Páginas

MADI 18

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
«Aprann fè sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 1, 10. 16 20
Koute pawòl Granmèt la, nou menm, chèf Sodòm yo; resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a:
«Lave nou, pwòpte nou, wete move kalkil nou yo sot devan je m’; sispann aji mal, aprann aji byen: chèche jijman, ede sa k’ap pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la.
Aprè sa nou mèt vini pou nou plede kòz pa nou devan m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj, yo t’ap vin blan kon lanèj; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj.
Si nou vle koute m’, n’ap manje richès tè a; men si nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore nou: sèke bouch Granmèt la pale».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.
Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
«Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou rayi disiplin, ou voye pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch mwen. Ou te konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwen bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye».R.
LEVANJIL
«Yo di, men yo pa fè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 23, 1-12
Jezi pale ak foul yo ak disip li yo, li di:
Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak farizyen yo chita: tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo, sèlman pa aji daprè aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa kapab pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon ti dwèt yo refize souke yo.
Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè yo pou lèzòm kapab wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè labib yo konn pote sou yo a, yo lonje fil ki pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan resepsyon, ak premye fotèy nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl bonjou sou laplas, yo renmen pou moun yo rele yo «Rabi».
Kanta ou menm, pa rele pèsòn «Rabi»; sèke se yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn «Papa» sou tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou «Mèt»; paske se Kris la sèl ki mèt nou.
Moun ki pi gran nan nou an, se sèvitè nou pou l’ ye. Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si nou se kretyen, nou pa kapab aji nenpòt jan. Jezi pa satisfè ak bèl pawòl nan bouch. Si gen yon bagay Jezi pa ka sipòte, se demagoji ak ipokrizi. Si gen yon bagay ki fè Jezi fache, se lè chèf yo ap pete fyèl pòv yo, sitou lè se chèf legliz yo k’ap fè sa.  Lè yo di yo renmen Bondye, se manti, paske yo pa renmen frè ak sè yo. Jezi vle pou nou konvèti tout bon vre. Atansyon ! Konvèti pa vle di chwazi yon lòt legliz.  Pa gen yon legliz ki pa gen pwoblèm pa l’.  Konvèti vle di kite Jezikri boulvèse lavi mwen, pou m’ panse a li nan tout sa mwen di, tout sa mwen fè, ak tout sa m’ pa fè. Sa k’ fè kè Jezi kontan, se sa ki pou fè kè m’ kontan tou. Sa ki konn fè Jezi tris, se sa ki pou fè m’ tris tou. Se Jezi ki pou poto mitan lakay mwen. Depi chèf legliz yo ede m’ jwenn Jezi, fò m’ tande konsèy yo. Men lè chef legliz yo anpeche m’ nan chimen swiv Jezi a, si m’ chita ap kritike yo, sa pa itil mwen anyen. M’ pa bezwen okipe yo, m’ pa bezwen eskandalize tou. Se Jezi m’ap okipe pito. M’ konnen konsa, legliz la se yon kominote ki Sen men se yon kominote pechè li ye tou.  M’ mèt pran sa ki bon ladan l’, kite rès la.  Kisa Jezi mande ?  Kòman pou nou rekonèt si legliz la ap fè travay li ? Bay moun ki grangou yo manje. Vizite moun ki nan prizon yo.  Pran swen malad yo. Voye timoun yo al lekòl.  Akeyi etranje nan mitan nou. Rete fidèl ak mari ou, ak madam ou, ak menaj ou. Lè ou pale, di verite a.  Pa fè sa ki pa bon. Padonen moun ki fè nou mal. Li senp, men li pa fasil. Chak jou, fò n’ konvèti ankò.Ti pa ti pa konsa, n’ap aprann swiv Jezi.  N’ap jwenn lavi nèt ale.
LAPRIYÈ:Mèsi, Jezi, paske ou pa sou demagoji, ou pa sou ipokrizi.Tanpri, aprann mwen sèvi ou nan frè m’ ak sè m’ yo.  Amèn.

PWOPOZISYON:Olye m’ kritike yon pwoblèm nan legliz la, m’ap aji yon lòt jan antan ke kretyen.  Konsa n’ap bati yon legliz vivan k’ap pi pre Jezi. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario