Koulè Wouj
DIMANCH
RAMO
KÒMANSMAN
SEMÈN SENT
PREMYE LEKTI
«Mwen pa
kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ yo, men mwen konnen mwen p’ap wont».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-7
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen
konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten, li reveye,
granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale.
Granmèt Bondye louvri zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa fè rebèl; mwen pa
rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan, mwen renmèt figi m’
bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap
maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye a ap pote m’ sekou, se
pousa mwen pa wont. Se pousa mwen fè fas mwen tankou wòch ki pi di a, mwen konnen
mwen p’ap wont.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
21, 8-9. 17-18a. 19-20. 23-24
R/
Bondye, Bondye
mwen, pou ki sa ou lage m’?
Tout
moun ki wè m’ yo pase m’ nan jwèt; yo tire lang, yo souke tèt:
«Li
te espere nan Granmèt la, se pou l’ delivre l’; se pou l’ sove l’, paske li renmen
l’».R.
Sèke
anpil chyen sènen m’, yon bann moun mechan fè laviwonn mwen. Yo pèse men m’ ak
pye m’, yo konte tout zo mwen yo.R.
Yo
separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò.Ou menm, Granmèt, pa ret
lwen, fòs mwen, fè vit vin ede mwen.R.
M’ap
rakonte non ou bay frè mwen yo, nan mitan legliz la m’ap fè lwanj ou. Nou menm ki
respekte Granmèt la, se pou nou fè lwanj li,
tout
ras Jakòb, deklare glwa li, se pou tout ras Izrayèl respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li rabese tèt li: se pousa Bondye leve
l’ anlè».
LEKTI
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-l1
Jezikri,
malgre se sa Bondye ye a li ye, li pa konsidere ret egal ak Bondye a tankou yon
bagay pou l’ kenbe pou li sèl, men li fè pwòp tèt li vin pa anyen, antan li
pran nati esklav, li vin sanble ak lèzòm, yo rekonèt li tankou moun. Li rabese
tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, epi lanmò lakwa.
Se
pousa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ yon non ki anlè tout non, pou o non Jezi sa
a, tout jenou bese nan syèl, sou tè, ak anba tè, epi tout lang deklare Jezikri
se Granmèt, nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL:
SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ
MATYE KI SEN 26, 14-27, 66
«Ki sa nou vle ban mwen, m’ap renmèt li ba nou»?
Lè sa a: Youn nan douz yo, sa yo te
rele Jida Iskaryòt la, l’al kot chèf prèt yo, li di yo: «Ki sa nou vle ban mwen,
m’ap renmèt li ba nou»? Yo
menm yo ranje avèk li pou trant pyès lajan. Depi lè sa a li t’ap chèche yon
okazyon pou l’ renmèt li.
«Kote
ou vle nou pare Pak la pou ou»?
Premye
jou Azim yo, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: «Kote ou vle nou pare pou ou pou
nou manje Pak la»?
Jezi
menm di: «Ale nan vil la kot entèl, di l’: «Mèt la di: Lè m’ nan tou pre: se
lakay ou m’ap fè Pak la avèk disip mwen yo».
Disip yo fè jan Jezi te pase yo lòd la, yo pare Pak la.
«Youn nan nou ap bay mwen».
Lè
aswè rive, li te atable avèk douz disip li yo. Pandan yo t’ap
manje, li di: «An verite mwen di nou gen youn nan nou k’ap bay mwen».
Yo
vin chagren anpil, yo chak yo kòmanse ap di: «Èske se mwen, Granmèt»?
Li
menm li reponn, li di: «Sa a ki plonje men l’ ansanm ak mwen nan plat la, se li
menm k’ap bay mwen. Pitit moun nan a prale, jan yo ekri sou li a; men madichon
pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo bay Pitit moun nan! Li ta pi bon pou li,
si l’ pa t’ janm fèt».
Jida
menm reponn, li menm ki te bay li a, li di: «Èske se mwen, Rabi»?
Li
di: «Ou di l’».
«Sa
a se Kò mwen, sa a se San mwen».
Pandan
y’ap manje, Jezi pran pen, li beni, li kase, li bay disip li yo, li di: «Pran,
manje: sa a se Kò mwen». Li pran kalis la, li di Bondye mèsi, li ba yo, li di: «Bwè
ladan l’, nou tout; sa a se San m’ pou nouvo kontra a, ki vide pou anpil moun
pou padon peche yo. Mwen di nou: Mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen sa a ankò,
jous nan jou sa a, lè m’a bwè l’ avèk nou tou nouvo nan peyi-wa Papa m’ nan».
Lè
yo fin di kantik la, yo sòti al nan mòn pye Oliv yo.
«M’ap frape gadyen an, bann mouton yo ap gaye».
Lè sa a atò Jezi di yo: «Nou tout n’ap
skandalize poutèt mwen nan nuit sa a; paske yo te ekri: «M’ap frape gadyen an,
bann mouton yo ap gaye».Men aprè m’ fin leve vivan, m’ap pran devan nou nan
Galile».
Pyè pran lapawòl, li di: «Menm si
tout moun skandalize poutèt ou, mwen menm menm mwen p’ap janm scandalize».
Men Jezi di l’: «Amèn mwen di ou nan nuit sa a menm, anvan
kòk la chante, w’ap refize rekonèt mwen twa fwa».
Men Pyè di l’: «Menm si mwen gen pou
m’ mouri avèk ou, mwen p’ap refize rekonèt ou». Tout disip yo di menm jan tou.
«Li kòmanse pran chagren ak lapenn».
Lè
sa a Jezi rive avèk yo nan abitasyon yo rele Jetsemani, li di disip li yo: «Rete
isit la, pandan m’a pral laba a pou m’ lapriyè». Li pran Pyè ak de pitit Zebede
yo, li kòmanse vin gen chagren ak lapenn. Lè sa a li di yo: «Nam mwen gen chagren
pou m’ mouri: rete isit la, veye avèk mwen».
Li
avanse yon ti kras, li tonbe sou fas li, li pran lapriyè, li di: «Papa mwen, si
sa posib, fè kalis sa a pase lwen m’; sèlman se pa jan m’ vle a, se jan ou menm
ou vle».
Li
rive kot disip li yo, li jwenn yo ap dòmi, li di Pyè: «Konsa nou pa t’ kapab veye
inèd-tan avèk mwen; veye, lapriyè, pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a
vif, men chè a fèb».
Yon
lòt fwa ankò, 1’ale, li lapriyè, li di: «Papa mwen, si kalis sa a pa kapab pase,
san mwen pa bwè l’, se pou volonte ou fèt». Li vini ankò, li jwenn yo ap dòmi
(sèke je yo te lou) li kite yo, 1’ale ankò, li lapriyè pou twazyèm fwa a, antan
l’ap di menm pawòl la. Lè sa a atò, li rive kot disip li yo, li di yo: «Nou mèt
dòmi atò, nou mèt repoze: men lè a ap pwoche, pou yo bay mwen an».
«Yo
met men sou Jezi, yo sezi l’».
Pandan
l’ap pale toujou, men Jida, youn nan douz yo, ki rive, avèk li te gen yon pakèt
foul avèk epe avèk baton, se chèf prèt yo ak ansyen pèp yo ki te voye yo. Sa a
menm ki t’ap bay li a, li te ba yo yon siy, li te di: «Sa a m’ap bo a, se li menm,
kenbe l’». Menm lè a, li pwoche kot Jezi, li di: «Sali, Rabi». Li bo l’.
Jezi
di l’: «Zanmi, sa ou vin fè»? Lè sa a atò, yo pwoche, yo met men sou Jezi, yo kenbe
l’.
Men
youn nan sa yo ki te avèk Jezi yo, li lonje men l’, li soti epe l’, li frape
sèvitè chèf prèt la, li koupe zòrèy li. Lè sa a Jezi di l’: «Renntèt epe ou nan
plas li; sèke tout moun k’ap pran epe, y’ap peri ak epe. Oubyen èske ou kwè, mwen
pa kapab lapriyè Papa m’, pou l’ voye plis pase douz batayon anj pou mwen? Men
kijan pou sa k’ ekri yo reyalize, paske se konsa l’ dwe fèt»?
Lè
sa a Jezi di foul yo: «Tankou pou yon asasen, nou sòti avèk epe avèk baton, pou
nou arete m’: chak jou mwen te chita lakay nou, m’ap bay lansèyman nan tanp la,
men nou pa t’ kenbe m’». Men tout sa rive, pou sa pwofèt yo ekri
a te kapab reyalize. Lè
sa a tout disip yo kite l’, yo sove kò yo.
«N’ap wè Pitit Moun nan chita adwat pouvwa Bondye a».
Yo
menm yo kenbe Jezi, yo kondui l’ kot Kayif, chèf prèt yo, kote pwofesè yo ak
ansyen yo te rasanble. Pyè menm t’ap suiv li de lwen jous nan lakou chèf prèt
yo, li antre anndan, li chita avèk sèvitè yo, pou l’ wè kijan sa ap fini.
Chèf
prèt yo ak tout tribinal la t’ap chèche fo-temwen kont Jezi, pou yo fè l’
mouri, men yo pa jwenn, malgre anpil fo-temwen te pwoche. Alafen gen de fo-temwen
ki rive, yo di: «Sa a te di: «Mwen kapab kraze Tanp Bondye a, apre twa jou m’ap
rebati l’».
Chèf
prèt yo leve, li di l’: «Ou pa reponn anyen nan bagay sa yo sa yo ap temwaye kont
ou a»? Jezi menm te pe bouch li. Chèf prèt yo di l’: «Mwen pase ou lòd o non
Bondye vivan an, pou ou di nou si ou se Kris, Pitit Bondye».
Jezi
di l’: «Ou di l’; reyèlman vre, mwen di nou, nan yon ti moman n’ap wè Pitit
moun nan ki chita adwat pouvwa Bondye a, k’ap vini nan nyaj syèl yo».
Lè
sa a atò chèf prèt yo chire rad li yo, li di: «Li blasfemè»: ki temwayaj nou bezwen
ankò? Men koulye a nou tande blasfèm nan: ki sa nou di nan sa»? Yo menm yo reponn,
yo di: «Li merite lanmò».
Lè
sa a yo krache nan figi l’, yo frape l’ ak kout-pwen, genyen menm ki ba l’
souflèt nan figi l’, y’ap di: «Devine tankou pwofèt pou nou, Kris, kilès ki frape
ou la»?
«Anvan
kòk la chante, w’ap nye m’ twa fwa».
Pyè
menm te chita deyò nan lakou a, yon sèvant pwoche kote l’, li di: «Ou menm tou,
ou te avèk Jezi moun Galile a».
Li menm menm, li nye devan tout
moun, li di: «Mwen pa konnen ki sa w’ap di a».
Pandan
l’ap sòti nan baryè a, yon lòt sèvant wè l’, li di moun yo ki te la a: «Sa a
tou te avèk Jezi moun Nazarèt la».
Li
nye ankò avèk sèman:«Mwen pa rekonèt mesye a».
Aprè
yon ti moman, moun yo ki te kanpe la a, yo pwoche, yo di Pyè: «Se vre, ou menm
tou ou te avèk yo; sèke ata fason w’ap pale a fè wè ou te avèk yo vre».
Lè
sa a atò, li kòmanse pran Bondye pou temwen, li fè sèman li pa t’ konnen mesye a,
menm lè a yon kòk chante. Pyè sonje pawòl Jezi te di a: «Anvan kòk la chante, w’ap
nye m’ twa fwa». Li sòti deyò, li kriye avèk gwo lapenn.
«Yo
renmèt Jezi bay Pons Pilat, prefè a».
Lè
maten rive, tout chèf prèt yo ak ansyen pèp yo fè konplo kont Jezi, pou yo renmèt
li bay lanmò. Yo kondui l’ tou mare, yo renmèt li bay Pons Pilat, prefè a.
«Nou pa gen dwa lage l’ nan trezò sakre yo, paske se pri san
li ye».
Lè
sa a atò, Jida, sa a ki te trayi l’ la, li wè yo te kondane l’, li vin gen remò,
li pote trant pyès lajan yo renmèt chèf prèt yo ak ansyen yo, li di: «Mwen fè peche,
antan m’ renmèt nou sa a ki kòrèk».
Men
yo menm yo di: «Ki sa sa fè nou? ou menm ki pou wè». Li voye lajan yo jete nan
Tanp la, li pati, 1’al pann tèt li ak yon kòd.
Chèf
prèt yo menm, yo pran lajan yo, yo di: «Nou pa gen dwa mete l’ nan trezò sakre
yo, paske se pri san li ye». Yo fè reyinyon, ak lajan an yo achte yon jaden
moun ki konn fè krich pou yo antere etranje yo. Se pousa yo rele jaden sa a: «Akèldama»,
sa vle di «jaden san», jous jodi a.
Lè
sa a atò, sa pwofèt Jeremi te di a akonpli: «yo pran trant pyès lajan, yo konte
pri a, pri sa a pitit Izrayèl yo bay pou mwen an; yo bay yo pou jaden fig la,
jan Granmèt la te pase m’ lòd la».
«Ou
se wa Juif yo»?
Jezi
menm te kanpe devan prefè a, prefè a poze l’ kesyon, li di: «Ou se wa Juif yo»?
Jezi
di l’: «Ou di l’». Pandan chèf prèt yo ak ansyen yo t’ap akize l’, li pa reponn
anyen.
Lè sa a atò Pilat di l’: «Ou pa tande
tout kalite temwayaj y’ap deklare kont ou»? Li pa reponn li okenn pawòl, atèl pwen prefè a te sezi
anpil.
Men
alokazyon gran jou fèt la, prefè a te konn lage yon prizonye bay pèp la, sa yo
te konn vle a. Lè sa a te gen yon prizonye ki te fè gran koz, yo te rele l’
Barabas. Lè yo rasanble, Pilat di: «Kilès nou vle pou m’ lage ba nou, Barabas
oubyen Jezi, sa a yo rele Kris la»? Li te byen konnen se poutèt jalouzi yo te
bay li.
Pandan
li te chita devan tribinal la, madanm li voye kote l’, li di: Pinga gen anyen
ant ou menm ak mesye sa a ki kòrèk la; sèke mwen soufri anpil jodi a nan vizyon
poutèt li».
Chèf
prèt yo menm avèk ansyen yo t’ap pouse pèp la pou yo mande Barabas, men pou yo
touye Jezi. Prefè a menm pran lapawòl, li di yo: «Kilès nou vle pou yo lage nan
yo de a»?
Yo
menm yo di: «Barabas». Pilat di yo: «Ebyen kisa pou m’ fè ak Jezi, sa yo rele
Kris la»? Yo tout yo di: «Se pou yo kloure l’ sou kwa». Prefè a di yo: «ki sa l’
fè ki mal»?
Yo
menm yo t’ap rele pi rèd, yo t’ap di: «Se pou yo kloure l’ sou kwa». Lè Pilat wè
li pa t’ap gen okenn siksè, men se dezòd ki t’ap fèt pi plis, li pran dlo, li
lave men l’ devan pèp la, li di: «Mwen inosan nan san mesye sa a ki kòrèk la;
nou menm ki pou wè».
Tout
pèp la reponn, li di: «Se pou san l’ sou nou ak sou pitit nou yo». Lè sa a atò,
li lage Barabas ba yo, Jezi menm li renmèt li ba yo lè yo fin bat li, pou yo
kloure l’ sou kwa.
«Sali,
wa Juif yo».
Lè
sa a atò, sòlda prefè yo pran Jezi nan palè a, yo rasanble tout gad yo kote l’.
Yo wete rad li, yo abiye l’ ak yon manto wouj, yo trese yon kouwòn ak pikan, yo
poze sou tèt li, yo met yon wozo nan men dwat li; yo fè jenifleksyon devan l’,
y’ap pase l’ nan jwèt, y’ap di: «Sali, wa Juif yo». Yo krache sou li, yo pran wozo
a, y’ap frape tèt li. Lè yo fin pase l’ nan jwèt kont kò yo, yo wete manto a
sot sou li, yo abiye l’ ak rad li, yo kondui l’, pou yo kloure l’ sou kwa.
«Yo
kloure de asasen avèk li sou kwa».
Antan
y’ap sòti, yo rankontre yon mesye, moun Sirèn, yo rele Simon; yo fòse l’ pou l’
pote kwa l’ la. Yo rive kote yo rele Gòlgota a, sa vle di plas Kalvè a. Yo ba l’
diven pou l’ bwè ki mele avèk fyèl, men kon l’ goute l’, li pa vle bwè. Lè yo
fin kloure l’ sou kwa a, yo separe rad li yo antan yo tire osò, pou sa yo te di
pa lantremiz pwofèt la akonpli: «Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m
nan osò». Yo chita, y’ap veye l’. Sou tèt li yo mete koz li a, ki ekri: «Sa a se
Jezi wa Juif yo». Lè sa a yo te kloure de asasen avèk li, youn adwat, lòt la
agoch.
«Si
se pitit Bondye ou ye, desann sot sou kwa a».
Moun
ki t’ap pase yo menm, yo t’ap joure l’, antan y’ap souke tèt yo, y’ap di: «An
nou wè, ou menm k’ap kraze Tanp Bondye a pou ou rebati l’ nan twa jou a! Sove pwòp
tèt ou: si se Pitit Bondye ou ye, desann sot sou kwa a».
Menm jan tou chèf prèt yo t’ap pase l’
nan jwèt, ansanm ak pwofesè yo ak ansyen yo, yo t’ap di: «Li sove dòt, li pa
kapab sove pwòp tèt li: si se wa Izrayèl li ye, se pou l’ desann koulye a sot
sou kwa a, n’a kwè nan li. Li
te met konfyans nan Bondye: se pou l’ delivre l’ koulye a, si l’ vle; sèke li te
di: «Se Pitit Bondye mwen ye». Menm asasen yo ki te kloure sou kwa avèk li yo,
yo t’ap fè l’ repwòch.
«Eli,
Eli, lamma sabaktani»?
Men a midi, vin gen fènwa sou tout
fas tè a jouska twazè.Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: «Eli, Eli lama
sabaktani»? Sa vle di: «Bondye mwen, Bondye mwen, pouki sa ou lage mwen»?
Kèk
menm ki te kanpe la, ki t’ap koute, yo t’ap di: «Se Eli l’ap rele». Menm lè a,
youn nan yo kouri, li pran yon eponj, li plen l’ ak vinèg, li mete l’ nan yon wozo,
l’ap eseye ba l’ bwè. Lòt yo menm t’ap di: «Kite, an nou wè si Eli ap vin delivre
l’».
Jezi
menm pouse yon gran rèl ankò, li lage souf li. (Isit la, yo fè jenifleksyon, yo
rete yon ti moman an silans).
Men
vwal Tanp la chire an de moso depi anwo jous anba, tè a tranble, wòch yo fann,
kavo yo louvri, anpil kò sen yo ki t’ap dòmi, yo leve. Yo sòti nan kavo yo aprè
rezireksyon l’ nan, yo vin nan vil ki sen an, yo parèt devan anpil moun. Santiryon
an menm ak sa yo ki te avèk li yo ap veye Jezi a, lè yo wè tranblemantè a ak
bagay sa yo ki rive yo, yo sezi anpil, yo di: «Vrèman, se Pitit Bondye sa a te
ye».
Te
gen anpil medam ki te la, yo te kanpe byen lwen, yo menm ki te konn suiv Jezi depi
sot nan Galile a, pou yo te okipe l’ la, nan pami yo te gen Mari Madlèn, Mari
manman Jak, ak manman Jozèf, ak manman pitit Zebede yo.
«Jozèf
depoze kò Jezi nan kavo pa l’ ki tou nèf.
Kòm
aswè te fin rive, yon mesye rich, moun Arimati, yo rele Jozèf, vin rive, li menm
tou li te disip Jezi. Li pwoche kot Pilat, li mande kò Jezi. Lè sa a Pilat pase
lòd pou yo renmèt kò a. Jozèf pran kò a, li vlope l’ nan yon dra pwòp. Li depoze
l’ nan pwòp kavo pa l’, ki te fouye nan wòch la, li woule yon gwa wòch nan
bouch kavo a, epi li pati. Mari Madlèn menm te la, avèk lòt Mari a yo te chita
an fas kavo a.
«Nou
gen gad; ale, veye l’ jan nou konnen».
Nan landmen, aprè Pak la, chèf prèt
yo rasanble ak farizyen yo kot Pilat, yo di: «Mèt, nou sonje sa a k’ap chèche twonpe
moun nan, lè l’ te vivan li te di konsa: «Aprè twa jou, m’ap resisite». Pase lòd pou yo veye kavo a jous twazyèm
jou a, pou disip li yo pa rive pou yo pa vòlè l’, pou yo pa di pèp la: «Li resisite
sot nan pami mò yo»: dènye erè sa a ta pi mal pase premye a».
Pilat
menm di yo: «Nou gen gad: ale, veye jan nou konnen». Yo menm y’ale, yo veye
kavo a, antan yo poze sele sou wòch la avèk gad yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan
Dimanch Ramo yo, nou tande kapitèn nan nan pye kwa a, lè Jezi fèk pouse rèl
lanmò a, kapitèn nan di: Reyèlman vre, sila se te Pitit Bondye a. Se yon pwofesyon
lafwa li fè, menm jan avèg la te fè l’ la, menm jan Mat te fè l’ la, menm jan
moun Samari yo te fè l’ la.
Pak tou pre, pelerinaj lafwa nou a
gen yon ti mòn pou l’ monte ankò, dèyè mòn se mòn: se mòn Kalvè a; aprè sa, se
limyè nwit Pak la k’ap klere. Granmèt la ap kondwi nou sot nan wotè al nan wotè,
joustan li parèt devan nou nan Siyon.
Dimanch Ramo a fè nou sonje triyonf
Jezi ke moun yo te akeyi kòm Wa, antan yo t’ap aklame li ak branch bwa nan men
yo; yo rele l’ tou Dimanch Lapasyon, pou fè sonje soufrans ak lanmò Jezi. De evénman
sa yo ale ansanm, tankou landwat ak lanvè yon rad: ni lanmò a ni triyonf
Rezireksyon a. Depi nan dezyèm dimanch Karèm nan, litiji a te montre nou sa,
antan li te fè nou wè Jezi ki chanje figi, ki transfòme, epi Moyiz ak Eli k’ap
pale osijè Ekzòd li t’a pral fè Jerizalèm nan.
Se moman pou nou fè yon dènye ti
fouye konsyans nou, pou nou gade sou ki pwen nou pa ko fè ekzòd sa a, konvèsyon
sa a, penitans sa a, chanjman sa a, sitou osijè rekonsilyasyon ak penitans la.
Pak a pral rive. Li pa twò ta; se pou nou sonje travayè yo ki te
rive nan dènye moman yo t’a pral fèmen chantye a, yo touche menm pri avèk
premye yo. Mèt la te tèlman kontan fè yo plezi; konsa tou Bondye ap louvri bral
pou ti pitit la ki te pati kite l’ depi lontan. Epi ki regrèt yon ti moman nan
kè l’, ki di li te gen plis avantaj lakay Papa a. L’ap pati, l’ap tounen al kay
Papa a, l’ap di: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak kont ou, mwen pa merite
pou yo rele m’ pitit ou, trete m’ tankou youn nan sèvitè ou yo. Papa a menm
kite l’ fin pale, li anbrase l’, li mete yon yon bèl rad sou li, bèl soulye nan
pye l’, bèl bag nan dwèt li, li fè touye bèf la yo t’ap angrese a, tèlman li
kontan, joustan sa pwovoke jalouzi pi gran frè a. Bondye gen kè sansib, li mal
pou fache, li konnen se pechè nou ye. Nou pa bezwen wont li, se pou nou pwofite
pou nou fè yon bon konfesyon Pak, pou nou fete lanmò ak rezireksyon Jezi a, pou
l’ pa vide san l’ pou granmesi. Nou pa dwe di tankou pèp jwif la: «Se pou san l’
tonbe sou nou ak sou pitit nou yo». Madichon sa a ta two rèd, se ta
yon peche kont Lespri Sen an. Nou pa dwe kite lagras la pase san nou pa resevwa l’, otreman li
kapab pati nèt. Nou pa dwe pase Bondye nan rizib. L’ap
frape nan papòt nou tout nan nwit la. Nou pa dwe kite jou bare l’, li gen pou l’
kontinye chemen l’; se pou nou louvri tout pòt kè nou pou Jezi antre. An nou kite pawòl sa yo entèpele
nou pou Granmèt la kapab transfòme lavi nou pandan tan sa a.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa,
ki ekziste tout tan, ou te vle bay ras lèzòm yon ekzanp pou yo imite nan fason
pou yo rabese tèt yo, ou fè sa a ki sove nou an pran yon kò pou l’ sibi mati
lakwa; tanpri, fè nou pran lansèyman pasyans li pou nou gen menm destine ak
lavi l’ ki tounen aprè lanmò a. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Konbyen fwa mwen aklame Jezi? Konbyen fwa mwen
kondane li atravè yon frè osinon yon sè?
No hay comentarios:
Publicar un comentario