Páginas

LENDI 14

Koulè Vyolèt
LENDI SEN
PREMYE LEKTI
«Li p’ap rele, yo p’ap tande vwa l’ deyò».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 42, 1-7
Men pawòl Granmèt la:
«Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a nam mwen jwenn plezi nan li: mwen mete Espri m’ sou li, l’ap pote jijman an nan nasyon yo. Li p’ap rele, li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ deyò. Wozo ki fele a, li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li, se nan verite a l’ap fè jijman an sòti. Li p’ap tris, li p’ap sakaje anyen, joustan li poze jijman an sou tè a; zile yo ap tann lalwa l’ la».
Men pawòl Granmèt Bondye a, li menm ki kreye syèl yo, li menm ki deplwaye yo, li menm ki asire tè a, ni sa k’ap jèmen nan li, li menm ki bay pèp la lapawòl, pèp sa a ki sou tè a, li menm ki mete espri pou sa yo k’ap mache sou tè a:
Mwen menm Granmèt la, mwen rele ou nan jistis, mwen pran men ou, mwen pwoteje ou, mwen mete ou kòm alyans pèp la, kòm limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou fè prizonye yo sot nan prizon, pou ou fè sa k’ chita nan fènwa yo sòti nan kacho a».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 26, 1. 2. 3. 13-l5
R/ Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Lè moun k’ap chèche fè m’ ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’; sa yo k’ap fè m’ pase tray la ak ènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R.
Si lame kanpe an fas mwen, kè m’ pa gen dwa pè; si batay leve kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Mwen kwè m’ap jwenn byen Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann Granmèt la, aji avèk kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Kite l’, se pou jou antèman m’ li te konsève sa».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN12, 1-l1
Sis jou anvan Pak la, Jezi rive Betani, kote Laza te mouri a, li menm Jezi te leve a. Yo te fè yon resepsyon; Mat t’ap sèvi, Laza te nan pami moun yo ki te sou tab avèk li a. Mari menm pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè, li benyen pye Jezi, li souye pye l’ avèk cheve l’; kay la vin plen ak odè losyon an.
Youn nan disip li yo, Jida Iskaryòt, sa a ki t’ap bay li a, li di: «Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv»? Li te di sa, se pa paske li te gen konsiderasyon pou pòv yo, men se paske se vòlè li te ye, epi se li menm ki te gen bous la, sa yo te mete ladan l’, li te pran l’.
Konsa Jezi di: «Kite l’ se pou jou antèman m’ li te konsève l’. Pòv yo reyèlman, se tout tan n’ap genyen yo avèk nou, kanta mwen menm, nou p’ap genyen m’ tout tan».
Anpil foul nan Juif yo vin konnen li la, yo pa vini pou Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza tou, sa a li te leve sot nan pami mò yo. Gran prèt yo menm t’ap fè kalkil pou yo touye Laza tou, paske anpil moun te kite Juif yo poutèt li, yo te kwè nan Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, lekti jounen jodi a mete a klè de atitid nou dwe reflechi sou yo seryezman pandan semèn Sent la. Nou menm kretyen yo, Legliz la sot envite nou pase plizyè semèn nan lapriyè, abstinans epi nan fè jèn. Se yon fason pou nou te kapab pran yon ti tan espesyal pou nou kapab reflechi sou ki direksyon nou vle bay lavi nou. Youn nan premye atitid Levanjil la envite nou reflechi, se sa nou kapab rele rekonesans la. Se fason Mari te reyaji poutèt mirak Jezi te fè lè li te resisite frè li Laza. Anpil fwa nou toujou pran tan pou nou mande Bondye men nou pa janm pran tan pou nou remèsye li lè nou fin jwenn yon bagay. Ebyen Mari ba nou yon ekzanp klè lè li vide sou pye Jezi losyon li te genyen ki te koute pi chè a, losyon ki te pi presye a. Nan jès sa nou kapab apresye yon lanmou youn pou lòt ki te manifeste ant Jezi avèk Mari. Lanmou Bondye a manifeste lè li konsole Mari nan leve li leve frè li a byen vivan. Se yon fason tou pou nou kapab konprann fason Bondye bay tèt li pou nou an, e ki deja fè nou konprann jan li gen pouvwa sou lanmò. Lanmò pa ka gen dènye mo devan Bondye sinon se lavi ki dwe pote laviktwa. Se yon fason pou li deja prepare nou pou laviktwa li pral pote sou lanmò lè kriminèl yo te deside touye li.
 Yon lòt kote Levanjil la mete aksan sou atitid Jida a. Se yon atitid nou dwe medite anpil pandan tan Sent la pou nou kapab wè kijan Granmèt la kapab ba nou lagras pou nou mete li sou kote. Jida fè nou wè a klè kijan li te repliye sou pwòp tèt li. Se atitid sa yo, zanmi Bondye yo, ki anpil fwa anpeche nou avanse kòm moun, ki anpeche nou ede lòt yo fè pwogrè. Pandan ti tan sa yo li enpòtan pou nou aprann mete tout atitid ki pa fè lavi boujonnen sou kote. Paske Jezi te bay lavi li sou lakwa pou nou, se pa pou bon plezi men se pou nou te kapab gen lavi an kantite, menm aprè lanmò fizik nou. Poutèt sa ann nou kontinye travay ansanm pou lavi kapab kontinye boujonnen tout kote nou ye.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tanpri, n’ap lapriyè ou ; nou malad, n’ap febli ; koute sèl Pitit ou a ki soufri pou nou, fè nou jwenn yon souf. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Bondye toujou lonje men ba ou, konbyen fwa ou lonje men bay yon moun ki nan nesesite ? Èske ou toujou sonje di mèsi lè ou resevwa ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario