Koulè Blan
DEZYÈM
DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Tout moun
ki te ansanm, yo te gen tout bagay an komen».
LEKTI TRAVAY APOT YO 2, 42-47
Frè yo te pèsevere nan ansèyman Apot
yo, ak kominyon pen an yo separe a, ak priyè yo.
Sezisman te rive nan tout kè. Te gen
anpil pwodij ak siy ki t’ap fèt pa lantremiz Apot yo nan Jerizalèm, te gen gwo krentif
nan tout moun. Tout
moun ki te kwè yo te ansanm, yo te gen tout bagay an komen: yo te vann pwopriyete
yo ak byen yo, yo te separe yo pou tout moun, daprè sa chak moun te bezwen.
Chak
jou yo te pèsevere ansanm nan Tanp la, yo te separe pen an lakay yo, yo te konn
pran manje a avèk kontantman ak yon kè senp, antan y’ap fè lwanj Bondye, yo te
gen favè tout foul la. Chak jou Granmèt la te ajoute nan yo lòt moun, ki te sove
yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 117, 2-4. 13-15. 22-24
R/ Fè
lwanj Granmèt la poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Oubyen :
Alelouya.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan; Se
pou kay Aawon an di sa koulye a, poutèt kè l’ sansib pou tout tan; Se pou sa yo
ki krenn Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Yo
pouse m’ byen pouse, pou m’ tonbe, men Granmèt la pote m’ sekou. Fòs mwen ak lwanj
mwen se Granmèt la, li sèvi m’ delivrans.
Vwa
kè kontan ak delivrans nan tant sa yo ki kòrèk yo.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan
Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou. Sa a se
jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li refè nou nan esperans vivan an
gras a rezireksyon Jezikri sot nan pami mò yo».
LEKTI
PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 3-9
Konpliman
pou Bondye, ak Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki refè nou nan esperans vivan
an gras a rezireksyon Jezikri sot nan pami mò yo, daprè gran kè sansib li a,
pou yon eritaj ki p’ap detwi, ki p’ap sal, ki p’ap vin vye, k’ap dire nan syèl
la pou nou, nou menm yo prezève pou delivrans la gras a lafwa a, nan pouvwa
Bondye a, delivrans sa a yo pare pou devwale l’ nan dènye tan an.
Nan
li nou gen kè kontan, menm si koulye a, nou gen pou nou gen chagren nan divès
bagay k’ap tante nou; pou eprèv lafwa nou an ki gen plis pri pase lò a, sa yo eseye
nan dife a, li rive nan lwanj ak glwa ak konsiderasyon nan revelasyon Jezikri a,
li menm nou renmen san nou pa wè l’ la; li menm nou kwè nan li, menm si koulye a
nou pa wè l’ la; antan nou kwè a n’ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki
nan glwa, n’ap jwenn rekonpans lafwa nou nan delivrans nam yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Aprè ui
jou, Jezi rive».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 19-31
Lè aswè rive, jou sa a, premye jou semèn
nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi
rive, li kanpe nan mitan, li di yo: «Lapè pou nou». Pandan l’ap di sa, li montre yo men
yo ak bò kòt la. Disip yo kontan, lè yo wè Granmèt la.
Li
di yo ankò: «Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen voye
nou». Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: «Resevwa Lespri Sen an. Moun nou renmèt
peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo y’ap ret kenbe».
Toma
menm, youn nan douz yo, sa yo rele Didim nan li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo di l’: «Nou te wè Granmèt la».
Li
menm li di yo: «Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa met dwèt mwen nan
plas klou yo, si m’ pa met men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè».
Aprè
ui jou, disip li yo te anndan an ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te
fèmen, li kanpe nan mitan, li di: «Lapè pou nou». Aprè sa, li di Toma: «Met dwèt
ou isit, gade men m’, lonje men ou, mete l’ nan bò kòt mwen, sispann ret san
lafwa, se pou ou gen lafwa». Toma reponn, li di l’: «Granmèt mwen ak Bondye m’!»
Jezi
di l’: «Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè epi ki kwè».
Jezi fè anpil lòt siy ankò devan disip li yo, yo pa ekri nan liv sa a. Sa yo,
yo ekri yo, pou nou kwè Jezi se Kris Pitit Bondye, epi pou antan nou kwè a, nou
gen lavi o non l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jodi a, nou rive nan dezyѐm dimanch Pak. Fѐt Pak la pa fete sѐlman jou dimanch rezirekyon an, men nan tout peryὸd Pak la, li dwe fete tankou se premye dimanch lan li
te ye. An nou gade ki
mesaj pawὸl
Bondye a pote pou nou jodi a.
Bondye pa pou kont li, se yon kominote renmen ki gen Papa, Pitit la ak
Lespri Sen an. Nou tout nou oblije fѐ pati yon kominote lafwa, lanmou ak lesperans ki gen
rasin li nan Jezikri ; kominote ki sanble ak kominote renmen an ki gen
Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an. Se
sa nou li nan premye moso Labib la, kote pwemye kretyen yo t’ap viv nan linite
youn ak lὸt,
yo te mete epi pataje tout sa yo te genyen ansanm. Moun ki te vann sa yo te
genyen, yo te pataje antre yo selon nesesite chak moun.Yo te reyini chak jou
pou yo lapriyѐ,
pou yo pataje pen epi ankouraje lὸt moun avѐk ansѐyman yo, pou yo te antre vin jwenn yo nan gwoup la. Premye
kominote kretyen sa a, pa t’ pou kont yo paske yo te gen tout bagay fonde sou
Jezikri. Jezi se wὸch nou kapab apiye lavi nou, se li menm ki ka fѐ nou jwenn lajwa nou te pѐdi ak lapѐ n’ap chѐche a.
Jou sa a, se jou mizerikὸd la, se jou kè Granmѐt la manifeste l’, wi se sa jou rezireksyon an ye, kote
Jezi kase tout chenn epi libere nou sòti anba esklavaj peche. Nou dwe fѐ kѐ nou kontan, paske wὸch bὸs mason yo te jete a vin tounen wὸch kwen ki kenbe kay la. Sa vle di, Jezi yo te maltrete, yo
te fѐ l’ sibi tout imilyasyon nan jou Vandredi Sen an, se li
ki resisite jou Dimanch Pak la epi k’ap viv pou toutan nan laglwa Papa li.
Kominote moun ki mete lafwa yo nan Jezi ki resisite a, se pi gran fὸs nou, nan soufrans avѐk tout lὸt eprѐv lavi a. Jezi voye apot yo dezade pou yo fὸme yon fanmi pou youn kapab bay lὸt lanmen lѐ yo bezwen, kominote ki gen kὸm rѐg salitasyon Jezi ki resisite a: Lapѐ avѐk nou ! Yon kominote ki gen pou devwa pou pote renmen ak solidarite
bay lὸt yo, avѐk fὸs Lespri Sen an.
Pi devan, nan Levanjil la, Toma ke yo rele enkredil la, te gen difikilte
pou l’ kwѐ
ke Jezi resisite e poutan li fѐ yon gwo eksperyans, li rive touche Granmѐt la, li rive santi l’ toupre lavi li, toupre feblѐs li yo, toupre misyon li. Toma te konprann
ke nѐg sa a ki te anfas li a se pa t’ nenpὸt nѐg, men se te Pitit Bondye a ki
te tounen moun nan. Se te Jezi li menm ki te resisite e ki p’ap janm mouri ankὸ.
Nou menm tou, chak fwa nou patisipe nan sakreman yo, nou fѐ menm eksperyans
avѐk Apot yo, nou kapab di nou wѐ Granmѐt la. Nou kapab wѐ mak klou yo nan men li, epi touche bὸ kote li. Espesyalman lѐ li manifeste l’ avѐk Kὸ li epi San li, nou kapab fѐ yon rankont vivan avѐk li e menm jan avѐk Toma, nou kapab deklare byen fὸ: «Sovѐ mwen ak Bondye mwen!»
LAPRIYÈ: Granmѐt
Jezi, nan jou mizerikὸd
sa a, ou ba nou anpil frѐ
ki pou mennen nou fѐ
rankont chak jou avѐk
ou menm ki leve byen vivan an epi avѐk
lὸt
manm nan gran fanmi sa a. Nou di w’ mѐsi
poutѐt
ou toujou rete kote nou nan moman pi difisil nan lavi nou. Mѐsi pou eksperyans vivan sa a
ki fѐ m’ goute lapѐ ou te pote ba nou an; Fè avѐk
tout kominote a, nou rive pwoklame w’ tankou Granmѐt ak Bondye, menm jan ak
Toma. Amѐn
PWOPOZISYON:
Chѐche fѐ eksperyans lafwa avѐk Jezi ki leve byen vivan an, atravѐ sakreman yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario