Koulè Blan
MADI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
«Fè penitans, se pou chak moun nan
nou batize o non Jezi».
NAN
LIV TRAVAY APOT YO 2, 36-41
Jou
Pannkòt la, Pyè t’ap di Juif yo:
«Sètènman
se pou tout kay Izrayèl la konn sa, Bondye fè l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou
te kloure sou kwa a”. Lè yo tande pawòl sa yo, yo chagren nan kè yo, yo di Pyè
ak lòt Apot yo: “Ki sa pou nou fè, mesye frè nou yo»?
Pyè
menm di yo: “Se pou nou fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non
Jezi, pou padon peche nou yo, n’a resevwa kado Espri Sen an. Sèke se pou nou
pwomès la ye, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki lwen yo, tout sa Granmèt
Bondye nou an rele yo”. Ak anpil dòt pawòl ankò li t’ap sèvi temwen, li t’ap
ankouraje yo, li t’ap di: “Sove lavi nou sot nan jenerasyon sa a ki move a”.
Moun yo ki te resevwa pawòl li a, yo batize, jou sa a te gen apeprè twa mil
moun ki vin tounen disip.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20; 22
R/
Kè sansib Granmèt la plen tè a.
Oubyen :
Alelouya.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat tout aksyon l’ yo nan fidelite, li renmen jistis ak
jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men
je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou
l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nanm
nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.
Se
pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.R.
LEVANJIL
«Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo
li di m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 20, 11-18
Lè
sa a:
Mari
te kanpe bò kavo a, sou pa deyò, li t’ap kriye. Pandan l’ap kriye, li panche,
li gade andan kavo a. Li wè de zanj an blan ki chita, youn bò tèt la ak lòt la
bò pye yo, kote yo te poze kò Jezi a. Yo di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye”?
Li di yo: “Se paske yo pran Granmèt mwen an, mwen pa konnen kote yo mete l”.
Pandan l’ap di sa, li vire gade dèyè, li wè Jezi kanpe; men li pa t’ konnen se
te Jezi. Jezi di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye? Kilès w’ap chèche?” Li menm antan l’ konprann
se jeran jaden an, li di li: “Mèt, si se ou k’ te wete l’, di m’ kote ou te
depoze l’; epi mwen menm m’a pran l”.
Jezi di l’: “Mari”! Li vire, li di l’: “Raboni (sa vle di Mèt)”! Jezi di
l’: “Pa touche m’; mwen pa ko monte kot Papa m’. Men al kot
frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’ ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak
Bondye nou an”. Mari
Madlèn rive, li anonse disip yo: «Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m’».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi leve byen vivan
pami mò yo, alelouya! Nou pa kapab gen tristès nan lavi nou, Jezi pote kè
kontan ak lespwa pou nou tout kretyen k’ap lite, k’ap viv moman difisil. Viktwa
se pou nou, paske Jezi pote laviktwa sou lanmò ak sou pouvwa peche.Li monte nan
syèl la kote papa a pou li prepare plas nou pou dènye jou yo.Nan levanjil jodi a
nou rankontre Mari Madlèn k’ap chèche Jezi pami mò yo.«Poukisa w’ap kriye?», se
keksyon Jezi te poze Mari Madlèn. Se menm keksyon sa a Jezi ap poze nou jodi a.
Nou bliye li leve byen vivan. Jezi se lespwa nou, se garanti viktwa lavi sou
lanmò, kè kontan sou tristès, lanmou sou rayisans. Annou di alelouya! Viv Jezi
ki leve byen vivan!
LAPRIYÈ: N’ap fè konpliman pou ou Granmèt pou leve ou leve Jezi pami mò yo.
PWOPOZISYON: Visite moun ki nan prizon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario