Páginas

VANDREDI 2

Koulè Blan
ATANAZ KI SEN, Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo te pati ak kè kontan, paske yo te konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi».
LEKTI TRAVAY APOT YO
5, 34-42
Jou sa yo:
Yon mesye leve nan tribinal la, yon Farizyen, yo te rele l’ Gamalyèl, se te yon savan lalwa a ki te gen konsiderasyon tout pèp la, li pase lòd pou yo fè Apot yo sòti deyò yon ti moman; li di yo: «Mesye Izrayelit yo, fè atansyon sa n’a pral fè sou mesye sa yo. Sèke anvan jou sa yo, Teodas te kanpe, li te di li se yon moun enpòtan, gen anpil moun ki rasanble vin jwenn li, anviwon katsan; yo touye l’; tout moun ki te kwè nan li yo, yo gaye yo, yo vin tounen anyen. Aprè li menm, Jida moun Galile a vin kanpe nan jou resansman yo, li soulve pèp la dèyè l’; li peri; tout moun ki te dakò avèk li yo, yo gaye yo. Konsa, koulye a mwen di nou: kite mesye sa yo trankil, lage yo; paske, si se nan lézòm plan sa a oubyen travay sa a sòti, l’ap fonn; men si se nan Bondye li sòti, nou p’ap kapab fonn li, piga nou rive ap batay kont Bondye». Yo vin dakò avèk li. Yo konvoke Apot yo; avèk kou, yo avèti yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo lage yo. Yo menm menm yo pati tou kontan sot devan tribinal la, paske yo te konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi. Tout jounen yo pa t’ sispann ret nan Tanp la ak nan lakay yo ap bay ansèyman, ap anonse bòn nouvèl Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-13
R/ Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la: pou m’ abite nan kay Granmèt la.
Oubyen: Alelouya.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble?R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: abite nan kay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la,
Pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Li separe bay moun ki te sou tab yo, toutotan yo te vle».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 1 -15
Lè sa a:
Jezi al lòt bò lanmè Galile a, se lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn nan, li chita la avèk disip li yo.
Pak la te tou pre, jou fèt Juif yo. Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul ki t’ap vin jwenn li, li di Filip: «Ki kote n’ap achte pen pou moun sa yo manje? Li te di sa pou l’ sonde l’; li menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè. Filip reponn li: «Desan goud pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon ti moso». Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: «Gen yon ti gason isit la, ki gen senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye pou tout pakèt moun sa yo»? Jezi di: «Fè moun yo lonje kò yo». Te gen anpil zèb kote sa a. Mesye yo lonje kò yo, yo te senk mil. Jezi pran pen yo, kon l’ fin rann gras, li separe bay moun ki te lonje kò yo a, li fè menm jan pou pwason yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje vant plen, li di disip li yo: «Ranmase moso ki ret an plis yo, pou yo pa pèdi». Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak mòso ki te sot nan senk pen lòj yo, ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a. Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te fè, yo t’ap di: «Sa a se pwofèt la tout bon vre, ki te gen pou l’ vin sou tè a». Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan li menm pou kont li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
OUBYEN SI YO VLE YO KAPAB LI:
PREMYE LEKTI:  1 JAN 5, 1-5
SÒM REPONS :36, 3-4. 5-6. 30-31
LEVANJIL: MATYE 10, 22-25ª
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap sonje Atanaz ki sen, evèk e savan sakre Legliz la. Se te moun Aleksandri (yon vil peyi Lejip). Li te fèt nan lane 298. Li te konsakre kòm evèk nan dat 8 jen 328 epi li te mouri 2 me 373. Se youn nan gwo figi ki te make Legliz la nan premye syèk yo. Se te yon «limyè» pou mond Oryantal la e se te «yon poto mitan» Legliz la. Li se youn nan trant senk savan sakre Legliz la. Se te yon nèg ki te aksepte soufri menm jan ak tout lòt apot yo, yon nèg ki te bliye pwòp tèt li pou li te ka sèvi lòt yo ak pou koz levanjil la.
Nan sonje n’ap sonje Atanaz jodi a, se kòm si se tout apot Jezikri yo n’ap sonje. An reyalite mesye sa yo te fè fas ak anpil difikilte, gwo menas sou lavi yo, menas prizon, dife, koupe tèt, elatriye; men sa pa t’ anpeche yo pwoklame Bòn Nouvèl la; okontrè sa te ba yo plis fòs nan travay apostolik la. Lè mesye yo te sòti nan tribinal kote yo te rele yo pou yo te fè yo pe bouch yo, yo te pale pi fò, yo te gen plis konviksyon toujou, paske yo te konsidere menas yo t’ap sibi a kòm yon gwo chans, yon privilèj, paske se te nan non Jezi yo t’ap fè travay sa a. «Yo konvoke Apot yo; avèk kou, yo avèti yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo lage yo. Yo menm menm yo pati tou kontan sot devan tribinal la, paske yo te konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi» (Travay 5,34-42)
Tèks pawòl Bondye pou jodi a pote 2 mesaj pou nou: nou pa bezwen pè lè se pou Jezi n’ap travay, menmsi yo imilye nou, yo fè agresyon ak tout kalite menas sou nou; paske moun k’ap mache ak Jezi, se yo menm ki gen laviktwa final la, yo deja ranpòte laviktwa sou mond lan ak tout fòs fènwa yo. Konsa lespri yo pa twouble pou anyen, men se yon sèl bagay yo kalkile, se abita nan kay Granmèt la (Sòm 26). Sa nou genyen, menm si li piti nou kapab pataje li. Se sa Jezi vle montre nou atravè mirak miltiplikasyon pen an nan Levanjil jodi a; men tou, li vle montre nou kijan li enpòtan pou nou fè ekilib nan lavi a ant sa ki materyèl ak sa ki espirityèl. Konsa li bon pou nou aprann pataje. Lè nou pataje, Bondye li menm va kontinye miltipliye sa nou genyen an. An nou mande Bondye louvri je nou pou nou wè nesesite frè ak sè nou yo ki pa gen anyen pou yo viv, louvri men nou pou nou ka pataje, louvri kè nou pou nou kapab akeyi li nan frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye, esperans ak limyè espri sensè yo, n’ap priye ou antan n’ap sipliye, fè kè nou reyalize priyè ki kòrèk pou ou, epi fè yo fè lwanj ou ansanm tout tan ak kado piblikasyon yo.  Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Gade ki sitiyasyon ki konn entimide ou kòm patizan Jezikri epi pataje yon bagay ak yon moun ki nan bezwen jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario