Koulè Vyolèt
MADI
SEN
PREMYE LEKTI
«Mwen mete ou
kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a».
LÉKTU LIV
PROFÈT IZAYI 49, 1-6
Koute, zile yo, fè atansyon, pèp ki lwen
yo: Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi nan zantray manman m’ li sonje non m’;
li mete bouch mwen tankou yon epe pwenti, li pwoteje m’ nan lonbraj men l’, li
mete m’ tankou yon flèch ki byen chwazi, li kache m’ nan sak li.
Li di m’: «Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl,
paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen». Epi mwen menm mwen te di: «Se pou granmesi
mwen te travay, se san rezon ak pou anyen mwen te depanse fòs mwen; epoutan
jijman m’ avèk Granmèt la, rezilta travay mwen avèk Bondye m’ nan».
Koulye a, men sa Granmèt la di, li menm
ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb
tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl ba li, mwen jwenn glwa devan je
Granmèt la, Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen. Li di: «Sa pa kont pou ou sèvitè
m’ pou ou kapab leve ras Jakòb yo, pou ou fè debri pèp Izrayèl yo tounen: men mwen
mete ou kòm limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 70,
1-2. 3-4a. 5-6ab. 15 e 17
R/
Bouch mwen
ap anonse delivrans ou a, Granmèt,
Se nan ou, Granmèt, mwen espere, pa
kite m’ wont pou tout tan.
Nan jistis ou a delivre m’, sove m’;
panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl,
ak yon kay defans, pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm. Bondye
mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen,
Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apuiye depi m’ nan
vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
Bouch mwen ap anonse jistis ou, tout
jounen delivrans ou a, pou m’ ta konte l’, mwen pa kapab. Bondye, ou ban m’
ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
«Youn nan nou ap bay mwen. Kòk
la p’ap chante, w’ap gen tan nye m’ twa fwa».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 13, 21-33. 36-38
Lè sa a:
Jezi te sou tab avèk disip li yo, espri
l’ vin twouble, li temwaye, li di: «Amèn, amèn mwen di nou sa, youn nan nou ap
trayi m’». Disip yo youn t’ap gade lòt, yo pa t’
fin konprann sa l’ te vle di a.
Youn
nan disip Jezi yo ki te sou tab yo te kouche sou lestonmak li, sa a Jezi te renmen
an. Simon Pyè fè l’ siy, li di l’: «Ki moun l’ap pale a»?
Kòm sa a te kouche sou pwatrin Jezi, li di l’: «Granmèt, kilès»?
Jezi
reponn: «Se sa a m’ap lonje pen an mwen fin tranpe a ba li». Kon l’ tranpe
pen an, li bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Aprè bouche a, Satan antre nan li.
Jezi
di l’: «Sa w’ap fè a, fè l’ vit». Bagay sa a, pèsòn nan sa k’ te sou tab yo pa
konnen pouki sa li te di l’. Genyen ki te konprann, kòm Jida te gen bous la, Jezi
te di l’: «Achte sa nou bezwen pou jou fèt la», oubyen pou l’ te bay pòv yo
kichòy. Kon l’ fin pran bouche a, li soti menm lè a. Se te nannuit.
Kon
l’ fin sòti, Jezi di: «Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa li, Bondye jwenn glwa
li nan li tou. Si Bondye jwenn glwa li nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan
li menm tou, l’ap fè l’ jwenn glwa a tou suit.
Ti pitit mwen yo, mwen avèk nou
toujou pou yon ti moman ankò. N’ap chèche m’, men jan m’ te di Juif yo, «kote m’a
prale a nou pa kapab vini, mwen di nou sa davans».
Simon Pyè di l’: «Granmèt, kote w’a prale»?
Jezi reponn: «Kote m’a prale a, ou
pa kapab suiv mwen koulye a, w’a suiv mwen apre».
Pyè di l’: «Pouki sa mwen pa kapab
suiv ou koulye a? M’ap bay lavi m’ pou ou».
Jezi reponn li: «W’ap bay lavi ou
pou mwen? Amèn, amèn mwen di ou, kòk la p’ap chante, w’ap deja nye m’ twa fwa».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si nou pa fè atansyon
nan Levanjil jounen jodi a, nou kapab twouble si nou mal santre atansyon nou.
Youn nan moun ki atire atansyon nou nan Levanjil sa a, se Jida. Lè n’ap li
pasaj Levanjil sa yo, nan yon premye tan nou toujou ta kritike Jida pou nou di
li mal aji, li menm merite lanmò. Ebyen la menm nou kòmanse ap devye nan fason
nou dwe li Levanjil la. Èske li pa ta pi bon nan Semèn Sent la kote n’ap
prepare nou pou nou selebre lanmò ak rezireksyon pou n’ reflechi sou pwòp tèt
pa nou pito ? Olye nou ta mete nou nan pozisyon pou nou lapide Jida, èske
nou reflechi nou menm konbyen fwa nou te sèvi Jida nan lavi nou pou nou touye
Jezi sou kwa a ? Bon, sa se yon kesyon ki mande anpil refleksyon paske li
ta pi fasil pou nou di : Jida se yon trèt, li trayi Jezi. Olye nou
kontinye ak menm atitid farizyen yo, fason Jida aji a envite nou pran konsyans
sou pwòp tèt pa nou nan fason nou konn trayi Jezi. Se sèten nou pral di nou pa
janm kwaze Jezi, donk nou pa janm trayi li. Nan sans sa nou bliye si Jezi
li menm li prezan atravè frè ak sè nou yo.
Jan prezantasyon an
fèt nan Levanjil la, atitid Jida a se yon pasaj oblije, se yon fason pou
Granmèt la kapab montre nou atravè pitit li Jezi ke lanmou li pou nou pa gen
limit. Repons Jezi bay Pyè a montre nou misyon li pa fini sou tè a, sinon se
yon misyon ki apenn kòmanse. Menm aprè lanmò li, Jezi resisite e l’ap kontinye
travay pou pitit li yo, li prale pou li kapab ale prepare yon plas pou yo bò
kote Papa a. Ebyen men kado ki sere pou tout pitit Bondye yo, tout sa ki fè
volonte Granmèt la. Ebyen, frè ak sè m’ yo, an nou kontinye travay pandan semèn
sa a e pandan tout rès lavi nou pou nou kapab eritye yon plas bò kote Papa a,
pou nou kapab jwi lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ : Bondye, ki gen tout pouvwa, ki
ekziste tout tan, fè nou reyalize sakreman pasyon Granmèt la yon fason pou nou
resevwa padon. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Mande Bondye padon pou chak fwa mwen te aji
tankou Jida, lè mwen te bay fo temwayaj sou yon moun…Pran desizyon pou mwen pa
fè sa ankò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario