Koulè Blan
DIMANCH PAK
PREMYE MOSO
LABIB
«Nou te manje,
nou te bwè avèk li, aprè li te resisite sot nan pami mò yo ».
NAN
TRAVAY APOT YO 10, 34a. 37-43
Jou
sa yo:
Pyè
louvri bouch li, li di: “Nou konnen sa k’ rive nan tout Jide, kòmanse depi
Galile aprè batèm nan Jan te preche a: Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye te
sakre l’ ak Lespri Sen an ak fòs: li menm ki travèse antan l’ap fè byen, l’ap
geri tout moun dyab la t’ap maltrete, paske Bondye te avèk li. Nou menm nou
temwen tout sa l’ te fè nan rejyon Jwif yo ak Jerizalèm; li menm yo te touye
antan yo pandye l’ sou bwa a. Bondye fè l’ leve twazyèm jou a; li fè l’ parèt,
non pa devan tout pèp la, men devan temwen yo Bondye te chwazi davans yo: nou
menm, ki te manje, ki te bwè avèk li, aprè l’ te fin resisite sot nan pami mò
yo. Li pase nou lòd pou nou preche pèp la, pou nou sèvi temwen Bondye mete l’
kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo sèvi l’ temwen,
tout moun ki kwè nan li ap resevwa padon peche yo o non l’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM 117, 1-2. 16ab-17. 22-23
R/ Jou
sa a Granmèt la fè a; se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
Oubyen: Alelouya, alelouya, alelouya.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou
Izrayèl di sa koulye a poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men
dwat Granmèt la leve byen wo. Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte travay
Granmèt la.R.
Wòch
la bòs mason yo te jete a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt
la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
«Se bagay anwo yo pou nou chèche,
kote Jezikri ye a».
LÉKTU
LÈT APOT PÒL KI SIN POU KOLOSYIN YO 3, 1-4
Frè
m’ yo:
Si
nou resisite ansanm avèk Jezikri, se bagay ki anwo yo pou nou chèche, kote
Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki
sou tè a; Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap
parèt, li menm ki lavi nou, lè sa a nou menm tou n’ap parèt ansanm avèk li nan
glwa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Li te gen pou l’ te leve sot nan
pami mò yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 20, 1-9
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn
rive granmaten, nan kavo a, pandan l’ te fènwa toujou; li wè wòch la leve sot
nan kavo a. Li kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmen an,
li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depose l”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou lè de
ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a.
Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap
suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak
mouchwa a ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope
apa yon kote. Lè sa a
atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye nan kavo a, li wè, li
kwè. Sèke yo pa t’ ko konnen sa k’ ekri yo, li te gen pou l’ te leve sot nan
pami mò yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lè medam yo ta pral kote
yo te antere Jezi a, se twalèt kadav la yo te vle fè. Kou yo rive, anpil bagay
fè yo sezi. Yo tande yon mesaje Bondye di yo : « Nou pa bezwen pè.
N’ap chèche Jezi yo te touye a, men li pa isit la non. Li leve byen vivan jan l’
te di a. Gade kote l’ te kouche a, kounye a, prese al di disip yo li vivan e
y’ap wè li nan peyi Galile.» Kou medam yo tande sa, yo kouri ale tank yo te pè,
men an menm tan tou yo te kontan. Pandan y’ap kouri konsa, Jezi parèt devan yo,
li di yo : « Nou pa bezwen pè. Al di frè m’ yo n’a wè nan Galile». Jodi
a, tout kretyen gen dwa kontan.Se jodi a ki pi gran jou pou yo, se jodi a nou
pa esklav ankò. Jou dimanch Pak se jou nou vin wè nou pa anba pouvwa Satan ak
peche ankò. Gras a Jezi ki leve byen vivan pami mò yo, nou menm tou nou ka
leve, nou pa anba men ni dyab, ni lwa yo, ni move lespri yo. Gras a viktwa
Jezi, nou pa bezwen viv nan laperèz ak kè sote, ankò. Poutèt Jezi ki leve byen
vivan, poutèt l’ap viv jodi a nan Legliz li a, nou vin pi fò pase lamò, pase
satan, pase peche. Jodi a, jou dimanch Pak fè n’ sonje jou Jezi te leve, ki
montre li se Kris la, Pitit Bondye tout bon vre a. Jodi a tout moun gen dwa viv
nan kè kontan, paske jodi a nou se moun lib tout bon. Anpil fwa moun di :
« lemal ekziste ». Ebyen Jodi a Jezi fè nou wè « renmen ekziste »
tou e li pi fò pase lemal. Lemal pa gen fòs sou nou ankò, e chak kretyen ki
rete kole sou Jezi ki leve vivan kapab kraze lemal li jwenn ni nan lavi pa l’
ni na sosyete a. Chak Kretyen, gras a Jezi k’ap viv nan li, kab mete lebyen ak
renmen tout kote li pase. Chak fwa li mete renmen kote li jwenn rayisans, li fè
peyi kote Bondye wa a grandi. Chak fwa li mete rekonsilyasyon kote li jwenn divizyon,
l’ap fè peyi kè kontan grandi. Chak fwa li mete tèt ansanm kote li jwenn ogèy
ak zizani, li montre: laviktwa Jezikri ap viv nan li.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki fè kè nou
kontan nèt granmesi viktwa Jezikri sou lanmò a, tanpri vin boule tout jèm lanmò
ki nan lavi nou ; kraze tout tonbo nou yo ; ede nou soti nan rayisans
pou nou ale nan renmen.
PWOPOZISYON : Nou pa bezwen pè paske
Jezi leve byen vivan. Kounye a nou gen fòs sou lemal, nou pa bezwen
krenn okenn satan, okenn move lespri. Gras a Jezi ki leve vivan nou genyen kont lemal.
No hay comentarios:
Publicar un comentario