Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Madichon pou moun ki mèt konfyans nan moun; benediksyon pou moun ki mèt
konfyans nan Granmèt la».
LEKTI LIV PWOFÈT
JEREMI 17, 5-10
Men pawòl
Granmèt la:
«Madichon
pou moun ki mèt konfyans nan yon moun, epi ki mete yon moun kòm fòs bra l’, men
li wete kè l’ sot kot Granmèt la. L’ap tankou yon bwa chèch nan savann, li p’ap
wè lè byen an rive; men l’ap abite nan savann sèk la, nan tè sale a kote moun
pa kapab abite a.
Benediksyon
pou moun ki mèt konfyans nan Granmèt la, ki mèt espwa l’ nan Granmèt la; l’ap
tankou yon pye bwa yo transplante sou bò dlo yo, ki plonje rasin li yo nan frechè,
li p’ap pè lè chalè a ap rive, fèy li ap ret vèt, nan tan sechrès la li p’ap
nan tèt chaje, li p’ap janm manke donnen fwi.
Kè tout moun
move, yo pa kapab sonde l’, ki moun ki konnen l’? Se mwen menm Granmèt la ki
sonde kè, ki eseye ren; mwen menm ki bay chak moun daprè chemen l’ epi daprè fwi
travay li».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou
moun ki mete Granmèt la kòm espwa li.
Se chans pou
moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo ki pa kanpe nan chemen moun peche
yo, ki pa chita nan gwoup moun move plezantri yo, men se nan lalwa Granmèt la
li mèt volonte l’, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kou lannuit.R.
L’ap tankou
yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy
li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Mechan yo pa konsa, yo pa konsa, men se tankou pousyè van an
ap bwote. Sèke Granmèt la konnen chemen moun ki kòrèk yo, wout moun ki pa kòrèk
yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Ou te resevwa byen, Laza te resevwa
malè; koulye a l’ap konsole isit la, ou menm menm ou nan soufrans».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 19-31
Lè sa a: Jezi di farizyen yo:
«Te gen yon mesye ki te rich, li te konn abiye ak vlou ak swa,
chak jou li te konn ap fè bèl resepsyon. Men te gen yon pòv tou, yo te rele
Laza, ki te kouche nan papòt li, li te plen ak blesi, li te anvi plen vant li
ak ti kal manje ki te konn ap tonbe sot sou tab rich la, men pèsòn pa t’ konn
ba li; okontrè se chyen yo ki te konn vin ap niche kote l’ te malad yo.
Rive pòv la vin mouri, mesaje yo pote l’ nan lestomak
Abraam; rich la vin mouri tou, yo antere l’ nan lanfè.
Li leve je l’ anlè, pandan li t’ap soufri a, li wè Abraam byen
lwen ak Laza nan lestomak li. Li rele byen fò, li di: «Papa Abraam, pitye pou mwen,
voye Laza, pou l’ tranpe ti bout dwèt li nan dlo, pou l’ rafrechi lang mwen,
paske m’ap soufri nan flanm saa».
Abraam di l’: «Pitit, sonje ou te resevwa byen yo nan lavi ou,
Laza menm te resevwa malè; koulye a atò li jwenn konsolasyon isit la, ou menm menm
w’ap soufri. Ak tout sa, ant nou menm epi ou menm gen yon gran vid ki ekziste,
atèl pwen moun ki ta vle sot isit la pou y’al travèse kote ou, yo pa kapab, ni
sot kote ou pou travèse isit la».
Li di: «Mwen lapriyè ou, Papa, pou ou voye l’ lakay papa m’
(sèke mwen gen senk frè), pou l’ bay temwayaj devan yo, pou yo menm tou yo pa
vin nan kote soufrans sa yo isit la». Abraam di l’: «Yo gen Moyiz ak pwofèt yo:
se pou yo koute yo». Li di l’: «Non, Papa Abraam; men, si youn nan mò yo al kote
yo, y’ap fè penitans». Li di l’: «Si ata Moyiz ak Pwofèt yo yo pa koute yo, se
pa yon moun ki ta leve sot nan pami mò yo yo ta koute».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Moun ki met konfyans
yo nan Granmèt la p’ap janm pèdi espwa, se sa premye lekti nan jounen jodi a
vle fè nou reflechi, pou nou aprann met tout konfyas nou nan Bondye, paske se
li menm sèl k’ap toujou kanpe avèk nou, epi tou l’ap konble nou ak benediksyon.
Epoutan moun ki mete konfyans yo nan lèzòm se yon malè li ye, paske sèl Granmèt
la ki konnen e ki ka konprann nou nan nenpòt moman n’ap viv, se li k’ap gade sekrè
epitou pa gen anyen nou pa ka di l’; se nan li solisyon pwoblèm nou ye. Levanjil la pote yon
gran leson pou nou tou jodi a, kòman Bondye rezève yon plas nan syèl la pou
tout pitit li yo ka soufri. Nou pa bezwen dekouraje nan moman difisil yo, lè
nou grangou, malad, san lajan. Nou pa fèt pou nou dekouraje ni dezespere pou n’al
fè sa k’ pa bon, paske Bondye gen yon gwo rekonpans pou nou nan syèl la, si nou
aksepte ak kouraj sikonstans move lavi. Kilès ki ta di rich la li t’ap gen
bezwen Laza ? E poutan li mande Papa Abraam pou l’al fè pòv la mete yon
gout dlo nan bouch li, men li te gentan twò ta ; se poutèt Abraam reponn
li t’ap viv byen nan mond la, Laza menm se soufri li t’ap soufri. Si nou pa
aprann pataje sa nou genyen piti kou li ye nou kapab tonbe nan menm danje ak
nèg rich la. Nou toujou ka jwenn kichòy pou nou pataje ak yon moun ki nan nesesite,
menm si se yon ti tan pou nou koze ansanm, yon visit, yon akonpayman. Yon lòt
bò, Bondye vle montre nou nesesite pu nou aprann koute vwa li nan mesaje li yo,
paske lè rich la te di kite Laza al bay frè l’ yo temwayaj sa, li reponn li gen
anpil pwofèt ki pale chak jou de sa men, yo pa koute yo. Ann met atasyon nou
sou pawòl Granmèt la, ann koute vwa mesaje l’ yo ; ann aprann viv,
enteryorize pawòl levanjil la.
LAPRIYÈ : Granmèt, aprann nou pataje sa
nou genyen, menm si li piti. Paske lè nou pataje, se avèk ou menm menm nou
pataje, ou menm ki te pataje lavi ou avèk nou.
PWOPOZISYON : Pataje yon ti tan nan
jounen an ak yon moun ki nan bezwen, fè yon ti jès charite ak yon moun ki pa
genyen anyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario