Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen tankou
yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa».
LEKTI
LIV PWOFÈT JEREMI 11, 18- 20
Ou menm Granmèt, ou fè m’ wè, mwen
konnen; ou montre m’ plan yo. Mwen menm mwen te tankou yon mouton tou dou, y’ap
mennen labatwa, mwen pa t’ konnen, se sou mwen yo t’ap kalkile plan, yo t’ap
di: «An nou mete bwa nan pen l’, an nou wete l’ sot sou tè vivan yo, yo p’ap
sonje non l’ ankò».
Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm
ki jije kòrèk, ki sonde ren ak kè, se pou m’ wè vanjans ou sou yo; sèke mwen devwale
ou kòz mwen.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
7, 2-3. 9bc-10. 11-12
R/
Granmèt Bondye
m’, nan ou mwen espere.
Granmèt Bondye m’, nan ou mwen espere;
sove m’ sot nan men tout moun k’ap pèsekite m’ yo, delivre m’, pou l’ pa pran
lavi m’ tankou lyon k’ap dechire, san pa gen pèsòn pou sove.R.
Jije m’, Granmèt, daprè jistis mwen,
daprè inosans mwen ki nan mwen. Se pou mechanste pechè yo boule; asire sila a ki kòrèk la:
ou menm k’ap sonde kè ak ren, Bondye ki kòrèk.R.
Sekou m’ kot Bondye, li menm ki sove
moun ki dwat nan kè yo. Bondye jij ki kòrèk. Li menm ki Fò, li menm y’ap fè
fache chak jou. R.
LEVANJIL
«Èske Kris la ta vin sot nan Lagalile»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 40-53
Lè
sa a:
Nan
foul la, lè yo tande pawòl Jezi yo, yo t’ap di: «Sila a se pwofèt tout bon vre».
Dòt t’ap di: «Sila a se Kris la». Kèkzen menm t’ap di: «Èske Kris la ta vin sot
Lagalile»? Èske Labib pa di: «Se nan ras David ak nan bouk Bètleyèm, kote David
te ye a, pou Kris la vin soti»? Konsa te gen dezakò nan foul la poutèt li. Gen
nan yo ki te vle arete l’; men pèsòn pa t’ lonje men sou li.
Sèvitè
yo rive kot prèt an chèf yo ak farizyen yo. Sila yo di yo: «Pouki sa nou pa t’
mennen li»?
Sèvitè
yo reponn: «Pèsòn pa janm pale tankou mesye sa a».
Farizyen
yo reponn yo: «Èske nou menm tou, nou kite yo twonpe nou? Èske nan prèt an chèf
yo gen yon moun ki kwè nan li, oubyen nan pami farizyen yo? Men foul sa a, ki
pa konn lalwa a, yo madichonnen».
Nikodèm
di yo, li menm ki te vin kote l’ nannuit la, li menm ki te youn nan yo: «Èske
lalwa nou an jije yon moun san l’ pa tande l’ anvan pou l’ konnen sa l’ fè»?
Yo
reponn, yo di l’: «Èske ou menm se moun Lagalile ou ye? Fouye Labib, gade w’ap wè
nan Lagalile pwofèt pa sot la». Konsa chak moun pati lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jezi Sovè a, se mouton san tach la yo vle voye nan labatwa pou yo touye a; tout
sa akoz peche nou yo. Malgre li konnen kijan nou engra, li aksepte soufri, jis
li bay lavi l’ pou nou pou l’ ka sove nou. Premye lekti a, se yon deskripsyon
Granmèt la ki tou inosan, men ki te obliye pase tout tray pou jan li renmen
nou. Se yon envitasyon pou nou medite sou lanmou Bondye gen pou nou, sitou pou
nou apresye gwo jès mizerikòd li sa nan
viv nan renmen, menm jan li renmen tou; an menm tan se yon angajman pou nou viv
lespri konvèsyon Bondye mande nou nan tan Karèm sa. Levanjil la raple nou jan Farizyen
ak gwo chèf lalwa yo t’ap planifye lanmò Jezi. Ki refleksyon nou ka fè sou sa
nan jounen jodi a? Premyèman, nou kapab di, Farizyen sa yo, poutèt yo te toujou
kwè nan tèt yo, yo pa t’ kapab dekouvri verite a nan Jezi, yo te santi yo twò
konnen; menm jan tou, lè nou pran pòz
nou twò konesè nan pawòl Granmèt la, se pwòp tèt nou nou koute, se pa sa
Granmet la di nou. Dezyèmman, nou dwe sou difikilte k’ap tann nou lè nou deside
mache dèye Jezi. Konplo kapab fèt sou do nou, mechan an kapab planifye lanmò
nou, paske li p’ap janm dakò ak Jezikkri.Konsa, nou dwe prepare nou pou n’
kapab fè fas ak soufrans,difikilte ak kontraryete pou nou kapab pa janm fè bak
devan yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè aktivite kè sansib
ou dirije kè nou, paske san ou nou pa kapab fè ou plezi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Reflechi
sou kalite sakrifis Granmet te fè pou l’ te k’ab sove ou; ki sakrifis w’ap fè
pou w’ ede yon moun ki nan bezwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario