Páginas

MADI 8

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Moun ki te pike, kon l’ gade sèpan an kuiv la, li viv».
LEKTI LIV NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Ebre yo pati sot sou mòn «Or» la, nan chemen ki kondui nan lanmè wouj la, pou yo fè tout tou peyi Edòm nan. Pèp la kòmanse fatige ak vwayaj li ak tray. Li pale kont Bondye Moyiz, li di: «Pouki nou te fè nou sòti Lejip, pou nou mouri nan savann nan? Pa gen pen, pa gen dlo, nam nou kòmanse degoute avèk manje fad sa a».
Se pousa Granmèt la voye koulèv mechan k’ap flanbe nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: «Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm: lapriyè pou l’ wete koulèv mechan sa yo sot kote nou». Moyiz lapriyè pou pèp la.
Granmèt la pale ak li: «Fè yon koulèv mechan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun koulèv mechan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv». Moyiz fè yon koulèv avèk kuiv, li mete l’ kòm siy, kon moun koulèv te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 101, 2-3. 16-18. 19-21
R/Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou.
Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou. Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote m’.Nan nenpòt jou mwen rele ou, fè vit reponn mwen. R.
Nasyon yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte w’ la; paske Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’. L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a. R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la. Sèke li panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan syèl la; pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
LEVANJIL
«Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN   KI SEN 8, 21-30
Lè sa a Jezi di farizyen yo:
«M’a prale, epi n’ap chèche m’, men n’ap mouri nan peche nou. Kote m’a prale a, nou menm nou pa kapab vini».
Juif yo t’ap di: «Èske l’a pral touye tèt li, ki fè l’ap di: «Kote m’a prale a, nou menm nou pa kapab vini an»?
Li t’ap di yo: «Nou menm se anba nou sòti, mwen menm se anwo mwen sòti; nou menm se sou tè sa a nou sòti, mwen menm mwen pa sòti sou tè sa a. Mwen di nou n’ap mouri nan peche nou yo; si nou pa kwè se mwen menm, n’ap mouri nan peche nou».
Yo t’ap di l’: «Ou menm ki sa ou ye»?  Jezi di yo: «Kòmansman an, k’ap pale avèk nou an. Mwen gen anpil bagay pou m’ di sou nou, pou m’ jije. Men sila a ki voye m’ nan, li vre; mwen menm se sa m’ tande nan men l’, se sa mwen di sou tè a». Yo pa t’ konprann li t’ap di Bondye se Papa l’».
Jezi di yo: «Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm, mwen pa fè anyen ak pwòp fòs mwen; men se jan Papa m’ aprann mwen an, se konsa mwen pale. Sila a ki voye m’ nan, li avèk mwen, li pa kite m’ sèl, paske mwen menm se sa k’ fè l’ plezi se sa mwen fè tout tan». Lè l’ di sa, anpil moun vin kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Menm jan ak tout lòt jou, nou genyen 2 tèks jodi a ke nou jwenn nan Liv Nomb ak nan Levanjil Sen Jan. Tou lè 2 tèks sa yo envite nou konvèti. Premye tèks la raple nou istwa enfidelite pèp Izrayèl la nan dezè e kijan Bondye te delivre yo a la fen, e nan Levanjil la, nou wè kote Jezi ap anseye moun yo chemen ki bay lavi a e vrè sans konvèsyon an. De tèks, 2 kontèks diferan men ki raple nou ke nou genyen yon Sèl sovè ki se Granmèt la.
Premye lekti a, montre ke pèp Izrayèl la t’ap viv anba pwoteksyon Granmèt la e yo t’ap viv san problèm jiskaske yo te pran desizyon pou yo chwazi mennen lòt vi,  sa vle di adore lòt dye pandan ke yo bliye kijan Bondye lavi a te delivre yo. Men lè yo te kòmanse malad yo dekouvri ke inik chemen gerizon an, se tounen vin jwenn Bondye. E Bondye kòm Papa ki renmen tout pitit li yo san kondisyon te tande priyè yo e li te fè Moyiz plante sèpan nan dezè a kòm siy gerizon, chak fwa ke yo te leve tèt yo gade l’ yo te gèri. Yon imaj ki montre n’ ke vrè solisyon an toujou sòti anwo, nou te ka menm di, se sèl lè w’ leve tèt ou pou gade nan direksyon kay Papa a, ou jwenn lavi.  Se menm eksperyans sa a ke Jezi envite moun ki t’ap tande l’ yo fè. Yon foul moun, ki tande tout sa Jezi t’ap di men ki pa konprann anyen, se yon mistè. Yo t’ap mande ki sa pawòl sa a vle di. Men Jezi raple yo ke se : « Lè y’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a y’a rekonèt se li menm, e ke li pa fè anyen ak pwòp fòs li; men se jan Papa l’ aprann li, se konsa li pale. Sila a ki voye l’ la, li avèk li, li pa kite l’ sèl, paske li menm se sa k’ fè l’ plezi, se sa li fè tout tan »
Tou 2 tèks yo fè nou konprann chemen lavi a se chemen respè ak lanmou pou travay Gramèt la, se fidelite. E se sa tan Karèm nan envite nou viv. Viv nan renmen ak lanmou pou Granmèt la pandan ke n’ap bay pawòl li a premye plas nan lavi nou. Amèn !
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, nan tan Karèm sa a, fè nou ret fidèl ap suiv volonte ou ; konsa, pandan n’ap viv la, pèp la k’ap sèvi ou la ap vin pi plis, l’ap vin pi bon. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Ann gade kisa ki anpeche n’ fidèl ak pawòl Granmèt la pou nou kapab repanti tankou pèp Izrayèl la. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario