Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Pandan yo t’ap lapriyè, yo tout vin
plen ak “Espri Sen an epi yo kòmanse pale pawòl Bondye avèk asirans”.
NAN
TRAVAY APOT YO 4, 23 -31
Jou
sa yo:
Lè
yo fin lage Pyè ak Jan, yo vin jwenn disip yo; yo anonse yo tout sa gran prèt
yo ak ansyen yo te di yo. Lè yo tande sa, yo tout leve vwa yo kot Bondye, yo
di: “Granmèt, se ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa k’ nan
yo; ou menm ki te di David, sèvitè w’ la, nan bouch papa nou yo pa lantremiz
Espri Sen an: “Poukisa nasyon yo ap boulvèse, pèp yo ap fè konplo pou granmesi?
Wa yo sou tè a yo kanpe, chèf yo rasanble fè yon sèl, kont Granmèt la ak kont
Kris li a”. Reyèlman nan vil sa a Ewòd ak Pons Pilat ak nasyon yo ak pèp
Izrayèl la, yo rasanble kont Pitit ou Jezi ki sen an, li menm ou te sakre a,
pou yo fè sa men ou ak plan ou te regle davans pou fèt la. Koulye a Granmèt,
voye je sou menas yo, bay sèvitè w’ yo favè pou yo pale pawòl ou a avèk tout
asirans, antan ou lonje men ou fè gerizon ak siy ak pwodij o non Pitit ou Jezi
ki sen an”. Pandan yo t’ap lapriyè, kote yo te rasanble a pran tranble, yo tout
vin plen ak Espri Sen an, yo t’ap pale pawòl Bondye a avèk asirans.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
2, 1-3. 4-6. 7-9
R/ Ala kontantman pou tout moun ki met
konfyans nan ou, Granmèt.
Oubyen: Alelouya.
Poukisa nasyon yo ap boulvèse, pèp
yo ap fè plan pou bagay ki pa gen konsistans? Wa yo sou tè a kanpe, chèf yo
rasanble fè yon sèl kont Granmèt la ak kont Kris li a: “An nou kase chenn yo,
an nou jete jouk yo a sot sou nou”! R.
Sa
a ki abite nan syèl la ap ri yo, Granmèt la ap pase yo nan jwèt. Lè sa a atò li
pale ak yo nan kòlè l’, nan move san l’, li boulvèse yo: “Se mwen menm ki
enstale wa m’ nan sou Siyon, mòn mwen ki sen an”! R.
M’ap
anonse desizyon l’ nan: Granmèt la di m’: “Se pitit mwen ou ye, se mwen menm
jodi a ki anfante w’. Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, pwopriyete
ou se limit tè a. W’ap kòmande yo ak yon bagèt an fè, tankou veso ki fèt ak tè,
w’ap kraze yo”.R.
LEVANJIL
“Si yon moun pa refèt nan dlo a ak
Espri a, li pa kapab wè peyi wa Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 1-8
Te
gen yon mesye nan pami Farizyen yo, yo te rele Nikodèm, yon chèf Juif yo. Li
vin kot Jezi nannuit, li di l: “Rabi, nou konnen ou vin sot kot Bondye kòm mèt;
pèsòn reyèlman pa kapab fè siy sa yo w’ap fè a, si Bondye pa avèk li”. Jezi
reponn, li di l’: “Amèn, amèn mwen di ou, si yon moun pa refèt ankò, li pa
kapab wè peyi wa Bondye a”. Nikodèm di l’: “Kijan yon moun kapab fè fèt, lè l’
fin vye? Èske li kapab antre ankò nan vant manman l’ pou
refèt”. Jezi reponn: “Amèn, amèn mwen di ou, si yon moun pa refèt sot nan dlo
ak Espri Sen an, li pa kapab antre nan peyi wa Bondye a. Sa k’ fèt sot nan chè
a, se chè li ye, sa k’ fèt sot nan Espri a, se espri li ye. Pa sezi poutèt mwen
di ou: Nou gen pou nou fèt ankò”. E spri a
soufle kote l’ vle, ou tande vwa l’, men ou pa konnen kote l’ sòti oubyen kote
l’a prale; se konsa tout moun ki fèt sot nan Espri a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pak la se
fèt Jezi ki leve sòti anba povwa lanmò, se sa nou rele rezireksyon an. Nan fèt
Pak sa a nou jwenn lavi nan Jezikri ki mouri e ki resisite byen vivan sot nan
pami mò yo. Li kraze lanmò pa nou, li ba nou fòs, li ba nou espwa. Premye lekti
a pale nou sou sitiyasyon Pyè ak Jan, kòman nan yon moman difisil, yo te nan
prizon poutèt preche yo t’ap preche Levanjil la nan non Jezi. Lè mesye yo lage, yo retounen jwenn
lòt disip yo, lè yo rakonte yo sa ki te pase, sa yo te wè ak sa yo te tande, yo
kòmanse priye, yo te si tèlman priye ak lafwa kay kote yo te ye a pran tranble.
Sa vle di, mesye apot Jezi yo te resevwa fòs Lespri Jezi a, yo te gen
kouraj sipòte tout pèsekisyon pou non Jezi. Se sou menm liy sa a Levanjil jodi a ye. Levanjil jodi a,
pale nou de yon moun yo rele Nikodèm. Nikodèm se yon mesye ki te fè pati ansyen
yo nan peyi Galile, se pou sa li te tann lannuit pou l’ ale kot Jezi paske
ansyen yo te kont Jezi. Li te vle pale ak Jezi paske li te santi Jezi ap pale
verite; li menm rele l’ mèt, li te rekonèt nan li moun Bondye voye nan lachè a.
Yon bagay ki enpòtan nan ansèyman Jezi bay Nikodèm, se menm li menm nan li ba
nou jounen jodi a: “Amèn, amèn mwen di ou, si yon moun pa refèt sot nan dlo ak
Espri Sen an, li pa kapab antre nan peyi wa Bondye a. Sa k’ fèt sot nan chè a,
se chè li ye, sa k’ fèt sot nan Espri a, se espri li ye”. Pawòl sa a
Jezi ba nou an pèmèt nou antre nan lespri rezireksyon an. Se sa nou abitye
chante nan seremoni batèm nou yo : Mwen batize nan lanmò ak nan leve
Jezikri, mwen batize nan lafwa pou mwen fòme Legliz Kris la, mwen batize nan
Legliz pou m’ sèvi Jezi temwen, mwen batize nan renmen pou m’ sove tè a. Se nan
rezireksyon Jezi a nou tounen fèt nan Lespri Bondye a, nan renmen Papa ak Pitit
la.
LAPRIYÈ :
Granmèt, mwen di w’ mèsi anpil pou mouri ou mouri e ou leve byen vivan sòti
pami mò yo dekwa pou n’ ka jwenn lavi ki p’ap janm fini an. Fè nou aprann
konnen kijan ou vle nou aji pou n’ rive jwenn wayòm syèl la. Amèn
PWOPOZISYON : Nan yon
moman silans nan fon kè ou, priye Granmèt la pou li ka ba ou kouraj preche
pawòl li a menm jan avèk apot yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario