Páginas

SAMDI 3

Koulè Wouj
FILIP AK JAK KI SEN, Apot
PREMYE LEKTI
«Granmèt la parèt devan Jak, aprèsa devan tout Apot yo».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO      15, 1-8
Mwen fè nou sonje frè m’ yo, Bòn Nouvèl la mwen te preche nou an, li menm nou te resevwa a, nan li nou rete a, pa lentèmedyè l’ nou sove a, si nou kenbe l’ jan mwen te anonse nou li, otreman, se pou granmesi nou ta kwè.
Reyèlman mwen te transmèt nou tou dabò sa mwen menm mwen te resevwa: Jezikri mouri pou peche nou yo, daprè sa k’ ekri yo, yo antere l’, li resisite sou twazyèm jou a, daprè sa k’ ekri yo, li parèt devan Sefas, aprè sa devan onz yo; aprè sa li parèt devan plis pase senk-san frè ansanm, nan pami yo gen anpil ki la jous koulye a, kèk menm mouri; aprè sa li parèt devan Jak, aprè sa devan tout Apot yo; aprè tout moun, li parèt devan m’ tou, mwen menm ki tankou yon pitit ki fèt anvan tèm.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
«Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 6-14
Lè sa a: Jezi di Toma:
«Mwen se chemen an, verite a ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, sof si l’ pase pa lentèmedyè m’. Si nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou konnen l’, epi nou wè li».
Filip di l’: «Granmèt, montre nou Papa a, epi sa ap kont nou».
Jezi di l’: «Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè di: «Montre nou Papa a»? Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen pale nou an, se pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè travay yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Omwen poutèt travay yo se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, sa ki kwè nan mwen, travay mwen fè yo, l’ap fè yo tou, l’ap fè pi gran pase yo menm, paske m’a pral kay Papa a; nenpòt ki sa n’ap mande Papa a o non m’, m’ap fè l’, pou Papa a kapab jwenn glwa nan Pitit la. Si nou mande yon bagay o non m’, m’ap fè li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Jodi a n’ap fete fèt de apot nan mitan douz apot ki te zanmi Jezi yo.Se fèt Sen Filip ansanm ak Sen Jak. Jan Sen Pòl di nan premye moso Labib la, Jezi te parèt devan apot yo lè l’ te leve byen vivan aprè l’ te mouri. Se yo menm ki bay temwayaj reyalite sa a, se yo menm ki fonde Legliz la pou Bòn Nouvèl la kapab rive nan tout jenerasyon, pou li rive jwenn nou menm, ki resevwa mesaj la.
Kounye a, se nou menm ki pou sèvi temwen pou jenerasyon pa nou an, ak pou jenerasyon k’ap vin aprè nou yo. Men piga nou kwè nou plis pase lòt moun paske Granmèt la ba nou misyon sa a. Menm Sen Pòl, ki se apòt ki te fè nou jwenn lafwa nou an, li rekonèt li pa anyen pou Granmèt la konfye l’ bèl misyon sa a. Nou menm tou, sa nou te resevwa gratis, se pou nou bay li gratis.
Temwayaj Jezi a, se yon pwosesis li ye. Se pa yon bagay nou kapab fè yon sèl kou. Menm premye apot yo, tankou Filip, te gen anpil bagay yo pa t’ konprann, Jezi te oblije eksplike yo, jan li fè nan Levanjil jodi a la. Se piti piti li louvri je yo, pou yo fin konprann. Jezi montre nou kiyès Bondye ye. Menm jan tou, fòk nou reflechi sou Pawòl li a chak jou, fòk nou dyaloge ansanm avè l’ chak jou nan lapriyè, fòk nou al jwenn li nan pòv yo chak jou, pou nou kapab tande ak apwofondi mesaj li gen pou nou an.
Se Jezi ki chemen an, verite a, ak lavi a. Lè nou pèdi, nou pa konnen sa pou n’ fè, se chemen Jezi a pou n’ swiv. Lè n’ap doute, nou pa konn sa pou n’ kwè, n’ap jwenn verite a nan Jezi. Epi si n’ap chache lavi, n’ap jwenn lavi nèt ale a nan Jezi.
LAPRIYÈ: Mèsi, Papa Bondye, paske ou te voye Lespri Sen an pou l’ fè Legliz ou a kenbe lafwa nan mesaj ou a, depi nan premye apòt yo ak pou tout tan gen tan. Nan non Jezi, n’ap espere lavi nèt ale ou pwomèt nou an.Amèn.

PWOPOZISYON: Chen gen kat pat, li pa ka fè kat chemen. Èske se nan chemen Jezi m’ ye tout bon ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario