Koulè Blan
KATRIN
DE SYÈN KI SEN, Vyèj e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
“Yon sèl kè
ak yon sèl nanm”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 32-37
Foul fidèl yo te gen yon sèl kè ak
yon sèl nanm; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’ te genyen kòm pwòp byen pa l’,
men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt
nou an temwen; te gen gran gras nan yo tout. Nan pami yo pa t’ gen pèsòn ki te
nan bezwen; tout moun ki te gen jaden oubyen kay, yo vann yo, yo pote pri
lavant la, yo depoze l’ nan pye Apot yo; yo separe l’ bay yo chak, daprè sa
chak moun te bezwen. Jozèf Apot yo te bay ti non Banabe (sa vle di Pitit
konsolasyon), yon Levit, nan ras Chip, li te gen yon jaden, li vann li, li pote
pri a, li mete l’ nan pye Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
92, lab. 1c-2. 5
R/ Granmèt la wa, li vlope ak glwa.
Granmèt la wa, li vlope ak glwa,
Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman li rann fas tè a solid, pou
l’ pa souke. Twòn ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou yo merite konfyans nèt;
kay ou a klere ak sentete, Granmèt, pou longè tan yo.R.
LEVANJIL
“Pèsòn pa monte nan syèl la, sof sa
a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3,5a. 7b- 15
Lè
sa a: Jezi di Nikodèm:
“Amèn,
amèn, mwen di ou: Nou gen pou nou fèt ankò. Espri a soufle kote l’ vle, ou tande
vwa l’, men ou pa konnen kote l’ sòti ni kote l’a prale: se konsa pou tout moun
ki fèt sot nan Espri a”.
Nikodèm
reponn li di l’: “Kijan pou bagay sa yo fèt”? Jezi reponn, li di l’: “Ou se mèt
nan Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? Amèn, amèn mwen di ou, se sa nou
konnen n’ap pale, epi se sa nou wè nou temwaye; men temwayaj nou an nou pa
resevwa l’. Si m’ di nou bagay tè a, nou pa kwè, kijan, si m’ap di nou bagay
syèl yo, n’a kwè? Pèsòn pa monte nan syèl la sof sa a ki desann sot nan syèl
la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Epi, menm jan Moyiz te leve sèpan an nan
dezè a, se konsa pou yo leve Pitit moun nan anlè, pou tout moun ki kwè nan li
pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN YO KAPAB LI:
PREMYE LEKTI: 1
JAN KI SIN 1, 5 - 2, 2
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4.
8-9. 13-14. 17-18a
LEVANJIL: Matye 11, 25-30
LEVANJIL :
MATYE 11, 28-30
REFLEKSYON : Tèks pawòl Bonye nou li
pou jodi a ap mande nou fè 2 jefò : Premyèman, se mete sa nou genyen
ansanm pou nou viv. Nou konstate nan premye lekti a premye kretyen yo te mete
sa yo genyen ansanm pou yo viv ; konsa tout moun te jwenn daprè sa yo te
gen bezwen. Nou ka vit konprann viv ansanm, pataje sa nou genyen, se yon devwa
pou tout kretyen.Yon moun ki nan nesesite, pa ekzanp yon moun ki grangou, sa fè
li manke bon dispozisyon pou li sèvi Bondye. Men si nesesite li konble li kapab
vin disponib pou li ka pi byen sèvi Bondye. Nan kòmansman Legliz la kretyen yo
pa te anpil tankou yo anpil jounen jodi a, sa ki te pèmèt yo te kapab mete sa
yo genyen ansanm. Jodi a nou pi plis, men sa pa vle di nou pa ka mete sa nou
genyen ansanm. Nou kwè sans pawòl sa a pou jodi a rete nan nesesite pou nou
pataje sa nou genyen ak sa ki pi pòv yo. Sa nou genyen, kapab se byen materyèl.Konsa
tou, pouvwa nou genyen dwe sèvi pou ede Legliz la nan zèv l’ap fè pou sa yo ki
vrèman san defans yo. Yon kesyon nou chak ka poze tèt nou pèsonèlman se: ki sa mwen
genyen mwen dwe pataje pou lòt yo ka rive viv vrèman tankou pitit Bondye ?
Dezyèm jefò a, se pou yon chanjman radikal nan lavi nou. Se kalite chanjman sa
a Jezi te mande Nikodèm pou li te fè, pou li fèt yon dezyèm fwa. Ak batèm nan
nou fèt yon dezyèm fwa, paske Bondye lave peche nou te eritye nan premye paran
nou yo, peche sa yo ki te mete nou nan sityasyon lanmò. Men tou, nou gen yon
responsabilite chak jou pou nou kenbe rad batèm nou byen pwòp. Se yon batay nou
dwe angaje nou chak jou. Ak konkou lagras Bondye nou va rive atenn objektif sa
a.
LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt
pou batèm mwen ki fè mwen tounen yon lòt moun. Ede mwen rete fidèl ak angajman
sa a jous ou retounen. Amèn !
PWOPOZISYON : M’ap fè efò
semèn sa a pou mwen pataje yon bagay ak yon moun ki vrèman nan bezwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario