Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se pou l’ jete tout peche nou yo
nan fon lanmè a».
LEKTI LIV PWOFÈT MICHE 7, 14-15. 18-20
Kondui pèp ou a, Granmèt, avèk bagèt ou a, mouton eritaj ou a,
yo menm ki abite pou kont yo nan rak bwa a, nan mitan Kamèl la; se pou yo manje
zèb Bachan ak Galaad tankou jou lontan yo. Tankou jou ou te fè yo sòti nan peyi
Lejip la, fè yo wè mèvèy. Kilès ki tankou ou, Bondye, ou menm ki wete peche a,
ou menm ki padonnen fot rès eritaj ou a? Li p’ap fè kòlè ankò, paske se kè
sansib li vle.
Se pou l’ tounen, pou l’ pran pitye pou nou, se pou l’ wete
peche nou yo, pou l’ jete tout peche nou yo nan fon lanmè. W’ap bay Jakòb verite
a, w’ap bay Abraam kè sansib la, sa ou te fè sèman bay zansèt nou yo, depi nan
jou lontan yo.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 9-10.
22-23
R/ Granmèt
la sansib, li pran pitye.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen; tout sa k’ anndan m’,
fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen,
pa bliye tout sa ou dwe l’.R.
Li menm ki
padonnen tout peche ou yo, ki geri tout maladi ou yo; ki delivre lavi ou sot
nan lanmò, ki kouwonnen ou nan kè sansib ak pitye.R.
Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, ni pou tout tan l’ap
fache. Se pa daprè peche nou yo li aji avèk nou, ni daprè fot nou yo li renmèt
nou.R.
Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib li debòde pou
moun ki respekte l’ yo; otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li voye peche nou
yo lwen nou.R.
LEVANJIL
«Frè ou la ki la a, li te mouri, li
reviv».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15,
1-3. 11 32
Lè sa a:
Pibliken yo
ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen yo ak pwofesè yo t’ap babye,
yo t’ap di: «Sila a resevwa pechè yo, li manje avèk yo».
Li di parabòl sa a pou yo, li di:
«Te gen yon mesye ki te gen de pitit, pi jèn nan yo a di
papa a: «Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki destine pou mwen an». Li separe eritaj
la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase, pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li
pati, 1’al fè wout li nan yon peyi byen lwen lè l’ rive la, li gaspiye eritaj
li a antan l’ap viv nan libètinaj.
Lè l’ fin depanse tout bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon
sa a, li menm li kòmanse nan bezwen. Li pati, 1’al nan sèvis yon mesye nan peyi
sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’, pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li
ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap manje yo; men pèsòn pa t’ ba li.
Li antre nan fon kè l’, li di: «Konbyen jounalye nan lakay
papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap
leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan
ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou: trete m’ tankou youn nan
jounalye ou yo». Li leve, li vin jwenn papa l’.
Pandan l’ te lwen toujou, papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak
sansibilite, li kouri, li lage kò l’ nan kou l’, li anbrase l’. Pitit la di l’:
«Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’
pitit ou».
Papa a menm di sèvitè yo: «Fè vit pote pi bèl rad la, abiye l’;
mete yon bag nan men l’, ak soulye nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a,
touye l’, n’ap manje, n’ap fete; paske pitit mwen sa a ki te mouri a, li reviv,
li te peri, nou jwenn li». Epi, yo kòmanse fete.
Men pi gran pitit li a te nan jaden, lè l’ rive li pwoche bò
kay la, li tande chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki
kalite bagay sa yo. Sila a menm di l’: «Se frè ou la ki vini, papa ou fè touye
towo a yo t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante». Lòt la menm fache,
li refize antre; papa l’ blije sòti, li kòmanse lapriyè l’. Li menm menm li reponn,
li di papa l’: «Men konbyen ane m’ap sèvi ou, mwen pa janm dezobeyi yon
kòmandman ou epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit, pou m’ fete avèk zanmi m’
yo; men pitit ou sa a, ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi, kon l’ rive,
ou touye towo yo t’ap angrese a, akòz li».
Li menm li di l’: «Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’
genyen se pou ou. Sèlman se pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan,
paske frè ou sa a te mouri, li reviv, li te peri, nou jwenn li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Tan Karèm sa a ba nou
opòtinite pou nou reflechi sou lanmoun, pitye ak mizerikòd Granmèt la gen pou
nou. Tèks nou li pou jodi a yo envite nou antre nan dinamik kè sansib ak pitye
Bondye. Nan premye lekti a nou wè jan Granmèt la padone peche pèp li a, li pa
gade sou sa yo te fè pou li konble yo ak gras li. Se poutèt sa sòm 102 nou sot
medite a di nou :«Granmèt la
sansib, li pran pitye». Menm jan toujou istwa Levanjil la
rakonte nou kalite pitye ak mizerikòd Granmèt la ki aksepte padone peche pitit
li a, malgre li te mande eritaj pa l’ san papa pa t’ ko mouri epi li te gaspiye
tout sa li te genyen nan banbòch. Pasaj sa ape de nou dekouvri kijan Bondye pa
mezire kè sansib li ak mizerikòd li. Kèlkeswa sitiyasyon nou ye, si nou pwoche
kote li ak yon kè ki repanti, li va padone nou, li va pran pitye pou nou.Tan
litijik sa menm envite nou fè revizyon sa nan lavi kretyen nou, pou nou evalye
si n’ap viv jan Bondye vle, ou byen si gen kèk ti chanjman nou dwe fè nan lavi
nou. Nou konnen chè a fèb anpil e pafwa nou fè sa nou pa ta dwe fè, ann koube
nou devan Granmèt la pou nou mande padon. E an menm tan, fòk nou evite tonbe
nan atitid pi gran frè a ki te fèmen tèt li nan egoyis, epi li pa t’ menm kapab
fete ak papa retou ti frè l’ la ki te pèdi a.
LAPRIYÈ : Granmét ede m’ rekonèt tò mwen
fè ou chak jou, konsa m’a toujou fè eksperyans renmen, padon ak mizerikòd ou. Fè
m’ viv tan Karèm sa ak tout kè m’ pou lavi m’ ka chanje. Amèn
PWOPOZISYON : Chache yon ti moman
nan jounen jodi a pou ou rekonèt peche w’ devan Bondye, pou ou fè yon meakoulpa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario