Páginas

DIMANCH 11

Koulè Blan
KATRIYÈM DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Bondye fè l’ Granmèt ak Kris».
LEKTI TRAVAY APOT YO 2, 14a. 36-41
Jou Pannkot la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare:
«Sètènman se pou tout kay Izrayèl la konn sa, Bondye fè l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou te kloure sou kwa a».
Lè yo tande pawòl sa yo, yo pran lapenn nan kè yo, yo di Pyè ak lòt Apot yo: «Ki sa pou nou fè, mesye frè nou yo»? Pyè menm di yo: «Se pou nou konvèti, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi, pou padon peche nou yo, n’a resevwa kado Lespri Sen an. Sèke, se pou nou pwomès la ye, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki lwen yo, tout sa Granmèt Bondye nou an rele yo».
Ak anpil dòt pawòl ankò li t’ap sèvi temwen, li t’ap ankouraje yo, li t’ap di: «Sove lavi nou sot nan jenerasyon sa a ki move a». Moun yo ki te resevwa pawòl li a, yo batize. Jou sa a te gen apeprè twa mil moun ki vin tounen disip.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5-6
R/ Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Oubyen: Alelouya.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nanm mwen.R.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sa yo k’ap fè m’ pase tray la;ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak mizerikòd k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Nou vire vin jwenn gadyen nanm nou yo».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 2, 20b-25
Nou menm mwen renmen anpil la:
Si nou fè sa k’ byen, epi n’ap sipòte avèk pasyans, se yon gras sa ye kot Bondye. Sèke se nan sa yo te rele nou, paske Kris la tou te soufri pou nou, antan li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li yo.
Li menm ki pa t’ fè peche, yo pa t’ jwenn riz nan bouch li; li menm, malgre yo te ba l’ madichon, li pa t’ bay madichon; malgre li te soufri, li pa t’ fè menas, okontrè li te renmèt tèt li bay moun ki t’ap jije l’ avèk enjistis; li menm ki pote peche nou yo nan kò l’ sou bwa a, pou nou kapab mouri parapò a peche yo pou nou viv parapò a jistis la: li menm ki geri nou avèk blèsi li yo.
Sèke nou te pèdi wout tankou mouton, men nou tounen vin jwenn gadyen ak responsab nanm nou yo koulye a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Mwen se pòt mouton yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 1-10
Lè sa a Jezi di:
«Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki pa pase nan pòt la pou 1’ antre nan pak mouton yo men ki monte yon lòt kote, moun sa a se yon vòlè ak yon asasen. Men moun ki antre nan pòt la, se gadyen mouton yo. Moun sa a gad baryè a louvri pou li, mouton yo koute vwa l’, mouton pa l’ yo, li rele yo sou non yo chak, epi li fè yo sòti. Lè l’ fin met pwòp mouton pa l’ yo deyò, li sòti devan yo, mouton yo suiv li, paske yo konnen vwa l’; men yo pa suiv yon etranje; okontrè yo sove pou li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo».
Jezi di yo pwovèb sa a; men yo menm yo pa t’ konnen ki sa li t’ap pale yo a.
Konsa Jezi di yo ankò: «Amèn, amèn, mwen di nou, mwen se pòt mouton yo. Tout kalite moun ki te vini yo, se vòlè ak asasen, mouton yo pa t’ koute vwa yo. Mwen se pòt la. Si yon moun antre pa lantremiz mwen, l’ap sove, l’ap antre, l’ap soti, l’ap jwenn manje. Vòlè a pa vin fè lòt bagay pase vòlè, touye, detwi.Mwen menm mwen vini pou yo jwenn lavi, pou yo jwenn li an kantite».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nou rive nan Katriyèm dimanch tan Pak Ane A. Sa fè kat semèm depi kè nou ranpli ak lajwa! Paske Jezi yo te touye a li leve byen vivan sòti nan lanmò. Tonbo a vid. Lavi triyonfe sou lanmò. Sa a se viktwa Jezi, se viktwa patizan Jezi yo, se viktwa pa  nou. Nou gen posilblite vanse pou pi devan, pòt syèl la louvri pou nou.
Jounen jodi a, kote Legliz la ap priye pou vokasyon, Jezi ke nou konnen ki se Bon Gadyen an, l’ap revele nou li se pòt mouton yo. Nou menm ki se mouton li, li vle nou fè atansyon ak vwa li, li envite nou koute tout vwa k’ap rele nou pou nou kapab idantifye vwa li pami tout vwa k’ap rele nou jodi a. Gen vwa richès materyèl, vwa lajan, vwa plezi, vwa banbòch, vwa lagè, vwa rayisans, vwa gran dizè, vwa tripotay, vwa mansonj, elatriye. Tout vwa sa yo, se vwa volè a, se vwa asasen an, vwa lènmi an. Volè a pa vin fè lòt bagay pase touye, detwi. Konsa Jezi envite nou koute li, paske se li menm ki p’ap detwi nou, se li menm ki p’ap touye nou. Okontrè li menm, li vini pou nou jwenn lavi, pou nou jwenn li an kantite (Jan 10, 10).
Bon Gadyen an toujou ap veye sou mouton li yo, li konnen vwa mouton yo epi mouton yo rekonèt vwa li. Gen yon rapò ant vwa nou ak vwa Granmèt la ak konsyans nou. Kè nou makonnen ak Bondye. Gen yon kote ki fè «eko» nan nou, vwa sa a se mistè Lespri Sen an nou te resevwa a. Bondye te kreye nou selon pòtre li pou nou te sanble ak li, men peche orijinèl la te defigire nou, li te fè nou sanble moun ki pèdi, ki egare. Malgre sa nou gen yon kòd ki mare nou ak Bondye, pitit la kapab tande vwa Papa a. Lanmou ki debòde nan kè Jezi a ansanm ak lanmou Bondye papa  a vin transfòme kalis vyolans lèzòm pou fè li tounen yon kalis benediksyon. Finalman Bondye rele nou pou nou pran yon nouvèl direksyon, direksyon lanmoun, mizerikòd ak tandrès. An nou mande lagras pou nou kapab tande vwa Granmèt la nan fon kè nou, vwa konsyans la.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, kondui nou nan fanmi kè kontan syèl la, pou feblès bann mouton yo rive kote fòs Gadyen an deja rive a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Ki vwa mwen koute, èske se vwa Bon Gadyen an, oubyen vwa vòlè a?

No hay comentarios:

Publicar un comentario