Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis».
LEKTI LIV PWOFÈT
OZE 6, lb-6
Vini, an nou
tounen kot Granmèt la, paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li frape, l’ap
swen nou. L’ap fè nou viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè nou leve, n’ap
viv devan fas li. N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt
la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan-jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon,
tankou seren sou tè a.
«Sa pou m’
fè ou, Efrayim? Sa
pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap
pase maten. Se pousa mwen travay nan pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch mwen,
jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis: se konesans Bondye
plis pase sakrifis antye».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 18-19. 20-21 ab
R/ Se
kè sansib mwen vle, se pa sakrifis.
Pitye pou mwen,
Bondye, daprè kè sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot nou an. Lave
m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.R.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’. Aji ak bon kè pou Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo
kapab rebati. Lè sa a w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye. R.
LEVANJIL
«Pibliken an desann an règ lakay li, men pa farizyen an».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 9-14
Lè sa a:
Te gen kèk moun ki te met konfyans yo nan yo menm kòm si se
yo menm ki kòrèk, yo t’ap meprize lòt yo, Jezi di parabòl sa a pou yo:
«De moun te monte nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te
farizyen, lòt la te pibliken. Farizyen an kanpe la, l’ap lapriyè anndan kè l’: «Bondye,
mwen di ou mèsi, paske mwen pa tankou rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm
tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan
tout sa m’ genyen».
Pibliken an menm kanpe byen lwen, li pa t’ vle leve je l’
nan syèl la, men li t’ap frape lestomak li li t’ap di: «Bondye, pitye pou mwen,
mwen se pechè».
Mwen di nou, sila a desann lakay li an règ plis pase lòt la,
paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap
fè l’ leve l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: «Moun ki leve
tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’». De moun te monte nan kay sakre a pou
yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Nou jwenn konpòtman de moun
sa yo nan chak moun k’ap viv bò kote nou. Lè n’ap viv alèz, ak kè kontan,
trankilite, lè tout bagay mache byen nan fanmi an, nan biznis la, nan lekòl
timoun yo, nan travay la, nou di Bondye mèsi. Men lè bagay yo difisil, lè nou
pa wè klè, nan traka ak mizè lavi nou, nou pote plent nou yo depoze nan pye
Granmèt. Poutan Bondye vle nou genyen yon relasyon ki pi sere avèk li. Nan lavi
nou, nou manifeste de (2) konpòtman sa yo nou jwenn nan levanjil la: gen moman
nan lavi nou nou di mèsi; konsa tou, gen lòt moman nou mande, nou sipliye. Se
de atitid ke nou pa kapab separe nan lavi nou. Lavi nou se
yon chemen ki long e ki gen anpil obstak, paske sa nou ye kòm moun nan toujou
gen tandans toufe lagras Bondye a nan nou menm. Alò nou dwe mande Bondye favè
pou nou fè yon vrè konvèsyon. Bondye se pa sakrifis li vle, men se yon kè ki
kraze, yon lespri ki dezole (sòm 50). Se sa lapriyè pibliken ap ede nou
konprann jodi a. Se nan menm san sa pwofèt Oze ap mete nou an gad, lè li di: «N’ap
chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou konnen Granmèt la. Sèke sòti l’ prepare
tankou devan-jou, l’ap vini sou nou tankou lapli sezon, tankou seren sou tè a.
» Nou chak nou gen yon «farizyen» k’ap dòmi anndan nou; nou dwe fè atansyon pou
lògèy ak otosifizans pa fè nou leve tèt nou twò wo. Nou dwe aprann konnen se
lanmou Bondye vle, lanmou an se sèl medikaman ki kapab transfòme lavi nou. An
nou mande Bondye favè pou nou kapab dekouvri li nan fon kè nou, nan lapriyè,
kontanplasyon ak meditasyon, antan n’ap pran modèl sou manman Mari.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè mwen sanble ak
pibliken sa ki t’ap lapriyè nan tanp la.
PWOPOZISYON: Èske mwen pa konn sanble ak farizyen an nan fason mwen lapriyè?
No hay comentarios:
Publicar un comentario