Koulè Blan
SAMDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Nou pa kapab pa di sa nou wè ak sa
nou tande”.
NAN
TRAVAY APOT YO 4, 13-21
Jou
sa yo:
Lè
chèf prèt yo ak ansyen yo ak skrib yo wè asirans Pyè ak Jan, yo te konnen se
moun ki pa t’ al lekòl, ki pa gen syans, yo sezi; yo te konnen se ak Jezi yo te
konn ye. Yo wè mesye a kanpe avèk yo, sa a ki te geri a, yo pa t’ kapab
demanti. Yo pase lòd pou yo fè yo kite tribinal la; yo fè reyinyon antre yo, yo
di: “Kisa pou nou fè mesye sa yo? Tout moun Jerizalèm konnen mèvèy la yo fè a:
sa klè, nou pa kapab nye l’. Men, pou sa pa al pi lwen nan pèp la, n’ap menase
yo pou yo pa pale o non mesye sa a ankò ak pèsòn”. Yo rele yo, yo deklare yo
pou yo pa janm pale, ni bay ansèyman o non Jezi. Pyè menm ak Jan reponn, yo di
yo: “Si sa kòrèk devan fas Bondye pou nou koute nou pase Bondye, jije sa. Nou
pa kapab pa di sa nou wè ak sa nou tande”. Yo menm menm yo menase yo, yo
ranvwaye yo, yo pa jwenn kijan pou yo pini yo, akoz pèp la; paske tout moun
t’ap fè lwanj pou sa k’ te fèt nan mesye a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
117, 1; 14-15. 16ab-18. 19-21
R/ M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou
koute mwen.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon,
poutèt kè l’ sansib pou tout tan.Fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la, li sèvi
m’ delivrans.Vwa kè kontan ak delivrans nan tant sa yo ki kòrèk yo.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men
dwat Granmèt la leve byen wo; Granmèt la korije m’ byen korije, men li pa lage
m’ nan lanmò.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen, m’ap
antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la. Sa a se pòt Granmèt la, moun ki kòrèk yo ap antre ladan l’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou koute m’, ou sèvi m’ delivrans.R.
LEVANJIL
“Ale, sou tout tè a preche bòn
nouvèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 16, 9-15
Jezi leve granmaten, premye jou
semèn nan, li parèt dabò devan Mari Madlèn, sa l’ te chase sèt demon sot nan li
a. L’al anonse sa yo ki te avèk li a, ki t’ap plenn, ki t’ap kriye. Lè yo tande li te vivan epi Mari
Madlèn te wè l’, yo pa t’ kwè. Aprè sa, li parèt devan de nan sa yo ki t’ap
vwayaje, yo t’a pral andeyò, li te gen yon lòt aparans. Yo menm y’al anonse lòt
yo; men lòt yo pa t’ kwè. Alafen li parèt devan onz yo ki te atab; li repwoche
yo mank lafwa yo ak kè yo ki di, paske yo pa t’ kwè sa yo ki te wè l’ resisite
a. Li di yo: “Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la bay tout kreyati”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi leve vivan,
Alelouya !. Li vivan nan lavi nou, nan chak frè, nan chak sè, k’ap viv
renmen l’ nan, ki mete l’ pi wo pase tout bagay, ki kite se Jezi ki pale nan yo
menm, se pa pouvwa lèzom. Jezi vivan an nou louwe non li. Lwanj pou ou Granmèt,
paske ou koute nou. Granmèt la avèk nou ; fè konpliman pou li pou tout
tan. Tankou nou sot repete nan sòm nan : « M’ap fè lwanj ou, Granmèt,
paske ou koute mwen».
Fòk nou tande Jezi an premye. Se li ki sèl mèt nou. Se li
ki ban nou yon lavi tou nèf. Se pou pataje lavi sa ak lòt. Fè lòt yo konnen
bèlte li, grandè li, jan li bon ak nou. Se poutèt sa li voye n’anonse Bòn
Nouvèl la toupatou sou tè a. Al di frè n’ak sè n’ yo Jezi leve byen vivan, li
se vrè lavi a. Li mande pou nou gen lafwa nan li. San lafwa nou p’ap reyalize
anyen. Si nou gen lafwa, n’ap fè bèl mèvèy tankou Jan ak Pyè. Se pou Bondye
beni nou byen beni.
LAPRIYÈ :
O Bondye Granmèt, nou tou piti devan ou, mèsi poutèt ou rele n’ pou n’ vin
anonse Bòn Nouvèl ou a ; nou mande w’ ban nou plis lafwa ak kouraj pou n’ pa
febli nan travay la, yon fason pou n’ ka louwe non ou depi jodi a e pou tout
tan ki va gen tan. Amèn.
PWOPOZISYON : Ede yon sè,
yon frè konnen Bòn Nouvèl Jezi kri a : se yon pa nan anonse lafwa nan lane
sa pou n’ kapab bati yon kominote kote nou tout se frè ak sè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario