Páginas

LENDI 24

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Te gen anpil moun maladi lalèp nan Izrayèl, pèsòn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an».
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 5, 1 15a
Jou sa yo:
Naaman, chèf lame wa Siri a, se te yon mesye ki te gen gran plas kay mèt li, li te gen gwo grad: sèke se pa lentèmedyè l’ Granmèt la te bay Siri delivrans; se te yon mesye ki te gen pouvwa, ki te rich, men li te gen maladi lalèp.
Yon lè, gen bandi ki sòti Siri, yo mèt men sou yon ti fi nan peyi Izrayèl la, ti fi a vin nan sèvis madanm Naaman. Li di metrès li: «Pa pito mèt mwen t’al kot pwofèt ki Samari a! Sètènman li t’ap geri l’ sot nan lalèp li genyen an».
Konsa Naaman antre kay mèt li, li ba l’ nouvèl, li di: «Se tèl jan ak tèl manyè ti fi peyi Izrayèl la pale ak mwen».
Wa Siri a di l’: «Ale, m’ap voye lèt bay wa Izrayèl la».
Li pati, li pran dis pyès lajan avèk li, ak si mil pyès lò ak dis bèl rad, li renmèt wa Izrayèl la lèt yo, men pawòl lèt yo: «Lè w’ap resevwa lèt sa a, w’a konnen mwen voye Naaman sèvitè m’ nan kote ou pou ou geri l’ sot nan maladi lalèp li a.
Lè wa Izrayèl la li lèt yo, li chire rad li, li di: «Èske se Bondye mwen ye, pou m’ kapab touye, pou m’ kapab bay lavi, ki fè sila a voye kote m’ nan, pou m’ geri yon moun sot nan lalèp li a: konsidere sa pou nou wè si se pa okazyon l’ap chèche pou l’ fè kont avèk mwen».
Lè Elize, moun Bondye a tande wa a te chire rad li, li voye kote l’, li di: «Pouki sa ou chire rad ou a? Vin kote m’ w’a konnen gen yon pwofèt nan Izrayèl».
Konsa Naaman rive ak chwal li, ak kawòs li, li kanpe devan pòt kay Elize. Elize voye yon mesaje kote l’ pou l’ di: «Al lave kò ou sèt fwa nan Jouden an, chè ou ap rekòmanse jwenn lasante, w’ap geri».
Naaman fache, li kòmanse rekile pou l’ al fè wout li, li di: «Mwen te panse li t’ap sòti vin jwenn mwen, li t’ap kanpe pou l’ rele non Granmèt Bondye l’ la, li t’ap touche kote m’ gen lalèp la ak men l’ li t’ap geri m’. Èske gran larivyè Damas yo Anama ak Farfar pa pi bon pase tout dlo Izrayèl yo, pou m’ ta lave kò m’ nan yo, pou m’ ta geri»?
Kòm li t’ap vire pou l’ al fè wout li byen fache, sèvitè l’ yo pwoche kote l’, yo di l’: «Papa, si se yon gran bagay pwofèt la te di ou, sètènman ou t’ap fè l’; ou gen plis rezon pou ou fè sa l’ di ou koulye a: «Lave kò ou, w’ap geri».
Li desann, li lave kò l’ nan Jouden an sèt fwa daprè pawòl moun Bondye a, chè l’ vin an sante tankou chè yon timoun piti, li geri.
Li tounen kot moun Bondye a ansanm ak tout gwoup li a, li rive, li kanpe devan l’, li di: «Reyèlman vre, mwen konnen pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl. Mwen lapriyè ou pou ou resevwa benediksyon nan men sèvitè ou la».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 41, 2. 3; sòm 42, 3. 4
R/ Nam mwen swaf kot Bondye vivan an.
Kilè m’ap parèt devan fas Bondye.Tankou yon belye anvi al nan sous dlo yo, konsa nam mwen anvi al kote ou, Bondye.R.
Nam mwen swaf Bondye, Bondye vivan an; kilè m’a pral parèt devan fas Bondye? R.
Voye limyè ou la ak verite ou la; pou yo kondui m’, pou yo mennen m’ sou mòn ou a ki sen an, ak nan joupa w’ la.R.
M’ap antre kot lotèl Bondye a, kot Bondye kè kontan mwen an. M’ap fè lwanj ou sou gita, Bondye, Bondye m’.R.
LEVANJIL
«Tankou Eli ak Elize, se pa pou Juif yo sèlman yo te voye Jezi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 24 30
Lè Jezi rive Nazarèt, li di pèp la nan kay reyinyon an: «An verite mwen di nou, okenn pwofèt pa jwenn moun lakay li resevwa l’ byen. Se laverite mwen di nou, te gen anpil vèv sou tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twzan ak si mwa a, lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men se pa kot youn nan yo yo te voye Eli, sof kot vèv la nan Sarepta Sidon an. Te gen anpil moun maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize; youn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an». Tout moun nan kay reyinyon an plen ak kòlè, lè yo tande sa. Yo leve, yo chase l’ sot nan lavil la; yo kondui l’ sou tèt mòn nan, kote lavil yo te bati a, pou yo jete l’ anba. Li menm menm, li pase nan mitan yo, 1’al fè wout li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Zanmi nou yo, jodi a litiji legliz la envite n’ reflechi sou Pawòl Bondye a, sous richès ak sajès pou tout moun ki kwè epi k’ap aji lafwa l’ nan Bondye vivan an. Nan premye lekti a nou wè istwa gerizon ekstrawodinè Naaman, chèf lame Siri a. Sa ki dwe make n’ nan tèks sa a, se jès lafwa Naaman te rive fè menm lè oparavan li t’ap reziste. Naaman t’ap gade sou aparans men an reyalite se konfyans ak abandon total la nan men Bondye, se sa ki te pi enpòtan pou l’ jwenn delivrans li te bezwen an. Nan jès li fè pou l’al lave kòl nan dlo jouden an pandan 7 fwa, li eksperimante pouvwa Bondye Izrayèl la. Yon pouvwa Bondye manifeste atravè pwofèt li a, Elize. Naaman, nèg peyi Siri a, sètènman se te yon nonm relijye nan pwòp relijyon pa li a, li t’ap chache laverite a sou pwòp ekzistans li, li te genyen pwòp kwayans li kòm manb yon pèp ki diferan ak pèp Izrayèl. Men Bondye sèvi ak yon jèn fi ki se jwif pou l’ konseye metrès li pou voye mari l’ale wè pwofèt la. Jèn fi a te endike metrès Naaman Bondye Izrayèl la se yon Bondye ki konn fè mèvèy epi kè sansib li a la pou tout tan. Nou menm tou, kòm kretyen, menm jan sèvant madanm Naaman an te fè a, nou dwe tounen moun k’ap oryante lòt yo, dekwa pou yo rankontre ak Bondye.
Nan levanjil la Jezi bay yon leson pou montre jwif yo kòman lanmou Bondye a pa gen limit, epi Bondye granmoun pou l’ aji jan li vle. Jezi pale pou l’ aprann jwif yo pran leson sou sa k’ te pase nan tan pwofèt Eli ak Elize. Sa fè n’ sonje sa Granmèt la te di deja: «Se kè Sansib mwen vle, se pa sakrifis.» Yon lòt kote l’ te di: «Li vini pou yo gen lavi epi pou yo gen lavi an kantite». Li pa sifi chita di nou se kretyen batize; men tou nou dwe aji selon volonte Bondye. Epi nou dwe aprann konnen chak jou kisa Bondye mande nou.Granmèt la ap kontinye fè mèvèy nan lavi anpil moun ki fenk kontre ak li, anpil moun ki pa t’ janm konnen l’ pou l’ montre kòman mesaj li a pa ekskli pèsonn, pou l’ aprann nou volonte Papa l’; se pou tout moun alawonnbadè jwenn lavi an kantite. Li pa sifi di tankou jwif yo nou sòti nan ras Abraam. Fòk nou manifeste charite a, pratike bon zèv, mete lavi n’ chita sou sa pawòl Bondye a mande nou. Granmèt la ki vivan, l’ap aji nan lavi chak moun sou latè, nan lavi chak pèp, chak nasyon dekwa pou tout moun rive konnen sa li vle epi pou yo aksepte pran wout k’ap kondi nan lavi pou tout tan an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede n’ jwenn gerizon pou tout lèp egois, jalouzi, rankin, divizyon, laperèz, mank lafwa k’ap brase bil nou chak sou latè, dekwa pou n’ mache fè lwanj ou tout kote nou pase.

PWOPOZISYON: Nan rankont ak moun lòt relijyon, ann montre anpil konpreyansyon epi anpil enterè pou n’ mete n’ nan sèvis yo yon fason oubyen yon lòt san espri eksklizyon. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario