Páginas

MÈKREDI 16

Koulè Vyolèt
MÈKREDI SEN
PREMYE LEKTI
«Mwen pa vire fas mwen lwen moun k’ap maltrete m’ yo».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-9a
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten li reveye, granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale. Granmèt la louvri zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa kontrarye, mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt kòm bay moun yo k’ap frape m’ nan; mwen renmèt figi m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an. Granmèt Bondye ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont, se pousa mwen fè fas mwen vin tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap wont.
Li tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? Se pou l’ pwoche kote m’. Men Granmèt Bondye k’ap pote m’ sekou; kilès k’ap kondane m’?
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 68, 8-l0. 21bcd-22. 31 e 33-34
R/Nan pakèt kè sansib ou, Granmèt, koute m’, nan tan gras la.
Sèke se poutèt ou mwen sipòte afwon, lawont kouvri fas mwen;
mwen vin tounen etranje pou frè m’ yo, ak moun deyò pou pitit manman m’ yo. Sèke jalouzi kay ou a devore m’, afwon moun k’ap manke ou dega yo, yo tonbe sou mwen.R.
Afwon an kraze kè m’, mwen febli. Mwen t’ap tann moun ki pou pran lapenn avèk mwen, pa genyen, moun ki pou console m’, mwen pa jwenn. Yo mete fyèl nan manje m’, nan swaf mwen yo ban m’ bwè vinèg.R.
M’ap fè lwanj non Bondye a avèk kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.
Se pou pòv yo wè, pou yo kontan; chèche Bondye, se pou kè nou viv.Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
«Pitit moun nan a prale jan sa ekri a; men ala malè pou sa a ki sèvi lantremiz pou bay li a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 26, 14-25
Lè sa a:
Youn nan douz yo ale, sa yo rele Jida Iskaryòt la, li rive kot gran prèt yo, li di yo: «Sa nou vle ban mwen, m’ap renmèt li ba nou»? Yo dakò avèk li pou trant pyès lajan. Depi lè sa a li t’ap chèche yon okazyon pou l’ bay li.
Premye jou Azim, disip yo pwoche kot Jezi, yo di: «Kote ou vle pou nou pare pou ou, pou nou manje Pak la»?
Jezi menm di: «Al nan vil la, kay entèl, di l’ konsa: «Mèt la di: «Tan m’ nan tou pre; se kay ou m’ap fè Pak la, avèk disip mwen yo». Disip yo fè jan Jezi te pase yo lòd la, yo pare Pak la.
Lè aswè rive, 1’al sou tab avèk douz disip li yo. Pandan y’ap manje, li di: «An verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’».
Yo te vin gen lapenn anpil, yo chak kòmanse di: «Èske se mwen, Granmèt»? Li menm li pran lapawòl, li di: «Sa a ki plonje men avèk mwen nan plat la, se li menm k’ap trayi m’. Pitit moun nan a prale, jan sa ekri sou li a; men ala malè pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou yo renmèt Pitit moun nan! li ta pi bon pou li, si moun sa a pa t’ janm fèt». Jida pran lapawòl tou, li menm ki t’ap trayi l’ la, li di: «Èske se mwen, Rabi»? Li di l’: «Ou di l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nou nan mitan semèn ki apa pou Granmèt la, kote n’ap mache nan direksyon Solèy ki anwo nèt la, Pak la. Nan premye lekti liv Izayi a nou deja santi fòs sa a k’ap vini an, nou santi yon lesperans estrawodinè nan bouch pwofèt la, nan lavi li kòm sèvitè Bondye vivan an. Pawòl sa yo Izayi te pwononse avòk fòs la, se nan Jezi, Sèvitè Bondye a, yo pral jwenn akonplisman yo. Li menm ki se Laverite a, Lavi a ak Chemen an. Li kite lèzòm akize l’, bat li, fè manti sou li, mete men sou li epi maltrete l’ tankou yon volè. Li menm ki t’ap mache fè byen tout kote l’ pase a, yo fè l’ sibi menm sò yo rezève pou malfèktè. Jezi lonje figi li bay moun ki t’ap souflete l’ yo, li konnen Papa l’ap sèvi a p’ap abandone l’. Li konnen Sila a ki voye l’ la gen pouvwa pou l’ ba li jistis li.
Deja nan mèkredi ki apa a avan nou tonbe nan lapasyon Jezi pral soufri jou vandredi Sen an, nou te deja santi nan bouch pwofèt la gwo rèl laviktwa li a pandan li di: «Li tou pre, sa a k’ap rann mwen jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’? Se pou l’ pwoche kote m.»
Devan soufrans lavi a, anpil fwa nou konn anvi kouri kite sa, anpil fwa lafwa nou febli, nou vle dekouraje. Men Jezi ba nou ekzanp pèseverans nou dwe genyen jous nan bout la, Jezi montre nou kòman nou dwe mete konfyans nou nèt ale nan Sila a ki p’ap janm kite nou pran lawont. Menm jan ak Jezi nou dwe mache ak konviksyon sa a, travay pwoklamasyon wayòm Bondye a n’ap fè a, temwayaj n’ap bay yo, defans moun y’ap pyetine yo, travay avèk moun ki pòv yo, tout sa dwe fè n’ konnen Bondye p’ap janm lage nou, li p’ap kite n’ pran wont menm lè n’ rankontre moun ki opoze ak nou, menm lè n’ rankontre pèsekisyon nan travay sa a.
Youn nan bagay nou bezwen kòm kretyen, se rive viv nan laverite, nan renmen, nan tèt ansanm tout bon vre a, nan dyalòg ki chita sou respè youn pou lòt. Nou dwe evite gen lanbisyon, jalouzi ki ka fè n’ vin mechan. Jida trayi Mèt la ki t’ap sèvi l’ la, ki t’ap aji byen ak tout kominote a pou pwòp enterè pèsonèl li. Jodi a, konbyen fwa nou trayi Jezi pandan n’ pa aksepte met tèt ansanm pou n’ travay pou bati sosyete tou nèf sa a. Jezi, nan fason li aji, li montre n’ viv nan laverite: «An verite mwen di nou, youn nan nou ap trayi m’». Pa gen dyalòg ki ka fèt san laverite. Jezi pral aksepte monte sou kwa a pou l’ montre nou ki enpòtans renmen, padon ak sakrifis pou sèvi lòt yo. Konsa, nou dwe kontinye medite epi gade pwòp lavi nou, pwòp relasyon nou ak lòt yo, daprè sa Granmèt la li menm li vle pou nou an, dezi pou n’ kapab viv nan kè poze a ak kè kontan an, ak renmen an.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, ou menm ki konn sa ki nan pwofondè nou, vin ede n’ pandan tout lavi nou pran mwayen ki korèk pou n’ chanje sa k’ pa bon nan nou menm epi pou n’ aksepte aji daprè sa ou menm ou mande nou. Amèn.

PWOPOZISYON: Evalye tèt mwen epi gade ki desizyon mwen ta dwe pran pèsonèlman pandan tan Karèm sa a. Evalye kominote a pou nou wè kisa nou kapab fè ansanm.

No hay comentarios:

Publicar un comentario