ ki klere tout moun. Jezi klere nѐg ki
te avѐg depi l’ te fѐt la ; non sѐlman li fѐ je l’ louvri men li klere
nanm li ak kѐ li tou. Li fѐ eksperyans fidelite ak lanmou Bondye, paske kounye
a moun pa bezwen pale l’ de yon pwofѐt ki gen pou l’ vini, li menm menm li fѐ
eksperyans pouvwa moun sa a ki vin sove nou an. Konsa, menm li menm li vin
tounen limyѐ pou lὸt moun.Nan yon ti moman, nѐg sa a ki te meprize, ki pa
t’ gen plas nan sosyete a, vin tounen yon lὸt moun. Pou tout sa te rive fѐt, li
te fѐ demach pa l’ tou, li te chѐche Jezi, li te pwoklame l’ tankou Mesi a, li
te fѐ l’ tou piti nan pye l’. Anplis, aprè li fin geri, devan akizasyon
farizyen yo, li pa t’ pѐ defann li, se konsa li te tounen yon disip paske li pa
t’ ka fѐmen bouch li devan sa l’ te wѐ, sa l’ te viv, ak sa l’ te tande.
Pandan Karѐm nan, an nou kite tout zѐv fѐnwa, konsa menm jan avѐk nѐg avѐg la,
n’a resevwa limyѐ pou nou wѐ sa k’ap pase nan antouraj nou.
LAPRIYÈ : Granmѐt
Jezi, ede nou chѐche w’, fѐ nou rekonѐt ou tankou Mesi a, fѐ nou pran konsyans
de tout peche nou yo ki rann nou avѐg menm si je nou ap kale. Konsa ou va fѐ
nou kado limyѐ e konsa n’a tounen yon vrѐ
disip. Amѐn.
PWOPOZISYON: Chѐche
nan lavi m’ kѐk
eksperyans ki menmen m’ nan fѐnwa, ki fѐ m’
avѐg
nan lepri m’ epi kѐk eksperyans ki klere nanm mwen ak kѐ
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario