Páginas

JEDI 3

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Padonnen fot pèp ou a»
LEKTI LIV EKZÒD 32, 7-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: «Ale, desann; pèp ou a fè peche, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la. Yo gen tan kite chemen an ou te montre yo a, yo fè yon ti towo avèk lò yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: «Men dye ou yo, Izrayèl, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la».
Granmèt la di Moyiz ankò: «Mwen wè kijan pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’ pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ efase yo, men m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon».
Moyiz menm pran lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li di: «Pouki sa, Granmèt pou kòlè ou flanbe kont pèp ou a, li menm ou te fè sòti nan peyi Lejip la ak gran fòs, ak men ki gen pouvwa? Pa kite Ejipsyen yo di: «Se nan pyèj li pran yo pou l’ te fè yo sòti, pou l’ te kapab touye yo nan mòn yo, pou l’ te efase yo sot sou tè a»: kalme kòlè ou, padonnen fot pèp ou a.
Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè ou yo, yo menm ou te fè sèman ba yo sou pwòp tèt ou, ou te di: «M’ap fè desandans nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay desandans nou li, n’ap posede l’ tout tan». Granmèt la vin kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.    
SÒM REPONS 105, 19-20. 21-22. 23
R/ Sonje nou, Granmèt, pou jan ou sansib pou pèp ou a.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre; yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a. Li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la, mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te chwazi a, ki te pwoche. Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire kòlè l’ pou l’ pa fè yo peri.R.
LEVANJIL 5, 31-47
«Sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5, 31-47
Lè sa a: Jezi di Juif yo:
«Si mwen menm mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an pa vre. Gen yon lòt ki sèvi m’ temwen, mwen konnen temwayaj li rann mwen an, li vre.
Nou menm nou te voye kot Jan, li te sèvi m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen men bagay sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe, k’ap klere; nou menm menm nou te vle jwi limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an.
Travay Papa m’ ban mwen pou m’ reyalize a, se travay sa yo menm mwen fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se Papa a ki voye m’. Papa a ki voye m’ nan, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou pa janm tande vwa li, nou pa janm wè fas li; nou pa gen pawòl li ki ret nan nou, paske, nou pa kwè nan sila a li voye a.
N’ap fouye labib, paske nou konprann se ladan l’ n’ap jwenn lavi tout tan an, se labib la k’ap sèvi m’ temwen. Men nou pa vle vin jwenn mwen, pou nou gen lavi.
Mwen pa resevwa bèlte nan men lèzòm. Men mwen rekonèt nou, nou pa gen renmen Bondye a nan nou. Mwen vini o non Papa m’, nou pa resevwa m’; si yon lòt rive o non l’, nou resevwa l’. Kijan nou ta kapab kwè, nou menm k’ap resevwa bèlte youn nan men lòt, epi bèlte a ki sot nan Bondye syèl la, nou pa chèche l’?
Pa konprann se mwen menm k’ap akize nou devan Papa a: sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a. Si nou te kwè nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen petèt; paske se sou mwen li te ekri. Men si nou pa kwè nan sa l’ ekri yo, kòman nou ta kapab kwè nan pawòl mwen yo»?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Si mwen bay temwayaj ak pwòp tèt mwen, temwayaj mwen an pa sèvi anyen»(Jan 5,31). Zanmi Jezikri yo, jodi a Levanjil Sen Jan ap montre nou kòman Jezi reponn avèk objeksyon sa yo, nan liv Detewonòm (19,15); l’ap pale sou kijan li sèvi Bondye temwen epi sou validite temwayaj li a: Jezi li menm li t’ap plede an favè temwayaj Jan Batis, temwayaj Papa a ki manifeste nan mirak ke li reyalize epi sa ki di nan Labib la.  Jezi repwoche tout moun ki t’ap koute; gen plizyè rezon ki fè je yo te bouche, ki fè yo pa t’ ka rekonèt li kòm Mesi a, pitit Bondye a: yo te manke renmen Bondye, entansyon yo pa t’ dwat, yo te gentan ap panse mal de Jezi anvan, yo te gen tan kondane l’ nan lespri yo; yo t’ap chache bèlte ak enterè pa yo nan Labib la e yo te entèprete tout bagay selon kapris yo. Pap Jan Pòl II, te fè nou envitasyon nan yon mesaj li te ekri, kote li te mande nou pou nou ranje koze nou avèk Bondye: «Se sèlman lè n’ap tande Lespri vwa Papa a nou kapab kontanple vizaj pitit la, paske pyès moun pa konn pitit la san Papa a » (cf. Mt 11,27). Konsa tou revelasyon anlè a, li nesesè men pou nou resevwa l’ li vrèman endispansab pou nou ouvè zòrèy nou pou nou tande, pou nou kapab akeyi li nan kè nou».Se poutèt sa, pou nou konfese Jezikri tankou vrè Pitit Bondye a, bagay deyò yo pa sifi pou demontre sa men se lè nou mache dwat devan li, nan tande pawòl li epi fè sa li mande nou pou nou fè, sa vle di pran tout bon disposisyon ki kapab parèt nesesè.Nan tan karèm sa, an nou entansifye zèv penitans la ki fasilite renouvèlman enteryè pou nou kapab amelyore fason n’ap viv, nan dispozisyon nou pou nou kontanple vrè vizaj Kris la. Nan sans sa a, Jese Maria di nou : « Kris ou imajine a se pa Jezi, men imaj tris ki fòmante nan zye twoub ou a, …  Pirifye w’. Klarifye rega ou avèk imilite epi penitans. Konsa, p’ap gen okenn reyon limyè lanmou k’ap manke nou, n’ap viv byen imaj n’ap genyen an ; se ap reyèlman bon imaj Papa nou pou nou tout kapab viv tankou frè, pou nou aprann padone menm jan Jezi li menm li padone nou. E se pou Bondye lavi a fè nou gras sa a jodi a e pou tout tan gen tan Amèn.
LAPRIYÈ : Granmèt, ak tout kè nou n’ap lapriyè bon kè ou, pwòpte sèvitè ou yo ak penitans la, ba yo ledikasyon ak bon aksyon yo, fè yo pèsevere nan kòmandman ou yo avèk kè sensè, pou yo rive nan fèt Pak yo san defo. Pa pouvwa Jezikri.Amèn.
PWOPOZISYON : Bondye gen mizerikòd pou nou, pran pitye pou lòt yo nan feblès yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario