Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Nou fè peche,
nou fè sa ki pa kòrèk».
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 9, 4b-10
M’ap lapriyè ou, Granmèt, Bondye ki gran, ki terib, ki kenbe
kontra a ak kè sansib la pou moun ki renmen ou yo epi ki kenbe kòmandman ou yo.
Nou fè peche, nou fè sa ki pa kòrèk, nou aji san nou pa respekte
ou, nou vire do nou, nou devye sot nan kòmandman ou yo ak jijman ou yo; nou pa t’
obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te pale o non ou ak wa nou yo, chèf nou yo,
zansèt nou yo ak tout pèp peyi a.
Se pou ou, Granmèt, jistis la: nou menm menm se pou nou
lawont nan figi a, jan sa ye jodi a pou moun Jida ak pou moun ki abite Jerizalèm
yo ak pou tout Izrayèl la, ni pou moun ki tou pre yo, ni pou moun ki lwen yo
sou tout tè a, kote ou te voye yo an ekzil poutèt peche yo te fè kont ou menm menm.
Granmèt, pou nou menm se lawont nan figi a, pou wa nou
yo, pou chèf nou yo ak zansèt nou yo, ki te fè peche yo. Kanta pou ou menm menm,
Granmèt Bondye nou, se kè sansib ak padon, paske nou vire do ba ou, nou pa t’
koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan lalwa l’ la, sa l’ te ba
nou pa lentèmedyè sèvitè l’ yo pwofèt yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 78,
8. 9. 11 e 13
R/
Granmèt, se pa daprè peche nou yo
pou ou aji avèk nou.
Pa sonje peche zansèt nou yo, fè vit
pou kè sansib ou pran devan nou, paske nou vin pòv anpil.R.
Pote nou sekou, Bondye delivrans nou, poutèt bèlte non ou,
delivre nou; padonnen peche nou yo, poutèt non ou.R.
Se pou l’ antre devan fas ou, rèl prizonye yo; daprè
grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo. R.
Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj
ou tout tan; pou jenerasyon ak jenerasyon, n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Padonnen, y’ap
padonnen nou».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 36-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib.
Pa jije, yo p’ap jije nou; pa kondane, yo p’ap kondane nou; padonnen, y’ap
padonnen nou.
Bay, y’ap ba nou: se yon mezi ki bon, ki byen foule, ki
byen souke, k’ap debòde, y’ap mete nan pli rad nou. Nan menm mezi n’ap mezire a,
se ladan l’ y’ap mezire pou nou tou, se ladan l’ y’ap renmèt nou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Pa jije, yo p’ap jije nou; pa kondane, yo p’ap kondane
nou; padonnen, y’ap padonnen nou.» Se atravè fason Jezi te gade epi aji pou sove mond nou
an, se nan fason sa tou nou dwe aprann gade reyalite mond nou an. Lè nou rive
pran konsyans de pwòp mizè nou, pwòp feblès nou, ebyen nou p’ap prese pote
jijman sou lòt yo; okontrè n’ap lapriyè bay Bondye pou li kapab gen pitye ak
mizerikòd pou tout moun. Se lanmou Granmèt la ki sove nou. «Sila yo li te renmen yo, li te renmen yo
jiskobou», «Li menm ki te egal ak
Bondye e ki pa t' janm konsidere sa tankou yon
avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs», (Fil 2,6). Gras a tèt li li te
rabese, li fè nou jwenn remèd pou pwòp mizè nou ak feblès nou. «Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib». Lè nou pran
konpasyon devan mizè lòt yo, sa fè nou kominike yo pwòp mizerikòd Bondye gen
pou nou an. Antan n’ap vanse pi pre Pak la, an nou mete pye nou nan mak pye
Jezi, konsa n’a gen menm santiman ak li, li menm ki te fè kò li tou piti, ki te
rabese tèt li yon fason ki te ekstrawòdinè.Te gen anpil moun ki te antoure Jezi
lè Jan Batis t’ap batize li, men se li menm sèl ki te san peche pami yo. Pi
devan, Apot Pòl pral di nou: «Li menm ki pa t’ komèt peche, te fè tèt li pase
pou pechè». Bondye ki sove nou an, li mande nou pou nou sanble ak li nan konpòtman
nou. « Padonnen, y’ap padonnen nou.
» Atitid ke nou genyen pou frè ak sè nou yo, se atitid nou genyen pou Bondye li
menm. Pwofèt Danyèl ap envite nou pran atitid moun ki koupab e ki konte sou
mizerikòd Bondye: « Nou fè peche, nou fè
sa ki pa kòrèk, nou aji san nou pa respekte ou, nou vire do nou, nou devye sot
nan kòmandman ou yo ak jijman ou yo; nou pa t’ obeyi sèvitè ou pwofèt yo, ki te
pale o non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp peyi a.
» Lè nou rekonèt nou pa pi bon pase lòt yo, sa kapab efase sikatris peche a
kite nan fon kè nou.Sa ap ede nou grandi. Sa ap ede nou pa kritike lòt yo, men pou nou ba yo lamen pou
ede yo leve lè yo tonbe. Nou tout nou koupab nan sa k’ap pase nan mond nou an, se
pou sa, antan n’ap antre pi fon nan Pak la, nou dwe rekonèt tò nou, nou dwe
mande Granmèt la padon.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te pase lòd metrize kò
yo, pou nam yo kapab geri, tanpri, fè nou evite tout kalite peche, fè kè nou
obeyi kòmandman ou yo ki sen an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Fè silans, gade pwòp
tèt mwen nan miwa konsyans mwen avan mwen kritike lòt yo. Wè gwo bout bwa ki
nan je mwen avan mwen wè ti pay ki nan je lòt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario