Koulè Blan
LENDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Jezi sa a,
Bondye fè l’ resisite, nou tout nou sèvi l’ temwen”.
NAN
LIV TRAVAY APOT YO 2, 14. 22-32
Jou
Pannkòt la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare:
“Mesye
Juif yo ak nou tout ki abite Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl
mwen yo. Mesye Izrayèl yo, koute pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a
Bondye te sèvi l’ temwen nan mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te
fè pa lantremiz li nan mitan nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a,
lè nou fin renmèt li nan men mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan
Bondye te fikse ak prevwayans li. Bondye leve l’, li detwi soufrans anba tè yo,
paske sa pa t’ posib pou l’ te ret kenbe anba l’. Sèke David di osijè l’:
"mwen te wè Granmèt la devan fas mwen davans tout tan, paske li adwat
mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè m’ kontan, lang mwen ap fete, ata chè m’
ret poze nan esperans; paske ou p’ap lage nanm mwen anba tè a, ou p’ap kite Sen
w’ nan wè dekonpozisyon. Ou fè m’ konnen wout lavi a, w’ap
plen m’ ak kè kontan devan fas ou". "Mesye frè m’ yo, kite m’ pale
nou kareman sou papa nou David, li mouri, yo antere li, kavo l’ lakay nou jous
jounen jodi a. Kòm li te pwofèt, li te konnen Bondye te fè l’ sèman osijè fwi
ren li, pou l’ te fè l’ chita sou fotèy li, li te prevwa li t’ap pale sou
rezireksyon Jezikri a, sèke li pa abandone anba tè a, chè l’ pa wè
dekonpozisyon. Jezi sa a, Bondye resisite l’, nou tout nou sèvi l’ temwen».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10.
11
R/
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’ Bondye, paske mwen espere
nan ou. Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen mwen ou ye, Granmèt, pòsyon
eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki
ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson.Mwen te mete Granmèt la
devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout andan
fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen
nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè
kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Anonse frè m’ yo pou y’al nan
Galile, se la y’a wè m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 28, 8-15
Lè
sa a: medam yo pati byen vit sot nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al
pot nouvèl bay disip li yo. Jezi vin rankontre yo, li di: «Salu». Yo menm yo
pwoche, yo kenbe pye l’, yo adore l’. Lè sa a atò, Jezi di yo: “Pa pè; ale,
anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m”. Pandan y’ale, gen
kèkzen nan gad yo ki rive nan vil la; yo anonse gran prèt yo tout sa k’ te
pase. Yo rasanble, yo fè reyinyon avèk ansyen yo, yo bay sòlda yo anpil lajan,
yo di: “Di se disip li yo ki vin nannuit, yo vòlè l’, pandan nou t’ap dòmi. Si
prefè a aprann sa, n’a konvenk li, n’a fè nou gen asirans”. Yo menm, lè yo vin
resevwa lajan an, yo fè jan yo te aprann yo a. Pawòl sa a gaye kay Juif yo jous
jounen jodi a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nou toujou nan anbyans fèt pak la, selebrasyon viktwa lavi sou lanmò. Nan
premye lekti jodi a, nou jwenn nan liv Travay Apot yo, apot Pyè ap ede nou
konprann gwo mèvèy Jezi ki kraze tonbo a, ki leve byen vivan soti pami mò yo. L’ap raple pèp la se menm Jezi yo te maltrete epi touye a, se li Bondye
leve byen vivan. Nan menm sans lan, levanjil Matye nou pwoklame a ap di nou pa
pè paske Jezi avè n. Nou kapab reprann sòm 15 lan, ke nou sot medite a:
R/
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève
m’ Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen
mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe
destine mwen.R.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’
leson.Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen,
mwen p’ap tranble.R.
Se
pousa kè m’ kontan, tout andan fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan
esperans.
Paske
ou p’ap lage nanm mwen nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè
dekonpozisyon.R.
W’ap
fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou
jous pou tout tan.R.
LAPRIYÈ: M’ap chante lwanj ou Bondye nan leve ou leve Jezi
byen vivan.
PWOPOZISYON: Vizite moun malad yo, lapriyè ak yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario