Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Se mò lawont n’ap kondane l’».
LEKTI LIV LASAJÈS 2, la, 12-22
Mechan yo di, antan y’ap kalkile sa k’ pa kòrèk nan kè yo:
«An nou fè konplo kont sila a ki kòrèk la, paske li pa sèvi
nou anyen, l’ap kontrarye aktivite nou, l’ap repwoche nou peche nou fè kont lalwa
a, l’ap deklare peche nou fè kont ledikasyon nou. Li pwomèt li gen syans Bondye, li nonmen pwòp tèt li pitit Bondye.
Li jennen
panse nou: se yon chaj li ye pou nou, menm pou nou gade l’; paske lavi l’ pa menm
avèk lòt yo, chemen l’ yo pa chanje. Li konsidere nou tankou bagay ki pa gen
valè, li evite chemen nou yo tankou bagay ki pa pwòp; li deklare moun kòrèk yo
ap kanpe nan dènye tan an, li fè lwanj di li gen Bondye kòm papa.
Ebyen an nou
wè si pawòl li yo vre, an nou eseye pou nou wè sa k’ ap rive l’, n’a konnen
kijan l’ap ye nan dènye tan an. Si se pitit Bondye vre li ye, se pou
Bondye resevwa l’,1’a delivre l’ sot nan men moun k’ap pèsekite l’ yo.
Ak afwon, ak move tretman n’ap poze l’ kesyon, pou nou konnen
respè l’, pou nou eseye pasyans li. Ak lanmò gwo lawont n’a kondane l’; sèke
daprè pawòl li yo gen moun pou veye sou li».
Se sa y’ap kalkile, yo twonpe; mechanste yo avegle yo. Yo pa
konnen mèvèy sakre Bondye yo, yo pa espere rekonpans jistis la, yo pa jije
konsiderasyon nam sen yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
33, 17-18. 19-20. 21 e 23
R/
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo
sere.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi
souvni yo sot sou tè a. Yo rele, Granmèt la reponn, anba tout tray yo li delivre
yo.R.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè sere yo, l’ap sove sa k’ gen
lespri yo kraze yo. Anpil tray pou moun ki kòrèk yo, anba yo tout Granmèt la delivre
yo.R.
Li prezève tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze. Granmèt la ap
delivre nam sèvitè l’ yo, tout moun ki espere nan li yo li p’ap pini yo.R.
LEVANJIL
«Yo te vle
arete l’, men lè l’ pa t’ ko rive»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7,
1-2. 10. 25-30
Lè sa a:
Jezi t’ap vwayaje
nan Lagalile; li pa t’ vle al nan Lajide, paske Juif yo t’ap chèche touye l’. Jou fèt
Juif yo, fèt Joupa yo, te toupre. Lè frè Jezi yo fin monte, lè a li menm tou li
monte nan fèt la, li pa kite yo wè l’, men se tankou an kachèt.
Nan pami moun Jerizalèm yo, yo t’ap di: «Èske se pa sila a
yo t’ap chèche touye a? Epi gade l’ap
pale an piblik, san pèsòn pa di l’ anyen. Èske chèf yo ta rekonèt vre se Kris
la li ye? Men sila a nou konnen kote l’ sòti; Kris la menm lè l’ap rive, pèsòn
p’ap konnen kote l’ sòti».
Jezi t’ap rele
byen fò nan kay sakre a? Li t’ap bay lansèyman, li t’ap di: «Nou konnen m’, nou
konnen kote m’ sòti: men se pa ak pwòp pouvwa pa m’ mwen vini, sila a ki voye m’
nan, li vre, nou pa konnen l’. Mwen konnen l’, paske se nan li mwen sòti, li menm
menm ki voye m’».
Yo te vle arete
l’, men pèsòn pa t’ lonje men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Granmèt la p’ap
janm lage moun y’ap pèsekite akoz non li yo; sa ki gen kè yo sere, li konsole
yo; sa ki santi yo pou kont yo, li akonpaye yo. Levanjil jodi a sitiye nan yon
kontèks byen patikilye: jou yo rele fèt joupa a te prèske rive, apre fèt Pak avèk
fèt Lapannkot; se te fèt ki te pi gwo pou Jwif yo, fèt sa a te gen rapò ak rekòlt
jaden yo; tout sa, se pou yo te kab sonje tan pèp Izrayèl la te pase nan dezè a
anba ti joupa. Nou menm, nou konn sa sa vle di, nou kapab di joupa oubyen tant.
Depi 12 janvye jis jounen jodi a gen anpil ayisyen ki anba joupa. Si yo pale nou de joupa oubyen tant nan levanjil la, nou
wè de kisa yo vle pale nou. Pandan tan sa a Jezi menm t’ap fè anpil mèvèy tout
kote li te pase, sitou nan Lagalile, li pa t’ gen entansyon ale nan Jide paske Jwif
yo t’ap chèche mwayen pou yo touye l’; men tout patizan ki te kwè nan li yo, lè
yo te wè kantite mirak li t’ap fè nan Lagalile yo ta bon pou l’ fè yo nan Lajide
tou, dekwa pou patizan ki pa t’ kwè nan li yo te kapab rive kwè. Jezi di yo
konsa, yo menm tout li bon pou yo, tè a pa kapab rayi yo, men li menm se yon
entèwonp li ye pou li: patizan yo te ale nan fèt la ouvètman, men Jezi li menm
se an kachèt li te ale; podyab pitit Bondye a, non sèlman li te konnen sa k’ te
pare pou li, men tou li te konnen jou pou yo te touye l’ la pat ko rive, li pa t’
fè anyen de li menm, men li te kite Lespri Sen an gide l’ nan travay li t’ap fè
jan papa l’ te vle a. Twò prese pa fè jou rive anvan lè l’, Jezi pa t’ prese,
li te pito tann lè pa Bondye. Se pou nou pran ekzanp sou Jezi, paske gen moman nan
lavi nou, nou konn pa ka tann Bondye, nou pito aji avèk pwòp fòs pa nou; se sa k’
fè anpil fwa nou echwe: gen yon pwovèb ki di «pito ou mize nan wout, men ou
pote bon pwovizyon».Nou konn di tou, jou nou wè a se li nou konnen, pa konte
sou demen; sa nou gen pou nou fè, fè li epi nan bon kondisyon paske lavi nou se
pa nan men nou li ye. Liv Lasajès la eksplike nou sa, ti kras tan n’ap pase sou
tè a, se tankou yon lonbray, yon jou wè pa wè, Bondye gen pou mande n’ kont, se
yon dat pesonn pa kapab ranvwaye l’. Konsa, li enpòtan pou nou lapriyè mande
Bondye lagras, pou nou kapab gen kè ak konsyans li a nou pwòp lè nou va gen pou
nou parèt nan tribinal li a.
LAPRIYÈ: Granmèt ou te prepare sekou pou nou
poutèt jan nou fèb. Fè se ak kè kontan nou aksepte fòs k’ap leve tèt nou an,
epi nou montre fòs sa a gras a fidelite nou. Pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si Granmèt la rele mwen jodi a, èske mwen deja pare pou mwen reponn?
No hay comentarios:
Publicar un comentario