Páginas

LENDI 12

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Konsa nasyon yo tou Bondye ba yo gras pou yo konvèti vin nan lavi a».
LEKTI TRAVAY APOT YO 11, 1-18
Jou sa yo:
Apot yo ak frè yo ki te nan Jide a, yo tande kijan nasyon yo te resevwa pawòl Bondye a tou. Konsa lè Pyè monte Jerizalèm, moun ki te sot nan sikonsizyon yo, yo fè diskisyon kont li, y’ap di: «Pouki sa ou antre kay moun ki pa fè sikonsizyon, ou manje avèk yo»? Pyè menm kòmanse, li ekspoze yo jan bagay la te pase, antan l’ di:
«Mwen te nan vil Jope a, mwen t’ap lapriyè, mwen wè vizyon antan m’ sòti an espri, se yon veso ki t’ap desann, tankou yon gran n’ap, yo te soutni kat kwen yo nan syèl la; li rive jous kote m’.Pandan m’ap ekzamine bagay sa a anndan kè m’, mwen wè bèt kat pat tè yo, ak zannimo, ak bèt k’ap glise atè yo, ak zwazo syèl yo.
Mwen tande yon vwa k’ap di m’: «Leve, Pyè: touye epi manje». Mwen di: «Pa ditou, Granmèt, paske bagay ki sal, ki pa pwòp, pa janm antre nan bouch mwen».Vwa a reponn yon dezyèm fwa sot nan syèl la: «Sa Bondye pwòpte, ou menm pa di li sal». Bagay sa a fèt twa fwa, epi tout bagay ramase ankò nan syèl la:
Menm lè a gen twa mesye ki parèt nan kay la, kote mwen te ye a, yo te voye yo depi sot Sezare vin kote m’. Espri a menm di m’ pou m’ ale avèk yo san ezite. Sis frè sa yo tou vin avèk mwen, nou antre nan kay mesye a. Li rakonte nou kijan li te wè yon zanj nan kay li a ki kanpe, ki di l’: «Voye al Jope, fè chèche Simon, sa yo rele Pyè a; 1’a deklare ou pawòl k’ap fè ou sove ou menm ak tout kay ou».
Men kon m’ kòmanse pale, Lespri Sen an tonbe sou yo, tankou li te fè nan nou nan kòmansman.Mwen vin sonje pawòl Granmèt la, jan l’ te di: «Jan te batize nan dlo, nou menm menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm. Si Bondye ba yo menm favè li te ba nou an, nou menm ki te kwè nan Granmèt Jezikri a, mwen menm menm ki sa m’ te ye pou m’ te kapab jennen Bondye a»?
Lè yo tande sa, yo pe bouch yo; yo fè lwanj Bondye, y’ap di: «Konsa ni pou nasyon yo tou Bondye fè yo favè pou yo chanje chemen vin nan lavi a».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 41, 2-3; 42, 3. 4
R/ Nanm mwen swaf kote ou, Bondye ki vivan an.
Oubyen: Alelouya.
Tankou yon mouton ki anvi al nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye. Nam mwen swaf kot Bondye, Bondye vivan an, kilè m’a prale, pou m’ parèt devan fas Bondye? R.
Voye limyè ou la ak verite ou la; se yo menm k’ap kondui m’, k’ap mennen m’, sou mòn ou ki sen an, ak nan tant ou a.R.
LEVANJIL
«Bon gadyen an bay lavi l’ pou mouton l’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 11-18
Lè sa a Jezi di:
«Mwen se bon gadyen an. Bon gadyen an bay lavi l’ pou mouton l’ yo. Men anplwaye a ak sa a ki pa gadyen an, sa mouton yo pa pou li a, lè l’ wè lou a ap vini, li kite mouton yo, li sove kò l’, lou a menm devore mouton yo, li gaye yo. Men anplwaye a menm sove konsa, se paske se anplwaye li ye epi li pa okipe mouton yo.
Mwen menm mwen se bon Gadyen an, mwen konnen sa k’ pou mwen yo, sa k’ pou mwen yo konnen m’ tou. Jan Papa a konnen m’ epi mwen konnen Papa a, epi mwen bay lavi m’ pou mouton m’ yo. Men gen dòt mouton, ki pa nan patiraj sa a, yo menm tou mwen gen pou m’ mennen yo, y’ap koute vwa m’, ap vin gen yon sèl patiraj ak yon sèl gadyen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: N’ap medite sou de (2) eleman nou jwenn nan Pawòl Bondye pou jodi a: se atitid Pyè epi Jezi bon Gadyen an.
Nou wè Pyè k’ap bay eksplikasyon pou kisa li te nan kontak ak moun ki pa sikonsi. Se vrèman atitid yon bon lidè, ede moun yo konprann sa ki pase. Li te ka pran pòz li se chèf, li pa gen anyen pou li di a pèsonn, men li koute vwa sajès la ki envite li retire moun yo nan dout. Alafen moun yo kontan, paske yo te twouve yo nan repons Pyè te ba yo a epi yo te konprann tou pawòl Bondye a pa pou sèlman yon kategori moun, men se pou tout moun. Nou ka konprann nan ka sa a kòman laverite a kapab ede nou viv nan amoni ak kè kontan youn ak lòt. Depi yon kote bagay yo pa klè se divizyon ki reye, se zizani, se chire pit, se konfizyon. Pou nou evite sa a, li bon pou nou klè nan relasyon nou yonn ak lòt, kit nou se chèf oubyen yon moun ki fè pati yon gwoup.
Nan levanjil la nou wè Jezi ki prezante tankou bon Gadyen an. Bon gadyen an, se moun ki gen sousi pou tout mouton antre nan patiraj la epi veye pou lou pa vin devore yo. Li prèt tou pou li mouri pou mouton li yo. Sa fè nou konprann nan lavi sa a nou dwe genyen sans responsabilite epi prèt pou nou fè sakrifis pou responsabilite nou. Responsabilite nou nan Legliz la, se travay pou ede lòt yo viv lafwa yo pi byen epi bay bon temwanyaj. Yon lòt kote Jezi di nou tou l’ap travay pou tout mouton ki pa nan patiraj la rive antre ladan l’. Sa montre nou aklè misyon nou genyen pou nou fè patizan pou Jezi. Sè m’ ak frè m’ yo, nan mond jounen jodi a genyen anpil moun ki poko tande pale de Jezi oubyen ki pa kwè nan li. Konsa nou ka konprann gwo travay nou gen pou nou fè. Se yon travay nou gen pou nou fè chak jou nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt paske mwen konnen ou se Bon Gadyen an ki la k’ap veye sou mwen. Ede m’ tounen yon bon gadyen pou lòt yo.Amèn.

PWOPOZISYON: Pandan jounen an m’ap pale ak yon moun ki pa kwè nan Jezi, Bon Gadyen an ki bay lavi li pou nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario