Koulè Vyolèt
TWAZYÈM DIMANCH KARÈM, ANE A
PREMYE LEKTI
«Ba nou dlo pou nou bwè».
LEKTI LIV EKZÒD 17, 3-7
Jou sa yo:
Pèp la te swaf poutèt pa t’ gen dlo, li babye kont Moyiz, li
di: «Pouki sa ou te fè nou pati kite Lejip la, pou ou touye nou avèk pitit nou
yo avèk bèt yo ak swaf? Moyiz menm rele kot Granmèt la, li di: «Ki sa ou fè pèp
sa a? yon ti kras ankò epi l’ap kalonnen m’».
Granmèt la di Moyiz: Pran devan pèp la, pran nan ansyen Izrayèl
yo avèk ou, ni baton an, sa ou te frape larivyè a, pran l’ nan men ou, epi ale.
Men m’ap kanpe laba a devan ou sou wòch orèb la; w’ap frape wòch la, dlo ap sòti
ladan l’, pou pèp la bwè».
Moyiz fè konsa devan ansyen Izrayèl yo.Yo rele non kote sa a
«Tantasyon» poutèt kont pitit Izrayèl yo, epi paske yo te eseye Granmèt la, yo
t’ap di: «Èske Granmèt la nan mitan nou oubyen non»?
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Si
jodi a nou te kapab koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè nou».
Vini, an nou
fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou. An nou pwoche devan
fas li avèk lwanj, avèk kantik, an nou fè fèt pou li.R.
Vini, an nou
adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an, paske se
li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak li ak mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’: «Pa fèmen kè nou, tankou
nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan;
yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R.
DEZYÈM LEKTI
«Renmen an vide nan nou gras a lespri a yo ba nou an».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 1-2. 58
Frè m’ yo:
Kòm nou vin
kòrèk gras a lafwa a, se pou nou gen lapè k’ap fè nou pwoche kot Bondye pa lentèmedyè
Granmèt nou Jezikri, se pa lentèmedyè l’ tou nou gen posibilite pwoche nan favè
sa a pa lentèmedyè lafwa a, favè sa a ki pèmèt nou jwenn konsiderasyon nou,
antan n’ap espere bèlte pitit Bondye yo.
Espwa a menm
pa fè nou wont, paske renmen Bondye a vide nan kè nou pa lentèmedyè Lespri Sen an
yo ba nou an. Pouki sa Jezikri, malgre nou te fèb toujou a, li mouri pou peche
yo lè tan an rive a? Apèn yon moun kapab aksepte mouri pou yon lòt ki kòrèk;
pou yon moun debyen, pètèt kilès ki kapab riske mouri? Men Bondye montre jan l’
renmen nou, paske, malgre se pechè nou te ye, Jezikri mouri pou nou nan tan
fikse a.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Sous dlo k’ap vòltije pou lavi ki p’ap janm fini an».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ JAN 4, 5 42
Lè sa a:
Jezi rive nan lavil Samari a, sa yo rele Sika a, tou pre
propriyetete a Jakòb te bay Jozèf pitit li a. Te gen pui Jakòb la kote sa a. Jezi
menm fatige ak wout la, li te chita konsa sou bò pui a. Se te apeprè midi.
Yon madanm Samari vin pou tire dlo. Jezi di l’: «Ban mwen bwè».
Disip li yo te pati nan lavil la, pou yo achte manje.
Madanm Samaritèn nan di l’ konsa: Kijan ou menm ki Juif, ou
kapab mande m’ bwè, mwen menm yon madanm Samaritèn»? Reyèlman vre Juif yo pa frekante
Samariten yo.
Jezi reponn, li di l’: «Si ou te konn kado Bondye a epi
kilès k’ap di ou: «Ban m’ bwè» a se ou menm ki ta mande l’, epi li ta ba ou dlo
vivan an».
Madanm nan di l’: «Mèt, ou pa menm gen dekwa pou ou tire
dlo, epi pui a fon; kote ou kapab jwenn dlo vivan an? Èske ou pi gran pase
Jakòb zansèt nou an, ki te ba nou pui a, epi li te bwè ladan l’, ni pitit li yo
ni bèt li yo»?
Jezi reponn, li di l’: «Tout moun ki bwè nan dlo sa a l’ap swaf
ankò; men moun ki bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap swaf pou tout tan; men dlo
m’ap ba li a, l’ap vin tounen yon sous dlo nan li, k’ap vòltije pou lavi tout
tan an».
Madanm nan di l’: «Mèt, ban m’ dlo sa a, pou m’ pa swaf, ni
pou m’ pa vin tire dlo isit la».
Jezi di l’: «Al rele mari ou, epi vini isit la».
Madanm nan di: «Mwen pa gen mari».
Jezi di l’: «Ou fè byen di: «Mwen pa gen mari»; sèke se senk
mari ou te genyen, epi koulye a, sila a ou genyen an, se pa mari ou li ye: sa a
se laverite ou di.
Madanm nan di l’: «Mèt, mwen wè se yon pwofèt ou ye. Zansèt
nou yo te adore sou mòn sa a, epi nou menm nou di se Jerizalèm kote pou nou
adore a».
Jezi di l’: «Madanm, kwè m’, lè a rive, se pa ni sou mòn sa a
ni Jerizalèm n’ap adore Papa a. Nou menm n’ap adore sa nou pa konnen, nou menm
nou adore sa nou konnen, paske delivrans la se nan Juif yo li sòti. Men lè a
rive, epi se koulye a, kote veritab moun k’ap adore yo, y’ap adore Papa a nan lespri
ak laverite. Reyèlman vre se kalite moun sa yo Papa a ap chèche, pou adore l’.
Bondye se Espri, moun ki adore l’ yo, se nan lespri ak laverite pou yo adore».
Madanm nan di l’: «Mwen konnen Mesi a ap vini, sila a yo rele
Kris la; lè l’ vini, l’ap anonse nou tout bagay».
Jezi di l’: «Se mwen menm, sila a k’ap pale avèk ou a».
Menm lè a disip li yo rive, yo te sezi poutèt li t’ap pale
avèk yon madanm nan; men pèsòn pa t’ di: «Ki sa ou bezwen»? Oubyen: «Pouki sa w’ap
pale avèk li a»? Madanm nan menm kite krich li a, li pati nan lavil la, li di
moun yo: «Vin wè yon moun ki di m’ tout sa m’ te fè: èske se pa li menm ki Kris
la»? Konsa yo sòti nan lavil la, yo vin kote l’. Pandan tan sa a, disip li yo t’ap
lapriyè l’, yo t’ap di: «Rabi, manje». Li menm li di yo: «Mwen gen yon manje
pou m’ manje, nou pa konnen li».
Konsa disip yo youn t’ap di lòt: «Èske yon moun ta pote manje
ba li»?
Jezi di yo: «Manje m’ se fè volonte sila a ki voye m’ nan,
pou m’ reyalize travay li. Èske nou menm nou pa di nan kat mwa ankò, rekòlt la
rive? Gade, mwen di nou, leve je nou, gade rejyon yo, paske yo deja tou blan
pou rekòlt la. Moun ki te simen an, li resevwa rekonpans li, l’ap ranmase fwi
pou lavi ki p’ap janm fini an, pou moun k’ap rekòlte a kontan ansanm ak sila a
ki simen an. Nan sa reyèlman vre pawòl la vre: youn simen, lòt la rekòlte.Mwen
menm mwen te voye rekòlte, kote nou pa t’ travay; dòt te travay, epi nou menm
nou antre nan fwi travay yo».
Nan lavil la anpil moun te kwè nan li nan pami Samariten yo,
poutèt pawòl madanm nan ki te sèvi temwen an: «Li di m’ tout sa m’ te fè»!
Konsa lè yo vin kote l’, Samariten yo mande l’ pou l’ rete la a. Li rete la a de
jou. Gen plis moun ki kwè nan li toujou poutèt pawòl li. Yo t’ap di madanm nan:
«Koulye a se pa poutèt pawòl ou nou kwè ankò; sèke nou tande l’ li menm, epi
nou konnen sila a se Sovè tè a tout bon vre».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a, twazyѐm
dimanch tan Karѐm, nou kapab di nou deja rive nan mwatye
wout nou gen pou nou fѐ pou nou kapab fete gwo evènman sa a, ki
se sant lavi tout kretyen k’ap viv sou fas tѐ a. Lѐ
n’ap mache nan yon wout ki long, nou toujou gen tandans gade dѐyѐ
pou nou wè ki valѐ nou fѐ deja epi gade devan
tou, pou nou wѐ ki kantite nou rete. Donk nou menm
kretyen, nou dwe pran tan pou nou evalye tèt nou, pou nou wè si nou akonpli
tout devwa nou te genyen pou nou akonpli pandan tan Karѐm
nan; an nou fѐ
yon ti repase pou nou wѐ ki kantite nou fѐ
deja epi ki kantite nou rete pou nou fѐ.
An
nou gade kisa pawὸl Bondye jodi a pote pou nou, konsa n’a wѐ kote nou ye nou
menm. Nan premye moso Labib la, nan liv Ekzὸd la, nou wѐ kὸman pѐp Izrayѐl la t’ap
babye kont Moyiz nan dezѐ a paske swaf t’ap touye yo, yo pa t’ jwenn dlo pou yo
bwѐ. Moyiz menm te pale ak Bondye, la menm Bondye te bay Moyiz lὸd kisa pou li
fѐ e dlo te koule an kantite, tout moun te bwѐ dlo ki te pase swaf yo. Tan Karѐm
nan se tankou yon dezѐ pou nou, kote gen anpil bagay nan lavi nou ki fѐ nou
babye kont Bondye, anpil bagay ki fѐ nou aji tankou engra anvѐ Bondye lѐ
li fin fè yon bagay pou nou ; men malgre sa li toujou koute rѐl nou,
lѐ nou rele ba li. Nan sòm 94, moun ki ekri sòm nan envite nou pou nou pa
fѐ kѐ nou di, lѐ nou tande vwa Granmèt la, paske li toujou rete bra louvri ap
tann nou, pou nou vin jwenn li. Nan dezyѐm moso Labib la, Pὸl nan lѐt li ekri
moun Wὸm yo, ap fѐ nou sonje kὸman Bondye renmen nou, renmen ki pouse l’ voye
sѐl grenn Pitit li a mouri sou yon bwa lakwa pou l’ te kab sove nou. Pi devan,
nan Levanjil la, nan rankont Jezi ak madanm samaritѐn nan, nou kapab rive
dekouvri plizyѐ aspѐ ki oryante lavi nou, atitid nou pandan tan karѐm nan. Nan epòk
sa a, Jwif avѐk samariten, se te 2 pѐp ki pa t’ danse kole youn ak lὸt, men
Jezi ki se Jwif pa t’ezite pwoche bὸ madanm nan pou l’ te mande l’ dlo. Sa vle
di, tan karѐm nan, se tan pou nou kraze tout baryѐ, tout rankin ki separe nou
youn avѐk lὸt. Dezyѐmman, madanm samaritѐn sa a, ki t’ap viv nan peche, ki
te santi lavi a fini pou li, rankont li avѐk Jezi vini transfὸme l’, li fѐ
l’ vin tounen yon moun nouvo paske Jezi trete l’avѐk respѐ avѐk diyite. Li menm
tou, li te dispoze pou l’ koute Jezi ; se sa k’ fѐ gwo chanjman sa a te
rive opere nan lavi li. Se sa tan Karѐm nan ye, tan pou nou chѐche fѐ yon vrѐ
rankont ak Jezi, dispoze tande kisa l’ap di nou, konsa nou va fete yon fѐt Pak
tout bon ak menm kѐ kontan ki t’ap debὸde nan kѐ samaritѐn nan aprè rankont li
ak Jezi.
LAPRIYÈ : Granmѐt,
menm lѐ tout moun bliye nou, ou menm ou vin jwenn nou. Kounye a nou bezwen w’.
Aji nan nou menm jan w’ te fѐ pou samaritѐn nan, avѐk respѐ avѐk anpil lanmou
nan kѐ w’. Pandan tan karѐm sa a, pѐmѐt nou fѐ yon rankont tout bon avѐk ou,
kite nou bwѐ nan dlo lavi ki p’ap janm fini an ; konsa nou va rive fete
fѐt Pak la avѐk yon kὸ nouvo, yon nanm nouvo, yon lespri nouvo. Amѐn.
PWOPOZISYON : Chѐche rankontre Jezi pou
n’ kabab rive antere tout move eksperyans nou te fѐ epi kòmanse yon lavi
tounѐf.
No hay comentarios:
Publicar un comentario