Páginas

DIMANCH 16

Koulè Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH KARÈM
PREMYE LEKTI
«Bondye rele Abraam, pou l’ papa pèp Bondye a».
LEKTI LIV LAJENÈZ 12, l-4a
Jou sa yo:
Granmèt la di Abraam:
«Pati sot nan peyi ou, ak nan fanmi ou, ak nan kay papa ou, vini nan peyi a m’a montre ou la. M’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon, m’ap beni ou, m’ap fè non ou vin gran, w’ap beni. M’ap beni moun ki beni ou yo, m’ap madichonnen moun ki madichonnen ou yo, tout fanmi sou tè a ap beni nan ou». Abraam pati, jan Granmèt la te pase l’ lòd la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.  
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20 e 22
R/ Se pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite.
Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nam nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.
Se pou kè sansib vin sou nou, Granmèt, tankou nou gen espwa sou ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Bondye rele nou, li klere nou»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 1, 8b-10
Ou menm mwen renmen anpil la:
Bay konkou ou nan levanjil la daprè pouvwa Bondye, li menm ki delivre nou, ki rele nou yon fason pou nou vin sen, se pa daprè aktivite pa nou, men daprè desizyon pa l’ ak favè a li te ba nou nan Jezikri depi anvan syèk tan yo.
Koulye a menm favè a vin klè gras a limyè Sovè nou Jezikri, li menm ki detwi lanmò a, ki klere lavi a avèk posibilite pou nou pa peri nèt la gras a levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.  
LEVANJIL
«Fas li klere tankou solèy»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17, 1-9
Lè sa a:
Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè l’ la, li mennen yo sou yon mòn ki wo anpil, yon kote apa; li chanje fas devan yo. Fas li vin klere tankou solèy, rad li vin blan tankou lanèj. Gen Moyiz ak Eli ki vin parèt devan l’ k’ap pale avèk li.
Pyè pran lapawòl, li di Jezi: «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli».
Pandan li t’ap pale toujou, yon nyaj klere vin kouvri yo ak lonbraj li. Yon vwa sòti nan nyaj la, li di: «Sa a se Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn bon plezi m’: koute li».  Disip yo ki tande sa, yo tonbe sou fas yo, yo sezi anpil.
Jezi pwoche, li touche yo, li di yo: «Leve pa pè». Yo leve je yo, yo pa wè pèsonn sof Jezi sèl. Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, Jezi pase yo lòd, li di: «Pa di pèsonn vizyon an, joustan Pitit moun nan leve sot nan pami mò yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nou se yon pèp peleren menm jan ak Abraam ak fanmi l’ yo. Nou sòti anpil fwa ak tout fanmi nou pou n’ chèche lavi. Pa janm bliye Bondye avèk nou tout kote nou ye: anba kann nan, anba kafe a, nan jaden yo, nan raje a, nan konstwiksyon gwo chato yo,…. Jezi la, li pa lage nou. Se pou n’ mande l’ jodi a pou li pa janm sispann beni nou, pwoteje nou, ba nou lasante, pran pitye pou nou. L’ap di nou chak jodi a: «Mwen renmen w’, ou se pitit mwen, mwen p’ap janm lage w’. Mwen vle ou abite avè m’, mwen vle ou konnen kilès mwen ye. Mwen se Pitit Bondye renmen anpil la, koute mwen ». Nou pa gen lòt vwa pou nou koute, lòt wout pou nou swiv ke wout Jezi a. Se li ki mouri pou nou, se li ki ba nou lagras, li ka delivre nou, se li k’ ka padone nou tout bon vre, se li ki ba nou lavi pou tout tan. Jezi se lalwa, li se pwofèt. Se sa li vle fè nou konnen nan dimanch Transfigirasyon an. Li ansanm ak Moyiz, lalwa, Eli ki se pwofèt. Sa vle di, tout sa lalwa Moyiz la ak pwofèt yo te di yo, se de li yo t’ap pale. Pyè kontan konplante Jezi ak yo e li di: «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la, si ou vle, an nou fè twa joupa isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli».Lè nou avèk Jezi kè nou dwe kontan. Lè nou nan kay Bondye a, legliz la se pou kè nou kontan. Nan chemen lapriyè sa se pou n’aklame mèvèy Bondye yo. Poutèt sa se pou nou obeyi ak pawòl Jezi a. Fòk nou tounen vin jwenn li. Voye sa ki pa bon nan nou yo jete, kite sèvi zidòl ak rankin, kite egoyis ak pran tout pou nou, kite puije lòt yo ak fè lajan sou yo ; se pou nou rekonsilye nou ak Jezi, mande l’ padon e l’ap padone nou ; se li menm ki bay vi li pou nou. Pa pèdi tan, prese vin jwenn Bondye. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki te pase nou lòd pou nou koute Pitit ou a ou renmen an, tanpri, swen nou anndan kè nou ak pawòl ou a, pou nou fete lè nou wè glwa ou ak je lespri nou ki netwaye. Tanpri montre nou kòman pou nou rete soude ak Jezi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Bondye renmen nou chak anpil anpil. Se menm jan pou n’ renmen tèt nou ak lòt la. Konnen nou gen anpil valè, nou pa yon jwèt ni yon zannimo pou yo vant ak pou yo meprize, nou se moun, pitit Bondye menm jan ak tout moun. Pa bliye pataje, ni lapriyè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario