Koulè Vyolèt
SENKYÈM
DIMANCH KARÈM, ANE-A
PREMYE LEKTI
«M’ap mete Lespri
m’ nan nou, n’ap viv. »
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 12-14
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap louvri tonbo nou yo, m’ap
fè nou sòti nan tonbo nou yo, pèp mwen, m’ap fè nou antre nan tè Izrayèl la; n’ap
konnen se mwen menm Granmèt la, lè m’ap louvri tonbo nou yo, epi m’ap fè nou sòti
nan kavo nou yo, pèp mwen, lè m’ap mete Lespri m’ nan nou, pou nou viv la, lè m’ap
fè nou repoze sou tè nou an, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la, mwen pale, epi
mwen aji», deklarasyon Granmèt Bondye».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 129,
1-2. 3-4ab. c-6. 7-8
R/
Kot Granmèt
la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Nan bafon yo m’ap rele kote ou,
Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt,
Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte
ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere devan-jou,
se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske
kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Se
li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Lespri sila a ki leve Jezi sot nan
pami mò yo, li abite nan nou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN
YO 8, 8-11
Frè
m’ yo:
Moun
yo ki regle daprè chè a, yo pa kapab fè Bondye plezi. Nou menm nou pa regle nan
chè a, men nan Lespri a, si reyèlman Lespri Bondye a abite nan nou.
Si
yon moun pa gen Lespri Jezikri a, moun sa a pa pou li. Si Jezikri
nan nou, kò a mouri poutèt peche a, Lespri a viv poutèt sa k’ fè l’ vin sen an.
Si Lespri sila a ki leve Jezi sot nan pami mò yo abite nan nou, sila a ki leve
Jezikri sot nan pami mò yo ap fè kò lanmò nou yo viv tou poutèt Lespri a ki abite
nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Mwen se leve a ak lavi a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 11, 1 -40
Lè
sa a:
Laza
te malad, moun Betani an, vil Mari ak Mat sè l’ la. (Mari menm se sila a li te
mete losyon sou Granmèt la, epi ki te siye pye l’ ak cheve l’ la, se frè l’ ki
te malad la). Sè l’ yo voye kote l’, yo di: «Granmèt, men sila a ou renmen an
malad». Lè Jezi menm tande sa, li di yo: «maladi sa a pa pou lanmò, men pou
bèlte Bondye, pou Pitit Bondye a jwenn bèlte gras a li.
Jezi
menm te renmen Mat ak sè l’ la Mari, ak Laza. Konsa lè l’ tande li te malad, lè
sa a li rete kote l’ te ye a pandan de jou. Aprè sa, li di disip li yo: «An ale
nan Lajide ankò».
Disip
li yo di l’: «Rabi, koulye a Juif yo t’ap chèche kalonnen ou, epi ou a prale
laba a ankò?
Jezi
reponn: «Èske pa gen douzèd-tan nan jounen an? Si yon moun ap mache nan lajounen,
li p’ap kase pye, paske li wè limyè tè sa a; men si l’ap mache nan fènwa, l’ap
kase pye, paske limyè a pa nan li.
Li
di sa, aprè sa, li di yo: «Laza, zanmi nou an, ap dòmi; men m’a prale pou m’ reveye
l’ sot nan dòmi an».
Disip
yo di: «Granmèt, si l’ap dòmi, l’ap sove». Jezi menm pale yo osijè lanmò l’; yo
menm menm yo te konprann se osijè dòmi somèy la li t’ap pale.
Lè
sa a atò Jezi di yo kareman. «Laza mouri, mwen kontan poutèt nou, pou nou kapab
kwè, paske mwen pa t’ la. Men an ale kote l’.
Toma,
sa yo rele Didim nan, li di lòt disip yo: «An ale nou menm tou, pou nou mouri
ansanm avèk li».
Konsa
Jezi rive, li jwenn li depi kat jou nan kavo. Betani te pre Jerizalèm, apeprè twa
kilomèt. Anpil nan Juif yo te vin kot Mat ak Mari, pou yo konsole l’ pou frè l’
la.
Mat
menm, lè l’ tande Jezi vini, li kouri al rankontre l’, kanta Mari li menm, li te
ret chita lakay la. Mat menm di Jezi: «Granmèt, si ou te isit la, frè m’ nan pa
t’ap mouri; men koulye a mwen konnen tout sa ou mande Bondye, Bondye ap ba ou
li».
Jezi
di l’: «Frè ou la ap leve»
Mat di l’: «Mwen konnen l’ap leve
nan leve nan dènye jou a».
Jezi di l’: «Mwen se leve ak lavi a;
moun ki kwè nan mwen, menm si l’ mouri, l’ap viv, epi tout moun k’ap viv epi ki
kwè nan mwen, li p’ap janm mouri. Èske ou kwè sa»?
Li di l’: «Wi, Granmèt, mwen kwè ou
se Kris Pitit Bondye vivan an, ki te vin sou tè sa a».
Kon
l’ fin di sa, li pati 1’al rele Mari sè l’ la an kachèt, li di: «Mèt la la epi
l’ap rele ou». Li menm kon l’ tande sa, li leve byen vit, li vin kote l’; Jezi
pa t’ ko rive nan bouk la; men li te kote Mat te rankontre l’ la toujou. Juif
yo menm, ki te avèk li nan kay la, epi ki t’ap konsole l’ yo, lè yo wè Mari, ki
leve byen vit, li sòti, yo suiv li, yo di: «L’al nan kavo a, pou l’ kriye laba a».
Mari
menm, lè l’ rive kote Jezi te ye a, kon l’ wè l’, li tonbe nan pye l’, li di l’:
«Granmèt si ou te isit la, frè m’ nan pa t’ap mouri».Jezi menm, lè l’ wè l’ap
kriye, ni Juif yo tou ki te vin avèk li a ki t’ap kriye, li santi lespri l’ tresayi,
li twouble anndan li menm, li di: «Kote nou te depoze li»?
Yo
di l’: «Granmèt vini, w’a wè». Jezi kriye, Juif yo di: «Gade kijan li te renmen
l’! «Kèkzen nan yo menm te di: «Èske li pa t’ kapab fè pou sila a pa mouri, li
menm ki te louvri je moun ki te fèt tou avèg la. Jezi menm tresayi ankò anndan
li menm, li rive nan kavo a. Se te yon twou wòch, yon wòch te poze sou li. Jezi
di: «Wete wòch la».
Mat,
sè mò a, di l’: «Granmèt, li deja gen move lodè, sa fè katriyèm jou li la».
Jezi
di l’: «Èske m’ pa di ou, si ou kwè, w’ap wè bèlte Bondye a»?
Yo
weete wòch la. Jezi menm leve je l’ anlè, li di: «Papa, mwen fè konpliman pou
ou, poutèt ou koute m’. Mwen te konnen ou toujou koute m’; men se poutèt pèp la
ki antoure m’ nan, mwen pale, pou yo kwè se ou menm ki voye m’». Kon l’ fin di
sa, li rele byen fò: «Laza, vini deyò». Menm lè a li
sòti, pye l’ ak men l’ byen mare ak bann twal, figi l’te mare ak yon mouchwa. Jezi di yo: «Delage l’, kite l’ ale».
Anpil nan Juif yo ki te vin kot Mari ak Mat la, lè yo wè sa Jezi fè, yo vin kwè
nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a, se senkyèm dimach Karèm, Ane A. Pawòl
Bondye revele nou ke Jezi se Resireksyon ak Lavi. Vrè lavi a, se li ki bay li; sous lavi a, se
nan li l’ sòti. Nou ka jwenn lavi tout tan si nou mete konfyans nou
nan li. Jezi di Mat : « mwen se leve ak lavi a, èske ou kwè nan mwen» ?
Mat deklare li kwè li se Pitit Bondye a, sila ki vini pou li sove tout moun
nan. Jezi leve Laza sot nan tonbo a pou lafwa Mat te gen nan li a. Jezi kapab
resisite nou ak tout lanmò nou yo : lanmò imilyasyon, lanmò trayizon, lanmò
esklavaj gwo potanta yo. Men se si nou mete tout konfyans nou nan li.
Lespri Bondye Papa a
nan li, li ba li plen pouvwa. Konsa tout moun ki kwè nan Jezi, Lespri Bondye ap
abite nan li, li p’ap rete nan lachè, Bondye ap leve l’ vivan pami mò yo. Se sa
premye ak dezyèm lekti a vle fè nou konnen.Tankou ti chan an di : «mwen chwazi
w’ pou pitit mwen, mwen mete Lespri mwen nan ou, mwen ba w’ misyon delivre pèp
mwen an k’ap soufri.» Jezi ki pral bay vi li sou kwa pou nou an, se pou nou ka
gen lavi ki p’ap janm fini an. Men n’ap eritye lavi sa si nou mete konfyans nou
nan Granmèt Lavi a. Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Papa, nou di w’ mèsi pou lavi Pè Usnel Deshommes ki te
kite nou, sa fè yon mwa.Akeyi li lakay ou tanpri. Granmet, tanpri ede nou leve anba tout tonbo ak kavo sosyete a foure
nou san lè nou poko rive ; delivre nou anba tout sa yo fè pou nou pa
pa santi nou se moun ; tanpri pran men pèp ou a, pou w’ leve l’ sòti nan
kavo sa yo. Nou mande ou sa, ou menm ki se Lavi ak Leve Vivan, depi tout tan e
pou tout tan. Amèn.
PWOPOZISYON : Ede frè /sè w’ la pou l’ sòti nan kavo mizè l’
la epi pa kontinye antere l’ak konpòtman ou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario