Páginas

VANDREDI 25

Koulè Blan
VANDREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
MAK KI SEN, Evanjelis
Fèt
Koulè Wouj
PREMYE MOSO LABIB
“Mak, pitit mwen an, salye nou”
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 5, 5b-14
Nou menm mwen renmen anpil la:
Nou tout, se pou nou konsidere nou pi ba pase lòt yo paske Bondye reziste moun k’ap leve tèt yo, se sa k’ rabese tèt yo li bay gras la. Konsa se pou nou rabese tèt nou anba men Bondye ki gen pouvwa, pou l’ leve nou nan tan vizit la, renmèt li tout tèt chaje nou, paske se li menm k’ap okipe nou.
Se pou nou kontwole tandans nou, pou nou veye, paske dyab la ki ènmi nou an, li tankou yon lyon k’ap rele, l’ap fè laviwonn, antan l’ap chèche moun pou l’ devore; se pou nou reziste l’ avèk fòs nan lafwa, antan nou konnen se menm soufrans la frè nou yo ki sou tout tè a ap sibi. Bondye tout gras la, li menm ki rele nou nan glwa tout tan l’ nan nan Jezikri, se li menm k’ap fè nou fin bon nèt, aprè nou fin soufri yon ti kras, l’ap asire nou, l’ap rann nou solid.  Konpliman ak otorite pou li pou tout tan gin tan. Amèn.
Pa lentèmedyè Silven mwen konsedere kòm yon frè ki fidèl, mwen ekri yon ti mo tou kout, mwen ankouraje nou, mwen asire nou, sa a se vre gras Bondye a, kote nou ye a.
Legliz la ki rasanble Babilòn nan salye nou, ni Mak, pitit mwen an.  Se pou nou youn salye lòt nan yon bo ki sen.
Gras pou nou tout ki nan Jezikri. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.    
SÒM REPONS 88, 2-3. 6-7. 16-17
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mizerikòd Granmèt la se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen di: “Se pou tout tan mizerikòd la bati”, nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Syèl yo ap fè lwanj pou mèvèy ou, Granmèt, ni verite w’ la nan Legliz sen yo. Paske kilès nan nyaj yo ki egal ak Granmèt la, k’ap sanble ak Granmèt la nan pitit Bondye yo? R.
Ala kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman; Granmèt, nan limyè fas ou y’ap mache,
o non ou y’ap fete tout lajounen, nan jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
LEVANJIL
“Preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN         16, 15-20
Lè sa a: Jezi parèt devan onz yo, li di yo:
“Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati.  Moun k’ap kwè epi k’ap batize, l’ap sove; men moun ki pa kwè, l’ap kondane. 
Men siy pou moun k’ap kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap pran sèpan; menm si yo bwè pwazon, sa p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou malad yo, malad yo ap geri.”
Granmèt Jezi, lè l’ fin di yo sa, li monte nan syèl la, li chita adwat Bondye.
Yo menm menm yo pati, y’ap preche tout kote, pandan Granmèt la ap ba yo konkou, ap asire pawòl yo ak siy l’ap fè rive.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
**OUBYEN YO TA KAPAB LI TEKS SA YO PITO**:
PREMYE MOSO LABIB: TRAVAY APOT YO 4, 1-12
SÒM REPONS: 117, 1-2 e 4. 22-24. 25-27a
LEVANJIL: JAN KI SEN 21, 1-14
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Mak ki Sen. Yon nonm ki te byen zele, byen devwe pou gaye Bòn Nouvèl Renmen Jezikri a tout kote. Li te akonpanye Pòl nan premye vwayaj misyon li ak Banabe.Epi li te travay avèk Banabe.Daprè sa tradisyon Legliz la rakonte, li pa t’ youn nan Apoz Jezi yo, men li te resevwa lafwa a gras a predikasyon Sen Pyè ki rele l’ “Pitit li” nan tèks sa a; sa vle di, se li ki anfante li espirityèlman. Se nan bouch Sen Pyè li te aprann konnen Jezi epi li te kòmanse ekri Istwa lavi Jezikri jan nou konnen l’ nan levanjil ki pote non li an. Li te toujou fè pou sa l’ te tande nan bouch Sen Pyè, li mete yo sou papye yon fason fidèl pou tout moun ki li temwayaj li yo te kapab konnen laverite osijè Jezikri a epi pou transfomasyon limanite. Levanjil la ki se Bòn Nouvèl Bondye kite pou nou epi moun ki te la yo temwaye epi mete yo sou papye, envite nou viv yon lavi ki chita sou renmen, padon ak sèvis. Se sa Pyè te vle pataje nan lèt li, kote l’ mande kretyen yo aji nan imilite tankou moun k’ap sèvi. Se nan ladousè, nan imilite ak nan renmen nou kapab temwaye epi pwoklame Pawòl Bondye a nan mitan mond lan pou kapab genyen yon chanjman radikal. Levanjil la Matye ekri a pale n de gran misyon sa a Jezi te kite pou Apot yo. Yo dwe mete kò yo deyò, san pè anyen pou yo pote Bòn Nouvèl la bay tout moun:Se bòn nouvèl renmen Bondye pou limanite, laviktwa lavi sou lanmò, lesperans ki dwe abite nou kòm moun, paske yon jou nou gen pou n’ rive kote Bondye li menm li ye a. Jezi monte nan syèl pandan li bay disip li yo pouvwa batize moun, fè moun yo rantre nan nouvo lavi sa a avèk Bondye, nan nouvo relasyon avèk lòt yo ki chita sou renmen, respè, padon, tèt ansanm ak pataj.Sa ki enteresan nan levanjil la, se lè Matye fè nou konnen Bondye te toujou la avèk yo nan travay apostolik yo. Bondye toujou ap aji nan yo menm pa lantremiz Pitit li a. Jezi ki resisite a ap viv nan mitan moun ki kwè nan li yo, l’ap aji nan yo pou kontinye travay liberasyon l’ te kòmanse fè nan limanite a; travay pou moun yo chanje kè yo, geri malad yo, lapriyè pou delivre moun ki anba pouvwa fòs mal la, se tout sa moun ki kwè nan Jezi yo dwe kontinye fè nan sosyete kote y’ap viv la.Nan mond n’ap viv jodi a, nou gen pou n’ travay pou moun kapab vin plis moun, pou vyolans kapab sispann nan fanmi yo, nan kominote nou yo, pou moun kapab dekouvri vre valè moun nan, pou moun kapab respekte diyite moun, pou n’ kapab gen yon sosyete plis solidè, pou n’ akonpanye pòv yo, moun ki abandone yo. Se pou n’ kite fòs Lespri Granmèt la oryante n’ epi gide lavi nou, dekwa pou nou rive gaye Bòn Nouvèl liberasyon an nan tout kwen sou fas tè a.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, ede nou menm jan avèk Evanjelis Mak, toujou chofe nan kesyon travay levanjil la. Ede n’ toujou yon siy esperans pou tout moun nan kominote n’ap viv ak nan kote n’ap travay la. Amèn.
PWOPOZISYON: Pataje Bòn Nouvèl la bay moun yo nan lokalite nou wè ki pi nan nesesite yo. Fè travay apostola, vizite ak lapriyè pou malad yo lakay yo, oubyen pran swen timoun ki òfelen yo nan zòn kote nou rete.

No hay comentarios:

Publicar un comentario