Koulè Ble ou Blan
ANONSYASYON GRANMÈT LA
Gran Fèt
PREMYE LEKTI
«Men Vyèj la ap vin ansent».
LEKTI LIV PWOFÈT
IZAYI 7, 10-14; 8, 10
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di: «Mande Granmèt Bondye w’
la yon siy ba ou, nan fon anba a oubyen anwo nèt la».
Akaz di: «Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la».
Izayi di: «Koute, kay David: èske sa twò piti pou nou, pou n’ap
fatige lèzòm, pou nou rive fatige Bondye m’ nan? Se poutèt sa Granmèt la li menm
ap ba nou yon siy. Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap
rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 39, 7-8a. 8b-9. 10.11
R/ Men m’ap
vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak
kado ou pa t’ vle sa, men se zòrèy ou fouye pou mwen. Sakrifis antye ak
sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou. Bondye
m’, mwen vle, lalwa w’ la nan fon kè mwen».R.
Mwen anonse jistis ou nan gran asanble a; men po bouch mwen,
mwen pa anpeche yo, Granmèt, ou konnen.R.
Jistis ou a,
mwen pa kache l’ nan kè m’, verite ou la ak delivrans ou a, mwen deklare yo.
Mwen pa kache
kè sansib ou a ak verite ou la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM LEKTI
«Nan tèt liv la, yo ekri sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye».
LEKTI LÈT EBRE YO 10, 4-10
Li pa posib pou san towo ak bouk wete peche. Se pousa lè Jezikri
ap antre sou tè a, li di: «Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme
pou mwen; sakrifis pou peche pa t’ fè ou plezi; lè sa a atò mwen di: «Men m’ap
vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè volonte ou, Bondye».
Pi wo a, li te di: «Sakrifis ak kado ak sakrifis pou peche,
ou pa t’ vle sa, ni sa pa t’ fè ou plezi, sa yo konn ofri daprè lalwa a, lè sa a
mwen di: «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou, Bondye»; li wete premye a, pou l’
enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri
yon fwa pou tout.
LEVANJIL
«MEn w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele
Nazarèt, kot yon vyèj, ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay
David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di: «Se pou kè ou kontan, ou menm
ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout fi». Lè l’ tande
sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’:
«Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti
pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo
nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan
kay Jakòb la pou tout tan, rèy li p’ap janm fini».
Mari di zanj
la: «Kijan pou sa fèt, paske lèzòm mwen pa konnen».
Zanj la reponn,
li di l’: «Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak
lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye.Men
Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa
sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib
kot Bondye».
Mari di: «Men
sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Zanj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a a legliz la ap selebre fèt Anonsyasyon
Granmèt la. N’ap sonje kokenn chenn deklarasyon damou sa a Bondye vin fè
limanite pa lantremiz Lasent Vyèj Mari. Li bon pou n’ kontanple atitid Lavyèj
Mari te genyen devan zanj lan ki te vin anonse l’ Bondye chwazi l’ pou l’ vini
tounen Manman Pitit li a, Sovè limanite. Nou vle wè epi nou konprann Bondye vle
kolabore avèk moun pou travay delivrans la. Bondye se Sila a ki
pran an premye inisyativ pou l’ chache nou, pou l’ pale ak nou, pou l’ gide
nou, pou l’ sove nou. Se li menm ki te fè premye pa depi nan kòmansman an nan
rele l’ te rele Abraam pou l’ vin tounen Papa yon foul moun, kote li te pwomèt
li anpil benediksyon non sèlman pou li menm men pou jenerasyon k’ap sòti nan li
yo.Fete Ansonsyasyon la, se sonje ke Bondye ap kontinye rele nou pou n’
patisipe nan bèlte l’ la, pou n’ mache avèk li, pou n’ tounen ouvriye k’ap
travay pou kapab konstwi Wayòm li an sou tè a. Nan anonsyasyon an, Bondye vle
kontinye pale avèk nou yon fason espesyal nan Sèl grenn Pitit li a, li menm li table
eritye li epi nan li menm li vle kenbe pwomès li te fè Abraam pou l’ beni pitit
ak pitit pitit li yo pou tout tan. Nan Jezikri, se benediksyon ak favè san bout
sa a Bondye te pwomèt zansèt nou yo nan lafwa a li kontinye akonpli. Nan
Jezikri, Pawòl Bondye a ki tounen moun, Bondye vle kontinye mache avèk tout
limanite, li vle oryante nou pou n’ mache nan limyè lavi a. Nan Jezikri nou wè
Bondye vrèman pote limyè delivrans lan pou nou tout lèzom ki t’ap mache
tonbe-leve pou nou kapab konprann laviktwa a se pou nou tout li ye, nou menm ki
kwè nan mesaj li te vin pote a, ki kite mesaj li a klere lavi nou, ki
eksperimante kè sansib san bout li a epi temwaye grandè Bondye nan lavi nou,
nou tout ki kwè li mouri epi li leve byen vivan, ki konnen li prezan nan lavi
nou epi l’ap kontinye travay pou kapab gen yon sosyete ki pi jis, yon sosyete
ki reflete valè Wayòm lan: kè poze, jistis, renmen, tèt ansanm, padon…Tankou Lasent
Vyèj Mari nou dwe gen atitid moun ki vle konprann, ki vle kolabore, ki vle pou
mete men nan pat sosyete a pou rive transfòme l’ daprè jan Granmèt la vle
li.Tankou nouvo pèp Bondye a, nou vle chak jou di Bondye «wi», mete men nou nan
pat la pou transfòmasyon sosyete nou an daprè kè Bondye ki Sen nèt la epi ki
rele nou tout pou nou vini sen.
LAPRIYÈ: Bondye, ou
menm ki te vle pou Pawòl ou a resevwa veritab chè moun nan vant Mari ki Vyèj,
nou menm ki rekonèt Sovè nou an Bondye epi moun, tanpri, Bondye li ye a, fè nou
sanble ak li.
PWOPOZISYON: Chèche konnen kisa
Bondye vle nan lavi ou epi kite sa fèt jan li vle.
No hay comentarios:
Publicar un comentario