Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa
kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv”?
LEKTI LIV PWOFÈT
EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa
Granmèt Bondye a di:
«Si moun ki
pa kòrèk la fè penitans sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe
tout kòmandman m’ yo, li fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap
mouri. Tout sa l’ te fè pa kòrèk yo, yo p’ap
sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv. Èske volonte m’ se lanmò moun
ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a, èske se pa pou l’ chanje sot nan
chemen l’ yo, pou l’ viv?
Sèlman si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li
fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa kòrèk la konn fè yo, èske
l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo p’ap sonje yo; se nan revòlt
li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap mouri.
Epi n’ap di: «Chemen Granmèt la pa dwat». Koute non, kay
Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito chemen pa nou yo ki move?
Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, epi li fè
sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk li fè yo l’ap mouri. Men
si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, li reyalize jijman
ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke antan l’ ekzamine, li vire
do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri».
Pawòl
Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8
R/ Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo
m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa
lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe? Paske kote ou se padon, nou respekte
ou.R.
M’ap tann
ou, Granmèt; nam mwen ap tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere devanjou,
se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite
kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
«Al kòmanse rekonsilye ak frè w’ la».
MEN BÒN
NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5,
20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Si jistis nou pa depase pa pwofesè yo ak farizyen yo, nou p’ap
antre nan rèy syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa touye»; paske moun ki
touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun ki fè kòlè kont frè l’,
li merite jijman. Moun ki di frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun
ki di: «Moun fou», li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap
ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont
ou, kite kado w’ la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan;
aprè sa w’a vini, w’a ofri kado w’ la.
Mete ou dakò
avèk lènmi w’ nan byen vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt
ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan
prizon. An verite mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim
nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Bondye nou an, se yon Bondye kè sansib. Nan tout demach, li toujou fè premye pa pou nou, malgre
tout sa nou fè ki pa kòrèk, li toujou la pou l’ padone nou. Padon Bondye se yon
kado gratis ; yon sèl bagay fòk nou dispoze epi fòk nou vle tou. Bondye pa
fòse pèsonn; si li menm ki Bondye li padone nou, nou menm se pou nou fè tankou
li, li menm li pa janm bouke padone, pafwa kè nou yon tijan di, pou kisa nou
oblige di tou otan 10 liv tè pa sou lestomak nou, nou p’ap padone: men jodi a
pawòl Granmèt la envite nou pou nou padone chak fwa yon okazyon prezante.Paske Bondye
konnen nou plis pase nou menm, li konnen se pechè nou ye, se pou sa li pran
pasyans pou l’ renmen nou, paske non l’ se Bondye ; li konnen fèblès nou, epi
li la ap tann nou pou l’ padone n’ chak fwa nou vin kote li. Se sa k’ fè m’ di
nan lavi a, li pa janm twò ta pou yon moun jwenn reparasyon : nou kapab fè
sa ki mal, konsa tou nou kapab fè sa ki bon. Yon sèl bagay, fòk nou pran
konsyans ke sa nou fè a pa bon.Wi, si nou vle nou kapab chanje mal la an byen,
sa pa dwe rete la sèlman ; fòk nou pran konsyans ke lè nou fè yon bagay ki
pa bon, epi pou nou fè jefò pou nou chanje fason n’ap viv la, se pou nou gen
yon konpòtman ki fè Bondye plezi, chanje fason nou panse. Se pou nou gen
charite youn pou lòt, nou wè bagaye sa yo, se sa ki baz chanjman nou, pou nou
kab jwenn padon gratis Bondye a. Epi se tout bagay sa yo k’ap fè Bondye resevwa
kado n’ap ofri l’ yo. Jodi a, se yon envitasyon Jezi fè nou, pou pa gen ipokrizi
nan relasyon nou kòm frè ak sè. An nou pwofite tan Karèm nan ki se yon tan fò,
yon tan pou n’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye.Si n’ vle gen Dimanch Pak la, fòk
nou prepare l’ depi kounye a, aksepte antre nan dezè a avèk Jezi, pou n’ kab
rive nan dimanch Pak la avèk li. Pou kont nou, nou p’ap kapab, ann mande l’ ba nou
fòs Lespri Sen an pou n’ rive jis nan bout.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, nou konnen kijan kè w’
sansib pou nou, ba nou fòs pou n’ kab aprann padone, sitou pandan tan Karèm nan ;
se ou ki sèl fòs nou, nou konte sou ou paske se ou menm ki kapab ede nou fè yon
vrè chanjman nan lavi nou, konsa n’a ede lòt yo chanje tou. Amèn.
PWOPOZISYON : Gade pou mwen wè pandan tan Karèm nan,
ak ki moun mwen pa alèz, pou m’ kab apwoche l’ puiske Granmèt la aksepte m’ jan
m’ ye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario