Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«W’ap papa
anpil nasyon».
LEKTI
LIV LAJENÈZ 17, 3-9
Jou
sa yo: Abram tonbe fas atè.
Bondye
di l’: «Se mwen menm, men contra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap rele
non ou Abram ankò, men y’ap rele ou «Abraam», paske m’ap fè ou vin tounen papa
anpil nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon, gen wa
k’ap sòti nan ou.
M’ap
pase kontra m’ ant mwen menm ak ou menm, avèk ras ou apre ou, pou jenerasyon
yo, kontra pou tout tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou apre ou. M’ap ba ou
ni ou menm ni ras ou a peyi kote ou ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm
posesyon pou tout tan, m’ap Bondye yo».
Bondye
di Abraam ankò: «Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou apre ou, pou
jenerasyon l’ yo».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 104, 4-5, 6-7. 8-9
R/ Granmèt
la sonje kontra l’ tout tan.
Chèche
Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Sonje
mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras
Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a.
Se
li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li
sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te
pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
«Abraam papa nou te danse, pou l’ te
wè jou m’ nan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8, 51-59
Lè sa a:
Jezi di Juif yo: «An verite, an verite
mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò».
Juif yo di: «Koulye a nou konnen ou
gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo; epi ou di: «Si yon moun kenbe pawòl
mwen an, li p’ap goute lanmò menm». Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki
mouri a? E pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou konprann ou ye»?
Jezi reponn: «Si mwen fè lwanj pou pwòp
tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm nou di
se Bondye nou an, nou pa konnen l’. Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di mwen
pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap bay manti. Men mwen konnen l’, mwen kenbe
pawòl li. Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan».
Juif yo di l’: «Ou pa ko gen senkant
an, epi ou wè Abraam»?
Jezi di yo: «An verite, an verite mwen
di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la».
Yo ranmase wòch, pou yo voye sou li;
Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’yo, Jezi envite nou pou kenbe pawòl
li a, pou nou fidèl ak kontra Bondye pase ak nou yo. Depi jou batèm nou li
pase kontra sa ak nou : l’ap Bondye nou epi n’ap pèp li. Se kontra li te pase depi ak Abraam papa nou
nan lafwa. Li te pwomèt Abraam tout sa l’ te bezwen pou li nan
tan li t’ap viv la: Tè ak desandans, byen ak pitit. Abraam te kwè nan pawòl
Bondye a, li te kite tout sa l’ te genyen : kay li, jaden li, zannimo li
yo, zidòl li (ti dye li konn adore yo) pou li te reponn apèl Bondye a. li te
rete fidèl ak Bondye, li te viv pawòl li a. Jounen jodi a, zanmi m’ yo, Bondye
mande nou yon lafwa tankou lafwa Abraam, ki kapab abandone zidòl li yo, lwa yo,
egoyis nou yo, rankin nou, pou nou viv daprè pawòl li a. Jezi vle nou gen
konfyans nan li. Li menm ki ekziste depi anvan Abraam te fèt. Li la depi nan kòmansman: depi nan kòmansman
pawòl la te la, pawòl la te avèk Bondye, pawòl la se te Bondye. Li tounen moun pou li
sove nou, li se limyè. Se li pou nou swiv, nou pa dwe fè menm jan ak Farizyen
yo, sila yo pa t’ kwè nan pawòl li. Frè ak sè m’ yo, ann viv daprè pawòl Jezi,
pawòl li se verite, ki ka delivre n’anba tout tray nou yo, li ka ba nou espwa
pou lite plis nan lavi sa a. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye
papa nou, papa ki toujou kanpe ak nou, papa ki pa janm lage nou, menm jan ou
rele Abraam pou ba li lavi, kè kontan nan bèl pwomès sa yo ou te fè l’ la;
tanpri gade pitit ou yo ki gaye tout kote sou fas tè a tankou peleren ki kite
peyi yo k’ap chèche yon lavi miyò, kouvri yo ak lagras ou epi ba yo sa y’ap
plede mande w’ la. Nou mande ou sa, ou menm ki se yon Papa bon kè ki renmen
tout pitit ou yo, ki ekziste depi tout tan e pou tou tan. Amèn.
PWOPOZISYON : Regle lavi ou sou pawòl Bondye. Pa vire do
bay Bondye menm gwo van difikilte sakaje bato lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario