Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Yo t’ap pale ak Grèk yo tou, yo t’ap
anonse yo Granmèt Jezi».
LEKTI TRAVAY APOT YO 11, 19-26
Jou
sa yo:
Sa
yo ki te gaye akoz tray la, ki te rive sou Etyèn nan, yo travèse jous Fenisi,
Chip ak Antyòch, san yo pa deklare pawòl la bay pèsòn, sof Juif yo sèlman. Kèkzen
nan yo te moun Chip ak Sirèn, konsa lè yo rive Antyòch, yo te pale ak Grèk yo
tou, yo te anonse yo Granmèt Jezi. Men Granmèt la te avèk yo, anpil kantite
moun ki kwè vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy Legliz la ki Jerizalèm
nan, osijè bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’ rive, li wè gras
Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan bon dispozisyon kè
yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen ak Lespri Sen ak
lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la. Banabe pati al Tas, pou l’ chèche Sòl;
lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch.Yo rete pandan tout ane a la nan Legliz
la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen pou premye fwa yo rele disip Antyòch
yo kretyen».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS
86, 1-3. 4-5. 6-7
R/
Fè lwanj
Granmèt la, tout nasyon yo.
Oubyen: Alelouya.
Fondasyon l’ yo sou mòn yo ki sen
yo; Granmèt la renmen pòt Siyon yo pase tout tant Jakòb yo.Y’ap di bèl bagay
sou ou, vil Bondye a.R.
M’ap sonje Raab ak Babilòn pami sa
yo ki konnen m’ yo; men Filisti ak Ti avèk Etyopi, sa yo fèt isit la. Osijè
Siyon, y’ap di: «Sa a ak sa a fèt ladan l’, Sa a ki anwo nèt la rann li fèm».R.
Granmèt la ekri nan liv pèp yo: «Sa
yo fèt isit la».Y’ap chante tankou moun k’ap kondui gwoup dans: «Tout sous mwen
yo nan ou».R.
LEVANJIL
«Mwen menm
ak Papa a nou fè yon sèl».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 22-30
Se
te fèt konsekrasyon Tanp la Jerizalèm, se te tan frèt. Jezi t’ap
mache nan Tanp la, nan pòtay Salomon an. Juif yo antoure l’, yo t’ap di l’: «jouskilè
w’ap kenbe souf nou kout? Si
ou se Kris la, di nou sa klè».Jezi reponn yo: «Mwen pale ak nou, nou pa kwè.
Travay yo mwen fè o non Papa m’ nan, se yo menm ki sèvi m’ temwen. Men nou pa kwè,
paske nou pa fè pati bann mouton m’ yo. Mouton m’ yo tande vwa m’, mwen konnen yo, yo suiv mwen, mwen
ba yo lavi tout tan an, yo p’ap peri tout tan, pèsòn p’ap wete yo sot nan men m’.
Papa m’ daprè sa l’ ban mwen, li pi gran pase tout moun, pèsòn pa kapab wete
anyen sot nan men Papa m’. Mwen menm ak Papa a nou fè yon sèl».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan temwayaj lavi li Jezi te montre li se
Pitit Bondye, men gen moun ki pa t’ rive kwè, tankou jwif yo ki t’ap doute: «Si
ou se Kris la di nou aklè». Sa rive nou tou jouska prezan nan lavi a, malgre
n’ap mache Legliz, nou gen dout. Dout ki fè nou fè sa nou pa dwe fè, aji jan
nou pa ta dwe aji. Jezi di nou li menm ak Papa li fè yon sèl, yon fason pou
asire nou li menm tou se Bondye, paske li fè yon sèl ak Papa li. Deklarasyon sa
a se yon fason pou li retire nou nan dout, pou nou kwè li se Bondye.
Aprè Lanmò ak leve byen vivan, apot yo tap mache
anonse Bòn nouvèl sa a. Genyen anpil moun ki te koute, tankou Grèk yo, epi ki
te konvèti. Lespri Sen an te manifeste nan moun sa yo.Nou ka konprann kote
pawòl Bondye a ap preche, Lespri Sen an la pou li akonpanye nou epi ban nou
fòs.Yo di nou nan premye lekti a Antyòch se kote yo te rele patizan Jezikri yo «kretyen»,
yon non nou tout genyen. Sa montre nou Bondye fè travay li jan li vle.Nou se
kretyen, ki vle di patizan Kris la, ki vle di tou nou dwe viv tankou kris la.
LAPRIYÈ : Se pou pèp ou a toujou fete, Bondye, ak
nanm li ki refèt tou jèn, konsa li menm ki kontan koulye a poutèt yo renmèt li
glwa pitit adoptif la, l’a tann jou rezireksyon an avèk espwa rekonpans ki
sèten an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Bondye Papa ou fè nou
gras pou nou sonje nou se kretyen, ki vle di patizan Kris ; kidonk nou dwe
viv chak jou tankou Jezi Kri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario