Páginas

LENDI 7

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Men m’ap mouri san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo».
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 13. 1-9. 15-17. 19-30. 33-62
Jou sa yo:
Te gen yon mesye ki te abite Babilòn, yo te rele non l’ Joakim; li te marye ak yon fi yo te rele Sizán, pitit fi Elsyas, li te bèl anpil, li te respekte Bondye: sèke paran l’ yo te kòrèk, yo te fè ledikasyon pitit fi yo a daprè lalwa Moyiz la. Joakim nan te rich anpil, li te gen yon jaden tou kole lakay li; Juif yo te konn vin lakay li anpil, paske li te yon moun respektab nan pami tout moun.
Ane sa a, nan pèp la yo te enstale de ansyen kòm jij, se osijè yo Granmèt la te pale: «Peche a sòti nan Babilòn, nan ansyen yo ki jij yo, yo menm ki gen wòl pou dirijé pèp la». Yo te konn frekante kay Joakim nan; tout moun ki te gen koz pou regle, yo te konn vin kote yo. Lè pèp la te konn pati vè midi, Sizán te konn antre, li te konn pwomennen nan jaden mari l’ la. Chak jou ansyen yo te konn wè l’ ap antre, ap pwomennen, lanvi yo t’ap boule pou li, yo pèvèti sans yo, yo bese je yo, pou yo pa wè syèl la, pou yo pa sonje jijman ki kòrèk yo.
Rive, kòm yo te veye yon jou ki ranje yo, madanm nan antre jan l’ te konn abitye fè ni yè ni avantyè avèk de jèn fi sèlman, li te vle benyen nan jaden an, paske l’ te fè cho. Pa t’ gen pèsòn la sof  de granmoun yo ki te kache, ki t’ap ekzamine l’. Li di jèn fi yo: «Pote savon ak losyon pou mwen, epi fèmen pòt jaden an, pou m’ kapab benyen.
Kon ti fi yo sòti, de granmoun yo leve, yo kouri kote l’, yo di: «Men pòt jaden an fèmen, pèsòn pa wè nou, nou anvi ou; se pou ou konsanti ba nou, pou ou gen relasyon avèk nou. Si ou pa vle, n’ap sèvi temwen kont ou, n’ap di te gen yon jenòm avèk ou, epi se pousa ou te ranvwaye ti fi yo sot kote ou la».
Sizán plenn, li di: «Tray ap sere m’ tout kote; sèke si m’ fè bagay sa a, se lanmò pou mwen; men si m’ pa fè l’, mwen p’ap chape sot nan men nou; epoutan li pi bon pou mwen pou m’ tonbe nan men nou san m’ pa fè sa, pase pou m’ fè peche devan fas Granmèt la». Sizán pouse yon gran rèl, men granmoun yo pouse yon gran rèl tou kont li, youn nan yo kouri nan pòt jaden an, li louvri l’.
Lò sèvitè kay la tande rèl nan jaden an, yo kouri nan ti pòt dèyè a, pou yo wè sa k’ genyen. Lò granmoun yo fin pale, sèvitè yo vin wont anpil, paske yo pa t’ janm tande kalite pawòl konsa sou do Sizán.
Landmen rive. Lè pèp la vin kay Joakim, mari l’ la, de granmoun yo vini tou, yo te plen move panse kont Sizán, pou yo touye l’. Yo te di devan pèp la: «Voye chèche Sizán, pitit fi Elsyas la, madanm Joakim nan». Menm lè a, yo voye chèche l’. Li rive avèk paran l’ yo avèk pitit li yo avèk tout fanmi l’ yo. Moun lakay li yo t’ap kriye, ni tout moun ki te konnen l’.
De prèt leve nan mitan pèp la, yo poze men yo sou tèt li. Li menm, li kriye, li leve je l’ gade syèl la: sèke kè l’ te gen konfyans nan Granmèt la. Prèt yo di: «Pandan nou t’ap pwonmnen nan jaden an pou kont nou, sila a antre avèk de jèn fi, li fèmen pòt jaden an, li ranvwaye ti fi yo sot kote l’; gen yon jenòm ki te kache, li rivé, li fè move aksyon avèk li. Sèlman nou menm, kòm nou te nan kwen jaden an, nou wè peche a, nou kouri sou yo, nou wè yo toulède ap fè move aksyon. Li menm menm nou pa resi kenbe l’, paske li gen plis fòs pase nou, li louvri pòt yo, li sove. Fi sa a menm, nou kenbe l’, nou poze l’ kesyon, nou mande l’ kilès jenòm sa a, li refize deklare nou. Se bagay sa a nou temwen».
Foul la kwè yo, paske se ansyen ak jij pèp la yo te ye, yo kondane madanm nan pou l’ mouri.
Sizán rele byen fò, li di: «Bondye ki ekziste tout tan, ou menm ki konnen sa k’ kache, ou menm ki konnen tout bagay anvan yo rive, ou konnen se temwayaj ki pa vre yo depoze kont mwen. Men m’ap mouri, san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo mesye sa yo envante avèk mechanste kont mwen an».
Granmèt la koute vwa l’. Pandan y’ap kondui l’ nan lanmò, Granmèt la drese lespri sen yon jèn ti gason, yo te rele l’ Danyèl; li rele byen fò: «Mwen inosan nan san madanm sa a». Tout pèp la vire kote l’, yo di l’: «Ki kalite pawòl sa a ou di a?» Li menm menm, li kanpe nan mitan yo, li di:«Se konsa nou aji san refleehi, pitit Izrayèl yo? nou pa menm jije, nou pa menm konnen sa k’ vre, nou kondane yon pitit fi Izrayèl. Tounen nan jijman an, paske se temwayaj manti yo depoze kont li».
Konsa pèp la tounen byen vit, granmoun yo di l’: «Vini, chita nan mitan nou, montre nou laverite, paske Bondye ba ou konsiderasyon vyeyès». Danyèl di yo: «Separe yo lwen youn sot kot lòt, m’ap jije
Yo». Lè yo fin separe yo youn sot kot lòt, li rele youn nan yo, li di l’:«Ou menm ki vyeyi nan mal, koulye a peche ou yo fè mas, peche sa yo ou t’ap fè depi lontan an, lè ou te konn ap jije jijman ki pa kòrèk yo, lè ou te konn ap kraze inosan yo, ou te konn ap lage koupab yo, malgre Granmèt la di: «Pa touye inosan an ak sila a ki kòrèk la». Ebyen koulye a, si ou te wè l’, di anba ki pye bwa ou te wè yo ap pale ansanm». Li di: «Anba yon pye bwa-d-chèn». Danyèl di: «Se sou pwòp tèt ou ou fè manti a tou dwat: sèke men Mesaje Bondye a, li resevwa rezilta jijiman an nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan». Li voye l’ ale, li pase lòd pou lòt la vini, li di l’: «Ras Kanaan, ou pa ras Jida, bèlte a pran ou nan pyèj, move lanvi a pèvèti kè ou. Se konsa nou aji avèk pitit fi Izrayèl yo, epi yo te konn pè nou, yo te konn pale avèk nou; men yon pitit Jida pa sipòte peche nou an. Koulye a, ebyen, di m’ anba ki pye bwa ou te pran yo ap pale ansanm». Li di: «Anba yon pye kaliptis». Danyèl di l’: «Manti sa a ou fè a, se sou tèt ou tou dwat l’ap tonbe: sèke Mesaje Granmèt la deja rèt la, li gen epe a nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan, l’ap touye nou». Konsa tout foul la rele byen fò, yo fè konpliman pou Bondye, ki sove moun ki mete espwa sou li, yo fonse sou de ansyen yo (sèke Danyèl te konvenk yo ak pwòp bouch yo sou temwayaj manti a yo te fè a), yo fè yo sibi mal la yo te vle fè pwochen yo sibi a, konsa yo aji daprè lalwa Moyiz la, yo touye yo, yo sove yon san inosan jou sa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.       
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6 3, 1-11
R/ Si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’: nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nam mwen.R.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8. 12-20
Lè sa a:
Jezi pale avèk farizyen yo, li di: «Mwen se limyè tè a; moun k’ap suiv mwen, li p’ap mache nan fè nwa, men l’ap gen limyè lavi a».
Farizyen yo di l’: «W’ap sèvi pwòp tèt ou temwen; temwayaj ou a pa vre».
Jezi pran lapawòl, li di yo: «Menm si m’ap sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an vre, paske mwen konnen kote m’ sòti epi kote m’a prale; nou menm menm nou pa konnen ni kote m’ sòti ni kote m’a prale. Nou menm n’ap jije daprè chè a, mwen menm menm mwen pa jije pèsòn. Epi si m’ jije, jijman m’ nan vre, paske mwen pa pou kont mwen, men se mwen menm avèk sila a ki voye m’ nan, Papa a. Nan lalwa nou an, yo ekri se sou temwayaj de moun pou yo asire laverite a. Mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, epi Papa a tou sèvi m’ temwen, li menm ki voye m’ nan». Yo t’ap di l’: «Kot Papa ou la»? Jezi reponn: «Nou pa konnen ni mwen menm ni Papa m’; si nou te konnen m’, nou ta kapab konnen Papa m’ tou».
Jezi deklare pawòl sa yo nan sal kèt la, antan l’ t’ap bay lansèyman nan kay sakre a; pèsòn pa met men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye lekti a se yon gran manifestasyon jistis Granmèt la; menm si se nan dènye moman li defann lavi pitit li a, Sizán ki te obeyi lòd Bondye malgre de granmoun sa yo te vle ekzije l’ fè sa k’ pa bon. Bondye l’ a se yon Bondye renmen, yon Bondye jistis. Malgre pafwa nou panse l’ pa la, li toujou fè youn nan pwofèt li yo defann lavi pèp li a ki nan danje.
Pawòl sa gen anpil bagay li kapab fè nou reflechi. Nan yon premye moman, nou kapab di, malgre difikilte nou kapab rankontre, nou dwe defann lafwa nou nan Bondye, viv sou zòd li. Nan yon dezyèm moman, Granmèt la pa soud, ni li pa avèg, li kite mechan yo pran devan, men aprè sa li fè yo wont. Nou konnen nou nan yon sosyete enjistis, kote pafwa n’ap gade jan y’ap peze pi piti, epi anpil fwa nou kesyone pou mande kòman Granmèt la bay lèzòm tout povwa sa yo, sitou lè yo ap envante lwa pou yo fini ak pi piti yo; reyalite pitit Ayisyen ap viv kounye a nan peyi Repiblik Dominikèn, avèk yon santans ki detwi nasyonalite yon gwo gwoup moun, li kite yo san diyite, san peyi, san avni, san lavi. Lekti sa fè nou kwè pi fèm nan jistis Granmèt ki toujou la pou l’ pran defans pitit li yo. Ann nou mete tout espwa n’, konfyans nou nan Bondye renmen nou an.
Nou dwe kòmanze aksepte epi temwaye Jezi se Limyè lavi nou, li toujou la pou li klere nou lè fènwa pwoblèm yo anvayi nou, lè pwoblèm nou yo sanble pa gen solisyon, Bondye p’ap jann abandone nou,paske se li menm ki te di, menm si yon manman ta bliye pitit li, li menm Granmèt la li p’ap janm bliye li. Lanmou li ap dire tout tan gen tan.Ann ouvri kè nou ba li pou l’ kapab abite ladan, konsa n’a jwenn fòs pou nou kapab lite pou nou defann lafwa nou ak dwa nou.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen remèt lavi m’ nan men ou, epi tou mwen mande ou pou ban m’ fòs pou’m kapab defann lafwa m’ malgre tout difikilte m’ap fè fas chak jou nan lavi mwen.Ede mwen branche lavi mwen sou ou pou mwen pa rete nan fènwa. Amèn.

PWOPOZISYON: Reflechi sou istwa lavi ou; panse nan yo moman kote ou te wè jistis Bondye reyalize nan lavi ou ou byen nan lavi ou moun ou konen. Di Bondye mèsi pou sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario