Páginas

SAMDI 12

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«M’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 21-28
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap pran pitit Izrayèl yo sot nan mitan nasyon yo, kote yo te pati a, m’ap rasanble yo sot tout kote, m’ap mennen yo nan tè yo a, m’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon nan peyi a, sou mòn Izrayèl yo; se yon sèl wa k’ap kòmande yo tout, yo p’ap de nasyon ankò, yo p’ap separe nan de peyi-wa ankò.
Yo p’ap sal ankò nan zidòl yo, nan bagay lèd yo, ak nan tout peche yo; m’ap sove yo sot nan tout kote yo te konn fè peche, m’ap pwòpte yo, y’ap pèp mwen, m’ap Bondye yo.
Sèvitè m’ David ap wa sou yo, se yon sèl gadyen yo tout ap genyen. Y’ap mache nan jijman m’ yo, y’ap kenbe kòmandman m’ yo, y’ap obsève yo. Y’ap abite sou tè a mwen te bay sèvitè m’ Jakòb la, kote zansèt nou yo te abite yo; y’ap abite ladan l’, ni yo menm, ni pitit yo, ni pitit pitit yo pou tout tan, epi David sèvitè m’ nan ap wa yo pou tout tan. M’ap pase kontra lapè avèk yo, se yon kontra tout tan l’ap ye pou yo, m’ap asire yo, m’ap fè yo vin anpil; m’ap mete Tanp mwen an nan mitan yo pou tout tan, tant mwen an ap nan mitan yo, m’ap Bondye yo, yo menm y’ap pèp mwen; nasyon yo ap konnen mwen se Granmèt la k’ap fè Izrayèl vin sen, paske Tanp mwen an ap nan mitan yo pou tout tan».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS Jer 31, 10. 11-12ab. 13
R/Granmèt la ap veye nou tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo, anonse sa nan zile yo ki lwen yo, di: «Sa a ki te gaye Izrayèl la, l’ap rasanble l’, l’ap veye sou li tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.R.
Granmèt la delivre Jakòb, li delivre l’ sot nan men sa k’ pi fò.
Y’ap rive y’ap fè lwanj sou mòn Siyon, y’ap vin ansanm nan byen Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap kontan nan dans la, ni jèn jan ni granmoun ansanm; m’ap fè dèy yo a vin tounen kè kontan, m’ap konsole yo, m’ap fè kè yo kontan nan plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
«Se pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, te kapab rasanble vin tounen yon sèl».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 11, 45-56
Lè sa a:
Anpil nan Juif yo, ki te vin kot Mari ak Mat, ki te wè sa Jezi te fè, yo te vin kwè nan li. Men kèk nan yo al jwenn farizyen yo, yo di yo sa Jezi te fè.
Konsa, chèf prèt yo ak farizyen yo rasanble yon reyinyon, yo di: «Ki sa n’ap fè, paske mesye sa a ap fè anpil siy? Si nou kite l’ konsa, tout moun ap kwè nan li, Women yo ap rive, y’ap pran plas nou an ak nasyon nou an». Youn nan yo yo te rele Kayif, ki te chèf prèt ane sa a, li di yo: «Nou menm menm nou pa konprann anyen; nou pa reflechi li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri».
Bagay sa a, se pa nan li menm sa sòti ki fè l’ di l’; men kòm li te chèf prèt ane sa a, li te anonse davans tankou pwofèt, Jezi te gen pou l’ te mouri pou nasyon an, epi se pa pou nasyon an sèlman men pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, pou yo te kapab rasanble fè yon sèl. Konsa depi jou sa a, yo t’ap reflechi pou yo touye l’.
Jezi menm pa t’ mache an piblik lakay Juif yo ankò, men l’al nan rejyon bò dezè a, nan yon vil yo rele Efrèm, li te rete la ansanm avèk disip li yo. Pak Juif yo te tou pre, anpil moun te monte Jerizalèm sot nan rejyon yo, pou Pak la, pou yo te kapab sanktifye. Yo t’ap chèche Jezi, youn t’ap pale ak lòt, pandan yo te kanpe nan Tanp la: «Sa ou panse, èske li pa vini nan fèt la»? Chèf prèt yo ak farizyen yo te pase lòd pou si yon moun te konnen kote l’ ye, pou l’ te deklare sa, pou yo te kapab arete l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti a nan liv pwofèt Ezekyèl la make kòmansman retou pèp Izrayèl la nan Jerizalèm, lè li t’ap sòti Babilòn, peyi ekzil la. Bondye rele pèp li a retounen nan tè li. Li pwomèt l’ap rasanble tout moun yo fè yon sèl pèp, yo p’ap divize ankò. Yo p’ap adore zidòl ankò, yo p’ap tranpe kò yo nan peche ankò, l’ap pwòpte yo. Li fè yo pwomès David ap tounen wa pou gouvènen sou yo pou tout tan, yo menm y’ap vin yon pèp obeyisan, kè yo p’ap di ankò, yo va kenbe kòmandman l’ yo. Men nan moman sila a, wa David te mouri lontan deja. Kòman l’ap fè gouvènen pèp Izrayèl la? Pou konprann mesaj Bondye a nan pawòl pwofèt la, se pou nou wè Jezi nan pwomès la. Se li menm ki sèvitè a, l’ap vin kòmande sou pèp Bondye a, se Jezikri Pitit li l’ap bay pèp la kòm gid, kòm chemen. Menm jan tou nan vèsè ki swiv yo, Bondye di Izrayèl l’ap pase kontra avè l’ pou tout tan. Se kontra sa Jezi te vin siyen avèk pwòp san li ki sou lakwa. Tanp sa a ki te kraze, Jezi ap tounen rekonstwi li, li se prezans Bondye nan mitan pèp li a pou tout tan gen tan. Nan Levanjil la, Jezi ki kòmanse santi presyon pèsekisyon kont li, li deside pa fè aparisyon piblik ankò, li te konnen yo t’ap chache touye l’. Youn nan yo yo te rele Kayif, ki te chèf prèt ane sa a, li di yo: «Nou menm menm nou pa konprann anyen; nou pa reflechi li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri». Men lè nou reflechi, nou konprann Jezi pa t’ yon menas pou pèp la, paske lè yo menmen l’ jije kote Pilat, menm Pilat di li pa wè fot nan Jezi, epi si Jezi te yon menas pou Wòm, Pilat pa t’ap bay chèf prèt yo tan pou arete l’, li t’ap deja fè sa li menm. Menm Ewòd, lè Jezi rive kote l’, se plis kiryozite nou wè l’ te gen pou Jezi. Li te voye Jezi retounen bay Pilat. Chèf prèt yo te deside fè l’ disparèt, yo pa t’ ka kite l’ pale plis toujou. Paske Jezi te twò popilè, yo te santi l’ kòm yon menas pou yo. Lanmò Jezi se rezilta entansite lanmou li; menm jan lanmò a se rezilta anpil moun k’ap lite pou delivrans pòv yo. Men, tankou pawòl la di nou: «Bagay sa a, se pa nan li menm sa sòti ki fè l’ di l’; men kòm li te chèf prèt ane sa a, li te anonse davans tankou pwofèt, Jezi te gen pou l’ te mouri pou nasyon an, epi se pa pou nasyon an sèlman men pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, pou yo te kapab rasanble fè yon sèl». Jezi mouri pou nou jwenn lavi e lavi an kantite.
LAPRIYÈ : Mèsi Jezi pou kalite sakrifis ou fè pou mwen. Ou aksepte soufri sou bwa lakwa pou w’ te kapab sove m’. Tanpri pa kite m’ gaspiye kado lavi sa a ou fè m’ nan.

PWOPOZISYON:Jounen jodi a rekonèt fot mwen yo epi mande Bondye padon, rekonèt se chay peche mwen yo Jezi pote sou do li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario