Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la
avèk mwen, tankou yon sòlda ki gen fòs».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 20, 10-l3
Mwen tande afwon anpil moun ap fè m’,
ak bwi toutalantou: «An nou pèsekite l’, an nou pèsekite l’; tout moun ki t’ap
viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: «Si l’ te kapab pran nan pyèj,
pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire vanjans sou li».
Men Granmèt la avèk mwen, tankou yon
sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap tonbe, se
yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont tout tan an,
ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki eseye sila a
ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou yo, tanpri;
paske se ou menm mwen devwale koz mwen.
Chante pou Granmèt la, fè lwanj Granmèt la, paske li delivre
nam pòv la sot nan men mechan.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 17,
2-3a. 3be-4. 5-6. 7
R/
Nan tray mwen
an, mwen rele Granmèt la, li koute m’.
Mwen renmen ou, Granmèt, fòs mwen.Granmèt,
kay defans mwen kachèt mwen, ak sila a k’ap delivre m’ nan.R.
Bondye mwen, sekou m’ mwen espere
nan li. Sila a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’.M’ap
rele Granmèt la ki merite lwanj la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R.
Lanm dlo lanmò yo vlope m’, ravin Belyal
yo twouble m’; kòd lanfè yo antoure m’, filè lanmò yo sènen m’.R.
Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt
la, mwen rele kot Bondye m’ nan; li koute vwa m’, antan l’ nan kay sakre l’ la,
rèl mwen rive devan fas li, nan zòrèy li.R.
LEVANJIL
«Yo t’ap chèche sezi l’, li chape
sot nan men yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 31-42
Lè sa a:
Juif yo pran wòch, pou yo kalonnen Jezi. Jezi pran lapawòl,
li di yo: «Mwen montre nou anpil bon aksyon ki sot nan Papa m’; pou kilès nan
aksyon sa yo n’ap kalonnen m’ nan»?
Juif yo reponn li: «Se pa pou yon bon aksyon n’ap kalonnen ou,
men se poutèt ou blasfème, se moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye ou».
Jezi reponn yo: «Èske nan lalwa nou an yo pa ekri: «Mwen di:
Se Dye nou ye»? Si yo di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo a (epi yo
pa kapab defèt sa k’ ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye sou tè a,
nou di: «Ou blasfeme, paske ou di: mwen se Pitit Bondye». Si m’ pa fè aksyon
Papa m’ yo, nou pa bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle kwè m’, se
pou nou kwè aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen, mwen nan
Papa a». Konsa yo t’ap ehèche sezi l’, men li chape sot nan men yo. Li pati lòt
bò Jouden an ankò, kote Jan te konn batize anvan an, li ret la. Anpil moun vin
kote l’, yo t’ap di: «Jan pa t’ fè okenn siy; men tout sa Jan te di sou li yo se
te vre». Anpil moun kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Bondye Granmèt la avèk mwen, menm
jan ak yon sòlda ki gen fòs. Gen yon pwovèb kreyòl ki di: «satan fouye twou pou
lènmi li yo, se li menm ki tonbe ladan l’». Jwif yo pa dakò ak Jezi paske yo pretann
li pa aji daprè volonte Bondye, poutèt sa y’ap chèche kalonnen l’avèk kout wòch.
Yo konsidere Jezi tankou yon blasfemè, yon nèg ki vle fè tèt li pase pou Pitit
Bondye. Diskou Jezi a, se yon diskou yo pa t’ kapab konprann, yo pa t’ konprann
kòman yon ti senp peyizan te kapab pale avèk otorite konsa nan non Bondye, epi
pou li reprezante Bondye nan mitan yo: sa te parèt yon gwo eskandanl pou yo. Jezi te mande yo pou kilès nan aksyon li te poze yo yo t’ap
kalonnen li ak wòch. Yo menm yo te reponn se pa pou tèt bon aksyon ki fè yo t’ap
kalonnen l’, men se poutèt li manke Bondye respè, se moun li ye epi l’ap pran pòz
Bondye l’: nou menm tou ki se kretyen, sa konn pase nou nan lavi a, lè nou
resevwa pawòl Bondye a epi nou vle pataje l’ ak lòt yo, nou souvan jwenn moun
ki kont nou; piga nou dekouraje, se pou nou kontinye fè byen tout kote nou
pase, tout jan nou kapab, pou tout moun nou kapab, jiskaske nou pa kapab ankò.
Piga nou janm bliye nan tout eprèv nou yo, Bondye toujou la avèk nou; yon sèl
bagay, li vle pou nou fè l’ konfyans. Nou wè Jezi ba nou ekzanp lan, kòm pitit
Bondye, li fè travay Papa l’ jis nan bout, li toujou fè zèv li yo ak bonkè, li
renmen tout moun. Prewokipasyon Jezi, se renmen, li vle pou nou tout fè youn
nan respè youn pou lòt, pou nou kab viv ak kè poze. Kit jwif yo kwè, kit yo pa
kwè, Papa a ak pitit la, yo fè yon sèl, se pou sa li te reziste ak tout menas: pandan
yo t’ap diskite antre yo li retire kò l’ epi li chape pou l’ li pou lòt bò
Jouden an, yon kote ki trankil pou l’ te kapab tann moman pa l’a rive. Frè ak sè
m’ yo, pa janm gen dimanch Pak san Vandredi Sen; si nou vle rive nan viktwa, fòk
nou travay pou sa. Di Bondye mèsi paske li chwazi nou pou n’ travay avèk li. Ala
gwo chans nou genyen!
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri nan kè sansib ou a, pa gade sou sa
nou fè ki pa bon, pran ti pasyans avèk nou, paske nan lavi yon moun, li pa janm
twò ta pou l’ jwenn reparasyon: Papa cheri, nou konnen mizerikòd ou san limit,
ede nou derasinen tout sa ki anpeche n’ rankontre ak ou. Nou konte sou ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Pandan tan fò sa a, m’ap fè efò pou m’ pa kite tantasyon
pran m’ ni okenn menas pa fè m’ fè sa m’ pa dwe fè nan dezè kote m’ ye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario