Páginas

VANDREDI 21

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Men sila a ki te fè rèv la k’ap vini : an ale, n’ap touye li».
LEKTI LIV LAJENÈZ 37, 3-4. 12-13a. 17b-28
Izrayèl te renmen Jozèf pi plis pase tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te anfante l’; li te fè yon rad long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan papa a te pi renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè avèk li.
Kòm frè l’ yo t’ap pase yon tan Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di Jozèf: «Frè ou yo ap gadiyen mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote yo». Jozèf pati dèyè frè l’ yo, li jwenn yo Dotayin.
Yo menm, kon yo wè l’ depi byen lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè konplo pou yo touye l’. Youn pale ak lòt: «Men sila a ki fè rèv la k’ap vini: an nou wè, n’ap jete l’ nan yon vye pui, n’ap di: «Yon bèt sovaj devore li», konsa y’a wè ki sa rèv li yo te sèvi li».
Lè Riben tande sa, li t’ap eseye delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: «Pa touye lavi l’, pa vide san l’; men jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan, konsa n’a kenbe men nou san yo pa koupab». Li t’ap di sa, paske li te vle wete l’ sot nan men yo pou l’ renmèt li bay papa l’.
Menm lè li rive kot frè l’ yo, yo wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl koulè a, sot sou li, yo mete l’ nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a.
Yo chita pou yo manje pen, yo wè Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad, avèk chamo yo ki t’ap pote losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’ yo: «Sa sa ap sèvi nou, si nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li pi bon si nou vann li bay Ismayelit yo, konsa nou p’ap sal men nou; sèke se frè nou ak chè nou li ye». Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo.
Lè machann Madyanit yo vin ap pase, yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay Izmayelit yo pou ven pyès lajan, Izmayelit yo kondui l’ lejip.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 104, 16-17. 18-19. 20-21
R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè yo.
Li rele grangou sou tè a, li kase tout baton pen, li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm esklav la.R.
Yo fiske pye l’ nan chenn, yo pase kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la netwaye l’.R.
Wa a voye lage l’, chèf pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’ posede.R.
LEVANJIL
«Men eritye a: vini, an nou touye li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 21, 33-43. 45-46
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen yo nan pèp la:
«Koute yon lòt parabòl: Te gen yon pèd-fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt lantouraj tout alantou l’, li fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay wo, li lwe jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen.
Lè tan fwi yo t’ap pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase premye yo, yo fè yo menm jan. Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: «Y’a respekte pitit mwen an».
Kiltivatè yo menm, lè yo wè pitit la, yo di nan kè yo: «Men eritye a: an nou wè, n’ap gen eritaj li a». Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?
Yo di l’: «L’ap fè yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon yo». Jezi di yo: «Èske nou pa t’ li nan labib la:
Wòch la bòs mason refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?»
Se pousa mwen di nou, y’ap wete peyi wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon k’ap fè l’ donnen fwi l’». Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt se osijè yo li t’ap pale. Yo t’ap chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pa gen anyen lanbisyon p’ap fè nou fè. Se pou nou kontante nou ak sa Bondye ba nou: lè ou gen lanbisyon ou pa kapab gen renmen nan kè ou ; se rayisans, jalouzi, ak mechanste n’ap pwodwi nan kè nou. Nou wè kisa lanbisyon kapab fè : frè Jozèf yo, kijan yo t’ap touye l’, nou wè ankò kijan lanbisyon fè kiltivatè yo t’ap touye eritye tè yo t’ap travay la. Lè lanbisyon, jalouzi ak mechanste anpare nou, nou bliye ki sans lavi moun genyen, lavi nou se kado Bondye fè nou, se poutèt sa nou dwe respekte lavi pa nou ak lavi lòt yo. Kòm se Bondye ki bay lavi, se poutèt sa lè nou gen lide detwi lavi, Bondye toujou voye yon lòt moun pou delivre l’ ; sa ki te pase pou Jozèf, Granmèt la te voye machann yo vin achte l’ pou frè yo pa t’ touye l’.Gen yon pwovèb ki di «lè ou renmen tout bagay pou ou, ou pèdi tout»; se sa Sen Mak vle fè nou konnen atravè Levanjil li ekri a. Nou wè kiltivatè a te renmen tè a jis li touye eritye a, se konsa li pèdi tè a tou. An nou gade bò kote pa nou, kijan lanbisyon ap fè ravaj nan sosyete a, nan kominote nou yo, nan peyi nou ak nan fanmi nou, ki fè nou pa rekonèt sèvite Bondye voye kote nou, menm pitit la li voye pou l’ kapab sove nou, nou touye l’. Jodi a se sa nou wè k’ap pase.Konsa, nou dwe vire do bay tout fòs fènwa ki vle mete nou dozado youn ak lòt, tankou lanbisyon, jalouzi, mechanste. Ann fè jefò pou bagay sa yo pa detwi lavi nou, puiske se Bondye ki bay lavi. Ann remèt li lavi nou, kite l’ fè sa li vle avèk li, pou lavi kab genyen sans.
LAPRIYÈ : Granmèt, m’ap mande w’ padon pou chak fwa mwen kite lanbisyon ak jalouzi fè m’ pa respekte lavi moun sou tè a ; tanpri soutni jefò m’ap fè pou m’ lite kont bagay sa yo. Mwen di ou mèsi deja, pou padon ou akòde m’ ; ede m’ rete nan renmen ou nan pou m’ kab renmen menm jan ak ou. Amèn

PWOPOZISYON : Pandan semèn sa a m’ap lite pou lanbisyon ak jalouzi pa gate relasyon m’ak Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario