Páginas

JEDI 1

Koulè Blan
JOZÈF KI SEN, Travayè
PREMYE LEKTI
«Nou menm nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Lespri Sen an».
LEKTI TRAVAY APOT YO
5, 27-33
Jou sa yo:
Lè sèvitè yo kondui Apot yo, yo fè yo kanpe nan tribinal la; gran prèt la poze kesyon, li di: «Nou te pase nou lòd sevè pou nou pa t’ bay ansèyman o non sa a; epi gade nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an, nou vle fè san mesye sa a tonbe sou nou». Pyè menm reponn ak Apot yo, yo di: «Nou dwe obeyi Bondye plis pase lèzòm. Bondye papa nou yo te leve Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a. Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè pou l’ bay Izrayèl penitans ak delivrans peche yo. Kanta nou menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Lespri Sen an Bondye bay tout moun ki obeyi l’ yo». Lè yo tande bagay sa yo, yo te fè gwo kòlè, yo t’ap ekzamine kijan pou yo touye yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2 e 9.
17-18. 19-20
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo. Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse yo.R.
Moun ki kòrèk yo jwenn anpil tray, men Granmèt la ap delivre yo sot nan yo tout.R.
LEVANJIL
«Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 31-36
Lè sa a, Jezi di Nikodèm:
«Sa a ki vin sot anwo a, li anlè tout moun. Moun ki sot sou tè a, se nan sa k’ sou tè a li ye, se sa k’ sou tè a li pale. Sa a ki vin sot nan syèl la, li anlè tout moun. Sa l’ wè, li tande, li sèvi l’ temwen, men temwayaj li a, pèsòn pa resevwa l’. Moun ki resevwa temwayaj li a, li siyen Bondye vre, Sa a Bondye voye a, se pawòl Bondye yo li pale; Bondye pa bay Lespri a avèk mezi. Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout bagay nan men l’. Moun ki kwè nan Pitit la li gen lavi tout tan an; men moun ki pa kwè nan Pitit la, li p’ap wè lavi a, okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
OUBYEN YO KAPAB LI TÈKS SA YO SI YO VLE:
PREMYE LEKTI: LIV LAJENÈZ
1, 26 - 2, 3
OUBYEN: KOLOSYEN YO 3, 14-15. 17. 23-24
SÒM REPONS: 89, 2. 3-4. 12-13. 14 e 16
LEVANJIL: MATYE 13, 54-58
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap sonje Sen Jozèf, travayè. Se li ki te Papa adoptif Jezi. E se nan men li Jezi te aprann pwofesyon chapantye a. Li te byen kolabore ak Lavyèj Mari pou nou te ka jwenn Jezi. Konsa se yon nèg ki merite respè tout limanite.
Nan premye Lekti a, apot yo te kanpe devan Gran Konsèy la nan tribinal la, kote yo te fè yo lobsèvasyon pou jan yo te kontinye ap pale de Jezi, malgre yo te resevwa lòd pou yo te pe bouch yo, pou yo te sispann pale de mesye ki rele Jezi a. Avèk anpil kouraj, ak pantalon li nan tay li, Apot pyè fè gwo chèf yo tranble nan tribinal la. Pawòl la pa gen baryè: «Nou dwe obeyi Bondye plis pase lèzòm.» Apot yo pa kapab sispann preche Bòn Nouvèl la. Deja Jezi te anonse yo kisa ki t’ap tann yo, li te di yo yo te gen pou trennen yo nan tribinal epi Lespri Sen an te gen pou montre yo ki sa pou yo di, kijan pou yo defann yo. Nan yon fason ki fè gwo Konsèy la sezi, anba pouvwa Lespri Sen an, Pyè pwofite okazyon an yon lòt fwa ankò pou li pwoklame konviksyon li nan Jezi ki resisite a.
• «Bondye papa nou yo», Bondye Ansyen Testaman an ke otorite Izrayèl konnen trè byen an, se li menm menm ki aji nan moman sa a.
• Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa a.
• Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè pou l’ bay Izrayèl penitans ak delivrans peche yo.
Jezi sòti nan wont krisifiksyon an pou li antre nan laglwa rezireksyon an, kote Papa remèt tout bagay nan men li.
Li enteresan pou nou sonje pawòl sa a: Moun ki kwè nan Pitit la, li gen lavi tout tan an; men moun ki pa kwè nan Pitit la, li p’ap wè lavi a, okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou li».
LAPRIYÈ: Bondye ki gen kè sansib, fè nou favè, pou sa n’ap fete nan tan pak la, yo santi l’ donnen fwi tout tan nan nou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: An nou mande Sen Jozèf pou li fè nou rive jwenn flanm lanmou ki t’ap dòmi nan kè li a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario