Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Nou p’ap rele travay men nou “Bondye nou’’ ankò».
LEKTI LIV
PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl
Granmèt la:
«Izrayèl, tounen
vin jwenn Granmèt Bondye ou la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk
nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’: «Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap
ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò,
paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li».
M’ap geri yo
pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’
vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap
eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap
tankou Liban.
Y’ap tounen vin
chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen ;
souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ?
M’ap koute, m’ap renmen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou
ap sòti.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 80, 6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17
R/ Se mwen menm
Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’
konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan
tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R.
Mwen reponn ou
nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap
poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito ou koute m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje. Se mwen
menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan chemen m’
yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
«Granmèt Bondye ou la se yon sèl
Bondye, se pou ou renmen l’».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè
yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn
li: «Premye kòmandman an, se: «Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye ou la se yon sèl
Bondye a; se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou,
ak tout lespri ou, ak tout fòs ou». Sa a se premye kòmandrnan an. Dezyèm nan menm
sanble ak li: «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm». Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase
sa yo».
Pwofesè a di l’: «Se byen, Mèt, ou pale verite, sèke se yon
sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak tout kè, ak tout entelijans,
ak tout nam, ak tout fòs; epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt nou, sa pi gran
pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis».
Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li di l’: «Ou pa lwen
rèy Bondye a». Pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lè pwofesè lalwa yo
konnen yo te kab pran Jezi nan pyèj, se
li menm ki pran yo nan pyèj: paske daprè farizyen yo, yon Jwif te gen anpil kòmandman
pou l’ te swiv si l’ te fè volonte Bondye tout bon vre ; se poutèt sa yo
ta vle konnen kilès ki pi enpòtan nan kòmandman yo; se konsa pwofesè lalwa yo
te pwoche kot Jezi epi yo mande l’ kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan. Jezi
menm reponn yo konsa : premye kòmandman an, men li : se «Koute Izrayèl,
Bondye w’ la se yon sèl li ye, se pou ou renmen l’ ak tout kè ou ak tout nanm
ou ak tout lespri ou, epi ak tout fòs ou, sa a se premye a. Koute dezyèm nan,
ki sanble tèt koupe ak premye a, li di yo w’a renmen pwochen ou menm jan ou
renmen pwòp tèt pa ou ; pa gen yon lòt kòmandman ki pi gran pase 2 sa yo. Pandan
tout lavi nou, nou ta sipoze bay Bondye premye plas nan lavi nou, paske se li
menm ki fè nou, se li ki ba nou tout sa nou bezwen pou nou viv, se li menm ki
kenbe ekzistans nou. Nou pa kapab mete anyen nan plas Bondye. An nou chèche
imite renmen Bondye gen pou nou an, paske se renmen an k’ap pèmèt nou viv nan
amoni. Ann chèche idantifye epi divòse ak tout sa ki fè nou pa renmen Bondye ak
tout kè n’, tout fòs ak tout lespri nou, epi si nou renmen Bondye Granmèt la
tout bon vre, n’a kòmanse renmen pwochen nou. Konsa, li enpòtan pou nou chèche
fè Bondye plezi nan jan n’ap viv ak tout moun ki bò kote nou, paske si nou di
nou renmen Bondye ke nou pa wè, epi sila yo ki bò kote nou, nou pa kab wè yo ni
sipòte yo, sitou sila yo ki pi fèb, se men nou nou lave epi souye l’atè. Se pou
nou ouvri kè nou pou n’ fè plas pou sila a ki renmen nou an premye e ki ap
toujou renmen nou an.
LAPRIYÈ : Granmèt,
tanpri, vide favè ou nan kè nou ak bon kè pa ou, pou nou toujou kite move dezòd
lèzòm, pou nou kole kò nou sou lansèyman w’ap ba nou an kantite sot nan syèl
la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Konbyen zidòl mwen bay
plas nan lavi mwen ? Èske pa gen yon bagay mwen bay plis enpòtans pase
Bondye. Refleksyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario