Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou».
LEKTI LIV
DETEWONÒM 4, 1. 5-9
Moyiz pale
ak pèp la, li di:
«Koulye a,
Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou
kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye
zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan
Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral
posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans
nou devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: «Men yon
pèp ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon»!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre
l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon
ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante
jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nam
ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap
viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve ou yo».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 147, 12-13. 15-16. 19-20
R/ Fè
lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo anndan
ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a, avèk vitès pawòl li a
kouri.
Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li simen lawouze tankou
sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’
bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li pa montre yo jijman l’
yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa konprann mwen vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt
yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite mwen
di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap pase
sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa moun k’ap
defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap
rele pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann
lòt yo fè menm jan, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak sè m’ yo,
yon lòt fwa ankò jodi a n’ap pran yon ti tan pou nou kapab eseye konprann kisa
Bondye vle di nou jodi a pandan l’ap pale ansanm ak nou atravè Levanjil la.
Avèk prezans Jezi sou latè, li vin montre nou ki fason pou nou viv. E nou menm
kretyen ki di nou vle fè volonte Papa a, li vin montre nou kijan pou nou aji si
reyèlman se volonte Papa a nou vle fè. Nan lwa li te enspire Moyiz yo, Jezi vle
fè nou konprann li pa vini pou elimine yo ; okontrè li te vle montre nou
nan fason l’ap viv kijan nou menm ki vle suiv li dwe konpòte nou an fas lòt yo.
Jezi pa t’ vini pou aboli lalwa, men pou li kapab akonpli li. Jezi te vin
montre nou kijan pou nou relasyone nou ak Bondye. Se vre, li pa toujou fasil
pou nou ta kapab rive fè sa lalwa a mande nou, men nan fason n’ap fè efò kapab
ede nou kenbe tèt nou. Zanmi Bondye yo, youn nan pi gwo misyon nou genyen sou
tè a, se viv jan Bondye mande epi travay pou moun ki nan antouraj nou yo tou kapab
rive genyen bon jan konpòtman sa tou. Depi jodi a, nou dwe kòmanse fè efò pou
nou mennen mòd vi sa a. Se pa tann nan dènye jou pou nou di n’a gen tan, paske
lè sa a li va gen tan twò ta. Poutèt sa ann kite pawòl Bondye a gide nanm nou
pou se li menm ki sèl motè k’ap gide lavi nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou ba nou tan karèm sa a pou nou aprann viv avèk Jezikri epi
pou nou nouri tèt nou ak pawòl li. Gras a efò n’ap fè pou nou chanje, fè nou
vin genyen plis fidelite nan sèvis ou ak plis gou pou nou lapriyè ak yon sèl
kè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Sonje kòmandman
Granmèt la. Chèche aplike yo. Gade konbyen mwen aplike deja.
No hay comentarios:
Publicar un comentario