Koulè Vyolèt
JOZÈF KI SEN
Gran
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
«Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la»
LEKTI DEZYÈM
LIV SAMYÈL 7, 4-5a. 12-14a.
16
Jou sa yo:
Men pawòl Granmèt la di Natan: «Al pale ak David sèvitè m’
nan: Men pawòl Granmèt la: «Lè jou ou yo ap rive bout yo, lè w’ap dòmi avèk
zansèt ou yo, m’ap fè yon desandans leve aprè ou, se nan vant ou l’ap sòti, m’ap
asire peyi wa l’ la. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap fè twòn peyi-wa
li ret fèm pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit
pou mwen. Kay ou ap fidèl, ni peyi-wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap
toujou ret fèm».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/ Ras
li ap dire pou tout tan.
Mizerikòd Granmèt la se tout tan n’ap chante l’, pou jenerasyon
ak jenerasyon
M’ap anonse
verite ou nan bouch mwen. Sèke
mwen di: «Se pou tout tan mizerikòd la bati», nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Mwen pase alyans
mwen avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’:
Pou tout tan
mwen asire desandans ou a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou a».R.
«Li menm l’ap
rele m’: «Se papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen».
Pou tout tan
m’ap kenbe mizerikòd mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li».R.
DEZYÈM LEKTI
«Malgre espwa a, li kwè nan espwa a».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN-AN, POU WOMEN YO 4,
13. 16-18. 22
Frè m’ yo:
Pwomès ki te fèt bay Abraam oubyen desandans li a, pou l’ te
eritye tè a, se pa daprè lalwa-a li te fèt, men se daprè jistis lafwa a.
Konsa se daprè lafwa a, pou pwomès la kapab asire pou tout desandans
la daprè favè a, pa sèlman pou sila a ki pitit Abraam daprè lalwa a, men pou
sila a tou ki pitit Abraam daprè lafwa a, li menm ki papa nou tout (daprè sa k’
ekri a: «Mwen mete ou kòm papa tout pakèt nasyon yo») devan Bondye, Bondye sa a
li te met lafwa a nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele
sa k’ pa t’ ekziste yo tankou sa k’ te ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a
nan espwa a, pou l’ te kapab vin papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a:
«Se konsa desandans ou ap ye». Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis.
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Jozèf aji daprè lòd anj Granmèt la
te pase l’ la».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 1,16. 18-21. 24a
Jakòb anfante Jozèf, Jozèf sa a ki te marye avèk Mari. Se
Mari ki anfante Jezi, li menm yo rele Kris la.
[Men lis ras Jezikri] [Men kijan afantman Kris la te ye] :
Mari, manman l’, te fiyanse avèk Jozèf; anvan yo abite ansanm, rive li vin ansent
gras a Lespri Sen an; Jozèf menm, mari l’, se te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse
l’, li te vle ranvwaye l’ an kachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, men zanj Granmèt la parèt nan rèv devan
l’, li di: «Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou; sèke sa k’ fèt
nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele
non l’ Jezi; se li menm k’ap sove pèp li a sot nan peche l’ yo». Lè Jozèf leve
sot nan dòmi, li aji daprè lòd zanj Granmèt la te pase l’ la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap sonje Sen Jozèf, mari Vyèj Mari, papa adoptif Jezi. Jozèf se yon nèg ki pa parèt anpil nan Bib
la, men prezans li enpòtan anpil. Jozèf sòti nan ras Wa David. Sa vle di, li se
eritye pwomès Granmèt la te fè depi nan tan Abraham, ki se papa tout pèp Izrayèl
la, epi li renouvle l’ pou David, ki se youn nan desandan Abraham. Granmèt la fè yo konnen li chwazi yo pou
montre lemond antye jan l’ renmen pèp li a.Nan Ansyen Kontra a, ki se premye
pati Bib la, nou wè jan Granmèt la te toujou rete fidèl nan renmen li renmen
pèp Izrayèl la. Nan Nouvo Kontra a, kote nou jwenn istwa Jezikri ak premye
disip li yo, nou wè jan Granmèt la te louvri pòt renmen li yo byen louvri, pou
tout moun kapab antre, pa sèlman pèp Izrayèl la, ki se pèp jwif la. Lè nou
sonje Sen Jozèf, n’ap sonje wòl li nan istwa sa a. Kòm pitit adoptif Jozèf ak
pitit Mari, Jezi se manm pèp Izrayèl la, li se eritye pwomès Granmèt la te fè
Abraham ak Wa David. Menm tan tou, kòm Pitit Bondye, Jezi se yon nouvo Wa ki
ale pi lwen pase Abraham ak David. Pèp Ayisyen an gen yon bèl istwa tou. Granmèt
la te ansanm ak Dessalines, ak Toussaint, ak lòt nèg ak negès ki te lite pou
libète peyi a, ak pou libète tout moun ki t’ap soufri anba sistèm esklavaj nan
lemond antye. Nan istwa sa a, malgre tout pwoblèm ak difikilte, Granmèt la pa
janm lage peyi Dayiti, li toujou rete fidèl. Fò n’ ta chache konprann nan ki
sans Jezikri kapab ede nou ale pi lwen kòm peyi. Menm jan ak Jozèf, fòn fè yon
pon ki konekte istwa nou ak lavni nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, depi lontan w’ap prepare benediksyon nou,
benediksyon pou peyi nou. Se nan Jezikri pou benediksyon sa yo reyalize. Tanpri,
voye Lespri Sen ou lan sou nou, pou nou kapab kolabore ansanm ak Jezi pou peyi
nou an jwenn tout sa ou gen pou nou, pou peyi nou an ale pi lwen.Amèn.
PWOPOZISYON :
Menm
jan ak Jozèf, m’ap sonje istwa pèp mwen an, ak tout sa Bondye fè pou nou deja,
pou m’ede jenerasyon k’ap monte a reyalize tout sa Granmèt la vle fè pou pèp
Ayisyen an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario